Yon 17 oktòb konsa, yon gwo konplo te tabli sou do tout yon nasyon.

Yon bann asasen t apral fè dlo koule nan je yon pèp. Yo t apral rache nanm yon nasyon ki te pase plizyè ane ap batay pou l soti anba esklavaj.

Yon 17 oktòb konsa, yo pran li, yo vide l atè, yo rache l, yo imilye l, epi yo lage kò l nan lari, ti kal pa ti kal.

Yon ewo. Yon brav sòlda. Yon lidè. Yon senbòl libète. Yon nonm ki te pote rèv yon nasyon sou zepòl li.

Yon 17 oktòb konsa, yon rèv t apral pran yon gwo kou.

Se nan mitan tout doulè sa a nou jwenn pawòl ki di: «Se depi nan Ginen ti nèg rayi ti nèg.» Yon pawòl ki kontinye ap sikile jouk jounen jodi a, tankou yon chenn envizib k ap kenbe nou nan divizyon. Epi, malerezman, pafwa se pwòp konpòtman nou ki fè nou sanble bay pawòl sa a rezon.

Nèg yo mechan.
Nèg yo kriminèl.
Nèg yo san etik.
Nèg yo san kolòn vètebral.

Men, èske se vrèman sa nou te merite kòm sò?  èske se yon imaj istwa, divizyon ak enterè lòt moun te vle kite pou Nou?

Desalin pa t merite yon sò konsa. Li pa t dwe sibi yon fen konsa.

Jodi a, anpil peyi etranje etidye Revolisyon Ayisyen an, sèvi ak leson listwa li, epi konstwi pwòp vizyon pa yo sou libète, souverènte ak endepandans. Pandansetan, nou menm, pitit tè sa a, nou toujou ap lite pou nou konprann tout dimansyon eritaj nou.

Mwen pè, e mwen pa konnen si mwen twonpe m, lè m panse gen anpil Ayisyen ki pa konnen sa ki te pase nan istwa Desalin, ni tout konsekans zak sa a sou avni peyi nou.

Nou pèdi yon pati nan diyite nou.
Nou pèdi espwa.
Nou neglije edikasyon ayisyen.
Nou kite peyi nou degrade.
Epi jodi a, gen Ayisyen ki rive santi yo tankou etranje nan pwòp lakou eritaj yo.

Yon 17 oktòb konsa, listwa te kite yon mak pwofon nan nanm yon pèp.

Men, listwa pa dwe sèvi sèlman pou fè nou kriye. Li dwe sèvi pou reveye konsyans nou, pou aprann nou, pou rasanble nou, epi pou ede nou pa repete menm erè yo.

Nou p ap bliye, Anperè Jean-Jacques Dessalines!

N ap kontinye etidye, transmèt epi fè limyè sou ideyal ou yo: libète, endepandans, diyite ak souverènte.

Jiskaske chak Ayisyen konprann valè peyi sa a, valè san zansèt nou yo te koule, ak responsablite nou genyen anvè jenerasyon k ap vini yo.

Paske ou te panse pou jenerasyon ki t ap vini yo, pou yon pèp ki pa t dwe janm retounen anba chenn esklavaj.

Ayiti pa dwe mouri nan men pitit li yo.

Desalin asasinen se vre men kesyon Mwen pou Nou èske n ap kite yo asasinen Nou tout jodo a? Kisa nou menm, pitit li yo, n ap fè ak libète li te ban nou an?

*Libète oswa lanmò*
*Diyite oswa soumisyon*
*Inite oswa disparisyon*

Ann pa janm bliye gwo sakrifis Papa Nou Jean Jacques Dessalines te fè pou Nou.

*Jesusita Dante Maria SÉNAT*
Potansyèl kandida pou pòs Depite nan TABA