Pa Anbasadè Stanley Lucas

Roudy Sanon potpawòl Pierre Espérance sou YouTube deklare Samdi 9 Mai ke Pierre Espérance gen nan men li ti kanè kote Prézidan Jovenel Moïse te konn ékri tout sal lap réglé kòm chèf léta. Pou tande Roudy Sanon tape la 👇🏿:
https://youtu.be/vS9XTnUuHg8?si=hxETYvcLsiHo-cuX

Kanè kote Prezidan Jovenel Moïse ekri tout sekrè léta se yon dokiman sekirite nasyonal pou péyi dayiti ke nenpòt ki moun ki pa otorize pa gen dwa gadé. Anplis, kòm prezidan an mouri asasinen kanè sa reprezanté yon pyès a konviksyon santral nan ankèt pou idantifye kiyès ki touyé prezidan an. Sonje asasen yo tap chaché dokiman nan kay la apré asasen yo touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021.

Apré nouvèl grav sa pran lari tout moun sézi. Pèp la mandé kòman fè kanè ki te lakay prezidan an lè yo touyel rive fè nan men Pierre Espérance? Nan lari a pèp la lanse operasyon chaché kanè prezidan an.

Fas a reyaksyon jeneral andedan péyi dayiti e diaspora a, Pierre Espérance fè 2 bagay:

1- Li bay yon konferans de strèss kote li bay manti lendi 11 Mai lè li di kopi kanè sekrè Prezidan Jovenel Moïse te sou rézo sosyo yo dépi 2022, se la li jwen li. Pèsonn pa jwen kopi kanè prezidan an sou oken rézo sosyo sòti 2021 rive jodia Mai 2026. Tout moun dekouvri se manti Esperance bay lè li di sa. Pou tandé Espérance kap bay manti sa, tape la 👇🏿:
https://youtu.be/dDs0oGydnq4?si=5hRf0ttz-2P31Urg

2- Lè Pierre Espérance wè manti a pa mòde li fè kouri bwui ke jounalis Valery Numa ak dwazimen Marie Yolène Gilles te jwen ti kanè a tou sou rézo sosyo yo tou. Lè nouvèl sa sòti jounalis Robens Telfort palé ak 2 moun sa yo ki konfime yo pa janm jwen okenn kanè prezidan sou rézo sosyo.

Gen 2 lòt bagay ki agravé ka Esperance. Pwosè vèbal 4 paj jij de pè fè kay prezidan an montre asasen yo volè telefon prezidan an e ti kanè a pa nan 4 paj pwosè vèbal konsta a.

Dezyèm bagay ki agravé ka Esperance nan yon interview li fè nan mwa Jiyè 2021 ak Valery Numa li te gentan di lapolis ak otorite jidisyè yo rekonèt ke asasen prezidan an volè yon pakèt dokiman.

Lè Pierre Espérance melé vré li tcheke zanmi li Morvan pou bay manti pou li kòmkwa se polisye DCPJ ki te gen kanè a. Yon bagay ki pa vre. Se asasen Jovenel Moïse yo ki volè kanè a ak telefon prezidan an. Yal esayé melé ansyen jounalis radyo Zenith la Wendy Phèle pou sove tèt li. Sa pa maché. Istwa li rakonte bay Morvan pou li répété pa kadre a sa Espérance te di Valery Numa an Jiyè 2021.

Li twò ta pou Esperance. Morvan mèt di sa li vlé, envanté istwa pou li, li pap ka sove Pierre Espérance ki bay manti e li gen kanè Prezidan Jovenel Moïse nan men li dépi 58 mwa.

Samdi 15 Jiyè Roudy Sanon pral antrave Pierre Espérance pirèd lè li di kanè ki gen tout sekrè Prezidan Jovenel Moïse se yon jij enstriksyon ki bay Ti Pyè kanè a. Se yon lòt manti paske kanè a pat nan konsta jij de pè ki te fè konsta kay prezidan an 7 Jiyè 2021. Tandé manti ki fèt jodia 15 Mai 2021, tape la 👇🏿:
https://www.facebook.com/share/r/14dFzLTx7in/?mibextid=wwXIfr

Lajistis, Patrick Pelissier, komisè pòtoprens Fritz Patterson Dorval ak lapolis poko janm réaji ni poze okenn aksyon. Se tankou yap pwoteje kriminèl. Aloske 7 Jiyè 2021 lè menm sitiyasyon sa te poze avèk premye minis Ariel Henry komisè gouvènman pòtoprens Bedford Claude te ekri Digicel. Sa te bay bon rezilta. Lajistis te jwen Ariel ki te nan otèl Montana tap pale ak Felix Badio Joseph ki te kay prezidan an. Poukisa komisè gouvènman Dorval pou mande releve telefonik tout apèl Espérance fè ant 1er e 30 Jiyè 2021, nom moun li palé, pozisyonnman GPS, SMS, mesaj WhatsApp, odio, video ak foto? Pèp la tap kontan anpil demach sa pou jwen laverite e retire dout.

kòm rapèl pa bliyé kiyès ki Pierre Espérance:
-Se Pierre Espérance ki fè manipilasyon jidisyè pou Boulos nan zafè siwo anpwazone Pharval ki touyé 200 timoun. Aprésa kòb konpayi asirans te bay pou fanmi yo li remèt yo sèlman 2 mil 400 dola a chak fanmi sou 2 zan epi kenbe rès kòb la, pou plis detay, tape la 👇🏿:
https://ayibopost.com/pharval-s-a-et-plus-de-200-enfants-morts-quen-est-il-22-ans-apres/

-Se Pierre Espérance ki fè fo dosyé avèk Sonèt Jean Francois (UCREF) pou sabote kandidati Jovenel Moïse pou prezidan. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/PnsXTVhK7_U?si=NMIWI0bHY5Sps5IG

-Se Pierre Espérance ki te mandé chèf gang Barbecue touyé Marie Yolène Gilles pou li epi an echanj lap rétiré nom Barbecue nan dosye violasyon dwazimen, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/oMmIvvNhJBo?si=qmglNFqPTheeC8_j

-Se Pierre Espérance ki manipile dosyé la saline ak jij Jean Wilner Morin et André Michel pou achté manda ilegal nan men jij kriminèl Jean Roger Noëlcius. Se ak manda ilegal sa solda mèsenè asasen kolonbi pral touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021

-Se Pierre Espérance apré koudeta pou touyé Prézidan Jovenel Moïse pou Vorbe yo nan Tibwa deklare jij kriminèl kasasyon Ivickel Dabrésil ak 17 lòt pouchis lapolis arété se prizonye politik. Epi jodia lap chanjé langaj. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/rkWiAtWJzRw?si=j6g0LBdiGcnEoeH4

-Se Pierre Espérance ki fè deskripsyon e bay anpil détay sou kijan asasen yo touyé Prézidan Jovenel ki pa parèt okenn lòt kote menm nan tribinal federal Miami. Tandé la 👇🏿:
https://youtu.be/IKL_TwldtBE?si=z2ej-DubhxLm1JjM

-Se Mario Andrésol ki montré jan Pierre Espérance enstrimantalize lapolis (DCPJ) ak lajistis. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/R7EVlS3U8xU?si=4e42JRIJkATdOSxe

-Pierre Espérance reyinyon ak kriminèl CTU yo men li di se te pou evalye deriv gouvènman Prezidan Jovenel Moïse. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtube.com/shorts/gownX4729OY?si=gYfyAUNa17eBj5xT

-Pierre Espérance se chèf kanpay denigreman pitit prezidan an Joverlein Moïse e madan prezidan an Martine Moïse. Men 2 egzanp, tape sou 2 link sa yo:
a. https://youtu.be/QIueHX3CFEg?si=_RxZhqmnFs80PNsR
b. https://youtu.be/cLVSFzU1v9g?si=FnGosEO2o-4NGZTG

-Se Pierre Espérance kap pwoteje Youry Chevry ak tout fondatè òganizasyon teworis Fantòm 509. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/_7qDco4Kaoc?si=C7cTAg1oIjkT3kQe

-Se Pierre Espérance ki al devan kongrè meriken pou di Ayiti pa bezwen lamé. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/yBJjT2winL8?si=DV8m-Snoalh1Y0Os

-Se Pierre Espérance ki tal fè montaj nan DCPJ e nan pouvwa jidisyè a pou fè tantativ pou detwui jounalis Guerrier Henri. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://x.com/boukantelapawol/status/1951721315695555034