Pa anbasadĂš Stanley Lucas
Asasen yo bay manti toupatou an Ayiti e aletranje pou yo te ka rivĂ© touyĂ© Prezidan Jovenel MoĂŻse. Yo tĂšlman bay manti Prezidan Jovenel MoĂŻse pou sal karaktĂšl ke li te eksplike kijan kriminĂšl yo ki fĂš pati de sistĂšm nan dyabolizel ak kout manti poutĂšt li pran kĂČb lĂ©ta pou bati wout, konstwui lekĂČl pou pitit pĂšp la, mete kouran, Ă©dĂ© agrkilti, fĂš baraj marion, konstwui aewopĂČ Jeremie, lopital Ofatma PodepĂš elatrye. Tout manti sa yo sou do Prezidan Jovenel se paske li rĂ©fizĂ© remĂšt kĂČb leta bay oligak ak politisyen abolocho, anakopopilis ki restavĂšk oligak. Tande jan prezidan tap eksplike sa tape la đđż:
https://youtu.be/qczKnPy-Wt0?si=FKumv7VnNKuURG5f
Jodia oligak, politisyen kriminĂšl yo ak restavĂšk 100 mil goud pansĂ© yo ka rekĂČmanse bay manti ankĂČ pou lajistis pa marĂ© yo pou krim odye yo fĂš 7 JiyĂš 2021 kont nasyon an. Yo pansĂ© ak kout manti yo rekĂČmanse yo ka rive touyĂ© Martine MoĂŻse menmjan yo touyĂ© PrĂ©zidan Jovenel. Yo twonpe yo. Yap resi pran bwa kalĂ©.
KriminĂšl ki touyĂ© prezidan an ap esayĂ© diskredite tout verite teknik, syantifik kap sĂČti nan tribinal federal Miami. PrĂšv sa yo lonje dwĂšt sou plizyĂš kriminĂšl SDP, lavalas, Verite-Inite, pitit Dessalines, ansyen prezidan ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel e tire PremyĂš Dam Martine MoĂŻse 7 JiyĂš 2021.
Je pĂšp la kale manti ak montaj kriminĂšl yo pare, envante pap kapab ateri. Montaj ak teyat kriminĂšl yo tap prepare ak jij koupyon kou dapĂšl pĂČtoprens e sipĂČ Pierre EspĂ©rance, AndrĂ© Michel, Kato pap pasĂ©. Majistra ki konnen Denis Cyprien byen gentan di li se pi gwo volĂš tĂš nan vivi michel. Yo ajoutĂ© koripsyon Denis Cyprien nan dosye asasina Prezidan Jovenel MoĂŻse ka menm rive kreye yon levekanpe nan mitan jij yo e nan mitan pĂšp la kont lajistis ke yo wĂš ki pouri e kriminĂšl.
Lajistis patisipe nan touye prezidan an e tire premyĂš dam nan. Gen 9 jij ak 2 komisĂš gouvĂšnman ki enplike nan krim nan.
Nivo teknik e syantifik tribinal federal Miami kap mĂ©tĂ© tout kakachat deyĂČ enĂšve asasen yo. Tout prĂšv blayi nan tribinal la, kopi mesaj WhatsApp, foto, video, sms, odyo, dokiman, rapĂČ doktĂš elatrye ki idantifye kriminĂšl yo avĂšk presizyon e sĂštitid. Sa deranje asasen yo anpil.
Pou lapremyĂš fwa dĂ©pi 57 mwa asasen yo gen tĂšt fĂšmal yo paka dĂČmi. KĂš yo sou biskĂšt. Yo wĂš lajistis a machĂ© sou yo.
Temwayaj doktĂš Steve Kalandyak ki opere PremyĂš Dam Martine MoĂŻse plizyĂš fwa nan Jacksonville hospital nan Florida nan tribinal federal Miami ki bay laverite fĂš kriminĂšl yo anraje. DoktĂš sa eksplike bay Jij Jacqueline Becerra konbyen bal Martine MoĂŻse resevwa. Li bay tout dĂ©tay sou dega bal sa yo fĂš sou kĂČ li. Li eksplike jiskasprezan 57 mwa aprĂ© ansyen premyĂš dam nan toujou gen plizyĂš moso bal nan kĂČ li ke yo poko ka rĂ©tirĂ© poutĂšt konplikasyon medikal. Temwayaj doktĂš Kalandyak fĂš pĂšp la wĂš kalte manti pwopagandis asasen yo tap fĂš nan radyo.
Pwopagandis 100 mil goud kap travay pou bay manti pou oligak ak politisyen kriminĂšl ki touye prezidan anraje. Yo pat janm pansĂ© ke veritĂ© sa tap sĂČti yon jou nan yon tribinal. DayĂš pou kriminĂšl sa yo Martine pat dwe vivan.
John Joel Joseph eksplike tou nan tribinal federal Miami koman pastĂš Christian Emmanuel Sanon anraje sou li lĂš li aprann Martine vivan toujou malgrĂ© li resevwa plizyĂš bal. Temwayaj nan tribinal la revele tou jan PastĂš Christian Emmanuel Sanon te enĂšve paske kanpay manti li te mandĂ© fĂš kont Martine nan radyo potko kĂČmanse. Sa te tĂšlman enĂšve pastĂš Sanon ke John Joel Joseph di li fĂšmen telefon nan sou li. Anpil moun sĂ©zi lĂš yo tande temwayaj sa nan tribinal la kote yo wĂš jan pastĂš Sanon kriminĂšl.
AprĂš krim nan asasen yo te pansĂ© yo te ka rekĂČmanse bay manti nan mikro radyo epi sĂšvi ak kĂšk jij koupyon e kriminĂšl nan pouvwa jidisyĂš a pou rekĂČmanse detwui moun an Ayiti. Yo chire! Asasen yo te pansĂ© aranjman ak manipilasyon yon kriminĂšl tankou Esperance nan radyo e kapasite manipilasyon li genyen nan lajistis tap sifi pou Ă©dĂ© kriminĂšl yo. Yo chire!
Violans, manti nan radyo ak manipilasyon kĂšk Jij kriminĂšl paka machĂ© ankĂČ. Je pĂšp la kale, je pĂšp la louvri e pĂšp la ap vĂ©yĂ© yo. Lajistis kowonpi Ayiti pap kapab blanchi kriminĂšl ankĂČ. Tribinal FedĂ©ral Miami mĂ©tĂ© jij kowonpi Ayiti ki tap jere dosyĂ© asasina Prezidan Jovenel MoĂŻse toutouni nan lari.