Apre 12 mwa nan tèt leta plizyè sondaj montre pèp la pa fè ni konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ni Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé konfyans. Ant 87 e 96% moun ki patisipe nan sondaj yo kwè KPT Ala ak Fils-Aime fon nan gang e nan koripsyon. Pèp la kwè tou ke plizyè nan sektè ekonomik e politik ki nan tèt leta patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Dènye sondaj radio tele eclair fè lendi 24 Novanm 2025 montre 87% nan 2125 moun ki vote yo vle revokasyon Fils-Aimé. Gade rezilta sondaj la ⬇️:

Se nan anviwonman sa yon eskandal eklate. Depatman deta ameriken anonse li sanksyone yon gwo zotobre ki se yon dirijan leta an Ayiti paske li nan gang, tape la ⬇️:
https://www.state.gov/releases/office-of-the-spokesperson/2025/11/visa-restrictions-of-haitian-official-supporting-gangs-and-other-criminal-organizations-in-haiti/
Lendi 24 Novanm Fritz Jean yon konseye prezidan nan KPT a fè konnen se limenm lèzetazini sanksyone paske lap chache revoke premye minis Fils-Aimé pou koripsyon ak enkonpetans. Li pibliye tou echanj WhatsApp li fè ak Anbasadè Kanada e chafe dafè meriken an Ayiti Henry Wooster. Echanj WhatsApp sa yo fè Fritz Jean komprann si li kontinye nan afè revoke Fils-Aimé yap retire viza li ak viza tout fanmi li, tape la ⬇️:
https://youtu.be/KIYpXf0kSbg?si=T3jWM0YVPMUhh3_B
Men kopi mesaj WhatsApp yo ⬇️:

Pèsepsyon ki devlope an Ayiti se Alix Didier Fils-Aimé ak Laurent St Cyr reprezantan oligak yo nan KPT a ki mande blan yo sanksyone Fritz Jean poutèt li tap chache 5 vòt nan KPT a pou revoke premye minis lan. Yo di Fils-Aimé fè demach Washington avèk anbasadè Lionel Delatour e lobiyis ke li anplwaye pou fwape Fritz Jean. Delatour te reprezantan kap fè monte desanm pou oligak yo nan Washington pandan 30 lane anvan li vinn anbasadè. Li se bofrè Leslie Voltaire, pou plis detay tape la ⬇️:
https://sefirot24.com/2024/12/12/de-iplomatie-lelite-moralement-repugnante-dhaiti-mre-nomme-leur-ambassadeur-a-washington/
Sanksyon sa e Jan detay yo pran lari pwovoke yon gwo eskandal nan sosyete a e nan diaspora a. Gen plizyè reyaksyon ki tonbe. Gen moun ki panse KPT a ak Fils-Aimé dwe demisyone an blòk poutèt yo sa souverenete peyi dayiti. Genyen ki panse KPT a ta dwe revoke Fils-Aimé. Gen lòt moun ki kwè yo ta dwe deklare anbasadè kanada ak etazini persona non grata. Gen moun ki kontan yo sanksyone Fritz Jean. Finalman gen moun ki kwè Fritz Jean se yon malandren men jan sanksyon yo tonbe yo sal tout ayisien ak souverenete peyi a. Anpil ayisien vekse san pa gen konsansis sou sak dwe fèt.
Pandan deba sa yo ap fèt 26 Novanm kowòdonatè KPT a Laurent St Cyr pibliye yon lèt kote li di afè revoke Fils-Aimé a li pa ladanl. Anpil moun gade lèt sa tankou yon ak trayizon. Men kopi lèt sa ⬇️:



Deba sou dosye sa ap kontinye pirèd, men kèk reyaksyon:
A. https://youtu.be/AEChWuc85og?si=yGuCY3_sKuzbGzo1
B. https://youtu.be/IdUfPYvHzwE?si=yXjI287h36ucGOf6
C. https://youtu.be/rFQulgj5bzE?si=5dIn_K7v9o-zhNRO
Reyalite enjerans etranjè sa vinn chita toutbon nan peyi dayiti apati de 1992 lè prezidan konstitisyonèl peyi a Jean Bertrand Aristide deside mande blan yo mete yon anbago total sou pwòp peyi li pou li ka retounen sou pouvwa. Anbago sa pral detwui ekonomi ak anviwonman peyi dayiti. Aristide te mande blan yo tou koupe viza tout pouchis ki te bali koudeta. Men atik ki alepòk bay detay sou jan Aristide te mande anbago sa, tape la ⬇️:
https://www.lemonde.fr/archives/article/1993/10/30/haiti-le-president-aristide-appelle-a-un-embargo-total-contre-son-pays_3945120_1819218.html
Apresa Aristide pral mande entèvansyon militè ameriken nan peyi dayiti an 1994 kote li siyen pou fè 22 mil solda meriken debake sou tè Dessalines nan. Si se pat entèvansyon diplomatik ansyen Prezidan Jimmy Carter Prezidan Aristide tap fè lame meriken bonbade Ayiti. Zak trayizon Aristide sa ranfòse pouvwa blan nan peyi dayiti e afebli leta panou. Men atik ki te pibliye alepòk sou zak konze e trèt Jean Bertrand Aristide ki te di li fè yon ti dezòd, tape la ⬇️:
https://www.nytimes.com/1994/06/03/world/doubting-sanctions-aristide-urges-us-action-on-haiti.html
An 1995 lè solda meriken yo deside yap tounen lakay yo Prezidan Aristide bay peyi a yon lòt kou trèt, li siyen ankò pou fè 17 mil solda nasyonzini debake an Ayiti. Yo pral rete nan peyi a pandan 13 lane. Solda nasyonzini yo pral fè kadejak sou timoun, fanm, gason. Yo lage bakteri kolera kapral touyé 11 milyon ayisien. Jis jodia kolera nasyonzini ap touye ayisien toujou. Solda sa yo pral vann gang zam Site Solèy. Aristide pral ranfòse pouvwa ekonomik blan globalis ak oligak yo nan siyen akò Paris pou fè yo kado tout byen leta ki rapòte lajan. A travè anbago a e kado sa yo Aristide ranfòse tou ejemoni ekonomik dominiken sou Ayiti. Aristide se youn nan pi gwo trèt ki mete pye blan globalis kowonpi sou kou Ayiti.
An 2010 blan globalis yo tap chache retire souverenete peyi dayiti. Se sèl Stanley Lucas ki te bay répons lè senatè Christopher Dodd prezidan komisyon afè etranjè sena ameriken te ekri yon editoryal nan jounal Miami Herald an 2010 pou mande mete Ayiti sou tutèl nasyonzini epi nonmem ansyen prezidan ameriken Bill Clinton gouvènè. Lè sa pa mache blan yo te voye yon ayisien ameriken Dumas Simeurs ékri yon lòt lèt pou fè menm demand sa. Stanley Lucas te reponn li souverenete Ayiti pa negosyab. Se yon bagay repiyan pou jodia reprezantan oligak nan KPT a Laurent St Cyr ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aime ap vann souverenete Ayiti. Eske se plan sa blan globalis yo ap aplike toujou? Pou repons Stanley te bay senatè meriken an gade la ➡️
https://www.opednews.com/populum/page.php?f=Response-to-Senator-Dodd–by-Stanley-Lucas-100329-363.html
Pou gade repons Stanley Lucas te bay Dumas Simeus ki tap fwape pou blan globalis kowonpi yo tape la ⬇️:*
https://www.opednews.com/populum/page.php?f=Stanley-Lucas–Response-t-by-Stanley-Lucas-100217-103.html
Se menm lavalas ak neo lavalas sa yo kapral mande entèvansyon militè Kenya an Ayiti an 2024. Se yo menm ankò an 2025 pou pwoteje enterè oligak pral mande entèvansyon militè nasyonzini nan konsèy sekirite. Trèt pase yo pa genyen.
Jodia kriz sa ofri yon opòtinite pou Ayiti mete devan yon nouvo kategori dirijan nasyonalis, ki payriyòt ki ka mete devan enterè nasyonal ak souverenete dabò. Eske sa pral rive? Se sa defi a ye!