Apre teyat nan pakè pòtoprens eske KPT, Fils-Aime, Patrick Pélissier fè lajistis kowonpi lage chèf gang Rosemila Petit Frère vre?
Chèf gang Rosemila Petit Frère debake nan pakè a 5 Novanm 2025.

Se Pierre Espérance kap pwoteje asosye politik li ki mande lajistis lage Rosemila Petit Frère kowòdonatèz gang nan rejyon metropolitènn pòtoprens. Pou verifye tape la:
https://www.rhinews.com/actualites/haiti-justice-et-droits-humains-pierre-esperance-demande-pour-raison-humanitaire-que-lex-mairesse-rosemila-petit-frere-recoive-les-soins-que-necessite-son-etat/

Pa bliye nan lèt Rosemila Petit Frère te pibliye 29 Mars 2023 li te akize Pierre Espérance de enplikasyon li nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Dépi lè sa Rosemila ap fè Esperance chante. Pou w ka verifye tape la ⬇️;
https://haiti24.net/rosemila-petit-frere-accuse-pierre-esperance-dutiliser-le-rnddh-comme-outil-de-persecution/

Haïtiwood
Nan teyat mal prepare, li pran pòz malad li pandan li nan pakè a. Bagay ki trayi Rosemila nan teyat sa a, sèke pandan yap pote l ale ou wè a ki rapidite manmzèl rekipere chapo li ki t ap tonbe. Lè sa ou wè klèman afè malad la se komedi. Lè ou panse se Hollywood teyat sa a yo jwe ou dekouvri gen Haitiwood tou. Pou gade video teyat sa tape la ⬇️:
https://youtu.be/C285P6S5VDs?si=JiyhSg0crJANnnX0

Me kijan move zak Rosemila te detwi ti komès machann sara nan Akayè
Chèf gang Rosemila Petit Frère nan violans politik e nan gang depi 2018. Alepòk tout violans ki tap fèt sòti Titanyen rive Montrouis se te chèf gang Verite-Inite Rosemila Petit Frère ki tap kowòdone yo. Li te fè gang bloke wout Akayè plizyè fwa. Violans sa yo pandan peyi lòk te dekapitalize ti machann sara ki te gen machandiz yo tal achte nan nò ak latibonit pou revann pòtoprens. Machandiz machann sara yo pouri sou wout Akayè ke Rosemila te fè bloke. Zak kriminèl sa yo apovri tout ti machann yo. Pou w gade violans Rosemila, SDP, lavalas ak Pitit Dessalines epòk sa sou ti machann sara tape la ⬇️:
https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=v3KE54B9g3L4B99O

Gade ki wòl Rosemila jwe nan sistèm mafya politik la
Rosemila travay ak tout rezo violans Verite-Inite sa vle di Dimitri Vorbe, Ariel Henry, Didier Fils-Aimé, Antonio Chèramy alias Kato, John Joel Joseph, Arnel Belizaire, Axene Joseph, Youry Chevry, Nènèl Cassy, chèf gang Kenpes, G-Pèp, Fantòm 509, Izo elatrye.

Lè Ariel Henry rantre nan primati a apre li patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire sou Premyè Dam Martine Moïse youn nan moun ki tap jere gang pou Ariel se Rosemila Petit Frère. Se li ki te mete Madan Tonton nan kès asistans sosyal nan ministè afè sosyal ki tap voye kòb leta bay gang. Se Rosemila ki te fè lyezon ant primati a e gang krache dife Sonson’n, Wòy ke li te finanse. Se li ki te louvri pòt ministè enteryè pou gang G-Pèp ak Kenpès jwen
pozisyon ak kòb.

Rosemila ak Izo konplis nan masak lopital jeneral
Rosemila jwe yon wòl santral nan masak lopital jeneral chèf gang Izo 5 sekond te fè paske 20 milyon goud minis sante piblik te voye bay chèf gang lan te mal separe. Rosemila ki tal pote kòb la bay chèf gang Izo kenbe 10 milyon goud e remèt Izo 10 milyon olye de 20 milyon goud. Chèf gang Izo ki vekse dèske antant 20 milyon goud la pat respekte pou fasilite reouvèti lopital jeneral pral tire sou jounalis, polisye, doktè, enfimyè e tout moun ki te la. Tandé sa ⬇️:
https://youtu.be/aj8s3fl_iWI?si=IpXH-M5kQqVh3KEP

Yo kenbe Rosemila nan yon pakèt lòt koripsyon tou. Tande sa tape la ⬇️:
https://youtu.be/uZ0EDoC2Plg?si=LER8OZtDaqsGUYis

Epi tande sa tou tape la ⬇️:
https://youtu.be/NPVpHYyJlak?si=7Plq4kkI67-441qZ

Men temwayaj yon kavalye pòlka Rosemila ki gen pwoblèm avèk li paske kòb la te mal separe, pou tande tape la ⬇️:
https://youtu.be/Ok630audSjM?si=IgO3YgGBkWrE0Ait

Rosemila fon nan kowòdone yon pakèt aktivite gang pou tout rezo oligak ak politisyen kriminèl ki nan Verite-Inite e kolabore ak André Michel e MOPOD ki nan violans politik.

Rosemila benyen nan magouy sistèm jidisyè a
N ap rapele ke lè Ariel monte kòm premye minis ekip sa te mete avoka Dimitri Vorbe ki se Bertho Dorce yon dwòg dilè minis lajistis apresa yo mete 6 moun pa yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ). Ariel te nonmem tou 8 jij nan kou kasasyon e Bernard St Vil jij pa pè chay oligak yo kòm dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens. Depi lè sa oligak, politisyen ak dwazimen kriminèl ki nan gang e touye Prezidan Jovenel Moïse gen kontwòl lajistis. Se yo kap fèt e defèt dépi 52 mwa nan pakè e nan tribinal a travè peyi dayiti.

Si sa nouvèl laprès bay se vre, jan KPT a, Fils-Aimé, Patrick Pelissier lage gang Rosemila Petit Frère sa tap demontre jan otorite leta ak lajistis kowonpi ap pwoteje kriminèl. Rezo kriminèl sa ap griyen dan yo sou pèp peyi dayiti yap pase nan bètiz e San santiman yap mache sou viktim krim yo.

Men atik ki bay jan chèf gang Rosemila Petit Frère lage ⬇️:
https://lefacteurhaiti.com/rosemila-petit-frere-liberee-pour-des-raisons-de-sante/

Nan yon interview Stanley Lucas fè nan emisyon Matin Débat li reponn kesyon sou chèf gang Rosemila Petit Frère Ansanm a kesyon sou 52 mwa asasina Prezidan Jovenel Moïse. Pou w tande interview sa, tape la ⬇️👇🏿:
https://youtu.be/2CHDF5debhw?si=P4dZN65ybckLoyJO