Pa Anbasadè Stanley Lucas

Lè pèp la ap analize sakpase nan kou dapèl Pòtoprens pandan plizyè semènn sou tout séyans ki fèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, li dekouvri plizyè aksyon ki sanblé tèt koupé ak koripsyon. Se pousa anpil moun nan lari a ap poze kesyon nan men kiyès Jij Emmanuel Lacroix, Jij Denis Cyprien, Jij Fremont Damesi, komisè gouvènman Claude Jean, Carlet Vincent ak Rocky Pierre ap touché?

Pèsépsyon kou dapèl Pòtoprens lan bay a travè séyans sa yo, se tankou yap pwotéjé gwo kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse. Men kèk éléman nan mitan yon pakèt lòt ki fè pèp la di se yon maskarad kap fèt nan kou dapèl pòtoprens:

1-Metadata rapò elektronik PDF 60 paj ankèt Jij Walther Wesser Voltaire siyen sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, montre se pa li sèlman limenm ki ékri rapò sa. Se yon akt koripsyon ki otomatikman anile rapò sa. Metadata a bay sou ki lòt odinatè rapò kowonpi sa ékri;

2-Jij kou dapèl pòtoprens yo iyoré totalman manda ilégal Jij koupyon Jean Roger Noëlcius fè ki sèvi pou fè tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier e touyé l 7 Jiyè 2021. Manda ilégal sa se éléman santral ki inisye jenèz konplo planifikasyon asasina Prezidan Jovenel Moïse. Pou ki sa ni Jij Walter Wesser Voltaire, ni Jij nan kou dapèl yo fè blakawout sou manda Jij Jean Roger Noelcius lan alòske enfòmasyon sou itinerè manda a anndan rapò preliminè DCPJ ki soti denpi 4 Dawout 2021;

3-Témwayaj Jeantèl Joseph montre aklè se Ariel Henry ki te gen kontwòl Jij koupyon Walther Wesser Voltaire. Èske Jij kou dapèl yo ka kontinye validé ódonans sa ki chita sou koripsyon total? Eske 3 Jij kou dapèl yo ak 3 komisè gouvènman kou dapèl yo ki se lavalas fè pati de mafya jidisyè kap pwoteje kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse?

4-Manda ki te fèt pou Réginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu elatryé 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon yo nan tout Prezidan Jovenel Moïse ansanm ak rekizitwa denfomé sipletif komisè gouvènman Bedford Claude ki montré Ariel Henry enplike nan krim nan disparèt. Jij Kou dApèl yo fè silans sou sa;

5-Nan entèwogasyon solda kolonbi yo, Jij kou dapèl yo pwouve yo pa li rapò DCPJ a, yo pa okouran 2 prezidan péyi kolonbi ak tribinal Miami konfime enplikasyon solda yo nan touyé prezidan an e te tire premyè dam nan. Yo ankouraje solda kolonbyen yo sal lapolis nasyonal dayiti pou bwouye pist verité sou asasina a. Jij yo pa konnen solda sèvis spésyal kolonbi antréné pou bay manti lè yo kaptiré yo. Eske Jij kou dapèl yo touché pou lagé solda kolonbi yo;

6-Nan répons yo bay Félix Badio Joseph, komisè gouvènman kou dapèl ki se ministè piblik Claude Jean ansanm ak 2 lòt yo, konpòte yo tankou defansè Pierre Espérance olye yal chache endis sou asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse. Sa montre ministè piblik la gen yon lòt ajanda ki pa gen rapò a mété limyè sou kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse;

7-Tribinal la iyoré tout deklarasyon Felix Badio Joseph té fè sou yon deklarasyon anrejistré odyo li te lagé bay laprès an 2022 lè li té nan kache pou lapolis e lajistis kote li te fè konnen li pap kite Ariel Henry ke li te fin pran tout responsabilite sa yo pou li sakrifye l;

8-Jij kou dapèl yo pa apwofondi ak Joseph Felix Badio ki rapò li te gen ak Makentonn Philippe , enkilpe nan asasina Jean Dominique ki te enplike nan planifikasyon kou deta 7 Fevriye 2021, poukisa? Aloske Joseph Felix Badio deklare nan Tribinal la li t ap mennen envestigasyon sou kou deta a ki te prepare nan Penitansye nasyonal;

9-Tribinal la iyoré tout deklarasyon piblik Prezidan Jovenel Moïse te konn fè lè li te vivan koté li te idantifye klèman sektè kouran ak gwo sektè ekonomik ki vlé touyél;

10-Jij kou dapèl kase fèy kouvri sa sou gwo aktè ekonomik ki patisipe nan finanse krim nan;

11-Jij Kou dapèl pa pozé okenn kesyon sou 2 prizon yo kasé pou lagé plis pasé 42 kriminèl ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moise. Kiyès nan péyi dayiti ki gen kapasité péyé pou fè sa e ki jwen kolaborasyon nan leta pou fè sa

12-Jij kou dapèl inyoré tout dokiman ak kondanasyon ki fèt nan tribinal Miami koté plizyè ayisien ak kolonbyen ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moïse kondané  pou pasé tout rès vi yo nan prizon pou krim sa,Youn ladan yo John Joel Joseph mandé padon a fanmi Moïse. Tribinal Miami an mandé tou pou leta meriken sézi tout byen tout kriminèl ki patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tiré Premyè Dam Martine Moïse pou dedomaje fanmi Moïse ki viktim. Jiskaprezan ti kriminèl yo kondané yo pa gen byen. Eske se pousa Jij koupyon péyi dayiti ap pwotéjé sektè ekonomik péyi dayiti ki touyé Prezidan Jovenel Moïse pou yo pa péyé fanmi li 900 milyon dola vèt dedomajman?

    Pèp la di si Jij kou dapèl tap fè yon travay serye pou apwofondi ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse men demach yo ta dwe swiv nan rekòmandasyon kou dapèl pòtoprens tap dwe pran:

    1. Anilé rapò Jij koupyon Walther Wesser Voltaire ansanm ak òdonans fake lan ki chita sou koripsyon;
    2. Mande mete aksyon piblik an mouvman kont Jij Walther Wesser Voltaire, Jij Jean Roger Noëlcius pou faux usage de faux;
    3. Mande mete aksyon piblik an mouvman kont Jij Ivickel Dabrésil pou tantativ asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021;
    4. Mande mete aksyon piblik an mouvman kont tout poutchis ki te patisipe nan koudeta rate nan Abitasyon Petit bois 7 Fevrier 2021;
    5. Mande mete aksyon piblik an mouvman kont Jij Wendelle Coq pou patisipasyon nan planifikasyon asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse;
    6. Konvoke Jij Jean Wilner Morin pou kesyone l sou manipilasyon dosyé la Saline pou antere manda Jij Jean Roger Noelcius lan;
    7. Konvoke Jij Brédy Fabien sou òdonans ki egzije 54 milyon dola vèt anfavè Dimitri Vorbe apré asasina Prezidan Jovenel Moïse;
    8. Konvoke Pierre Espérance, Mario Beauvoir sou manda ilegal ki fèt kont Prezidan Jovenel Moïse e yo te depoze nan anbasad meriken nan dat 18 Janvye 2021;
    9. Konvoké George Déré sou wòl li nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Badio rekonèt li te nan yon rankont planifikasyon lakay Georges Dere lavèy asasina Prezidan an. poukisa Jij Walter Wesser Voltaire fè silans sou Georges Dere nan òdonans fake li antidaté 25 janvye 2024 ke li depoze nan pakè Pòtoprens 19 fevriye 2024;
    10. Konvoke Antonio Chèramy alias Kato sou menas li te fè kont Prezidan Jovenel Moïse;
    11. Kenbe nan prizon tout kriminèl ki enpliké nan touye Prezidan Jovenel Moïse anatandan nouvo Jij enstriksyon réfè ankèt la;
    12. Konvoke senatè Edo Zenny pou li bay nom bank kote kòb ki envesti sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pasé;
    13. Konvoke André Michel, Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Mary Vorbe elatryé pou reponn sou patisipasyon yo nan planifikasyon krim lan an rapò a menas lanmò piblik yo te fè kont Prezidan an ak pou reponn sou manda 9 Jiyè 2021 an

    Si Jij Lakou dapèl Pòtoprens pa pran mezi sa yo, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè peyi dayiti pral naje nan labou pandan lontan, yon faktè ki pral kreye plis violans e mete plis enstabilite politik.

    Lajistis se potomitan pou bon fonksyonnman sosyété a. Pou sa fèt, li dwe selon lalwa kase ren kriminèl pou pwoteje sitwayen ak sitwayèn yo. Lajistis dwe tou tranche san fòs koté lè gen konfli ant sitwayèn, sitwayen yo. Lajistis dwe garanti pou dwa chak sitwayèn, sitwayen respekte. Ansanm kesyon sa yo garanti égalité sitwayen, sitwayèn devan lalwa kèlkeswa estati, pozisyon ekonomik, sosyal ou politik yo genyen. Lè lajistis fonksyoné konsa an tout endepandans, li kontribyé pou avansman e progrè nasyon an.

    Dépi kèk tan, jistis la ki jéré pa minis, plizyè kalté Jij ak tribinal pa egziste nan peyi dayiti. Sistèm jidisyè péyi dayiti ak yon gwo pati nan Jij kap pran desizyon tounen restavèk oligak, sèten responsab dwazimen ak plizyè politisyen kriminèl.

    Konstitisyon peyi a dépi amandman 2012 la, pa pèmèt koze pou Jij Kasasyon prezidan pwovizwa, malgré sa, anpil nan Jij yo, olye yo okipe afè lajistis, yo pito rantré nan politik e bezwen fè koudeta pou yo ka prezidan pwovizwa. Sa se yon gwo sous enstabilite politik.

    Istwa kriminèl sa ki anvayi lajistis kòmanse anndan Sena peyi dayiti. Pou ka komprann infliyans oligak kowonpi e kriminèl péyi dayiti sou lajistis tande deklarasyon senatè Simon Desras lè li te prezidan sena péyi dayiti kote li te deklare « sou 29 senatè, gen 22 ladan yo se 7 fanmi oligak petyonvil ki kontwòlé yo ».

    Oligak yo Boulos, Vorbe, Bigio, Acra, Baussan elatryé sèvi ak komisyon jistis Sena a, pou yo kontwole, pou chwazi Jij kowonpi ke yo voye bay laprezidans pou nonmen. Anjeneral se konsèy siperyè pouvwa jidisyè a ak Sena a ki chwazi Jij ke laprezidans dwe nonmen. Atik 175 konstitisyon an di chwa Jij kou kasasyon yo se sena ki dwé fè yo épi aprésa yo voye list nom yo bay prezidan peyi a ki apré background check nonmen yo pa arete. Se nan kontèks sa, Prezidan Jovenel Moïse te deklare yo voyé bali 50 Jij kowonpi poul nonmen. Se oligak kowonpi yo ki tap fwape

    Dépi vòt lwa ki kréyé pouvwa jidisyè a pibliyé se oligak ki pran kontwòl li avèk èd kèk politisyen, senatè, avoka e militan dwazimen kowonpi kap sèvi enterè yo. Se sak eksplike oligak Boulos, Vorbe, Bigio, Baussan, Acra elatryé sèvi ak plizyè Jij tankou Jean Roger Noëlcius, Joseph Mecène, Ivickel Dabrésil, Jean Wilner Morin, Wendelle Coq elatrye pou fè manda ilégal, tantativ koudeta, manipilasyon dosyé jidisyè ak asasina pou fè koudeta. Eske se menm kontinité koripsyon sa pèp la pral obsèvé nan desizyon Jij Emmanuel Lacroix, Jij Fremont Damesi, Jij Denis Cyprien pral pran nan kou dapèl pòtoprens konsènan dosye kowonpi Jij Walther Wesser Voltaire sou asasina Prezidan Jovenel Moïse? Eske jan pèp la pansé l eske kòb oligak petyonvil ak politisyen restavèk yo pral fè yo chanté? Eske estrateji a se pou antéré dosyé asasina Prézidan Jovenel Moïse la ak 8 Jij koupyon Ariel Henry ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moïse té mété ilégalman nan kou kasasyon ki jodia nan koudéta tou?

    Si sé vré lajistis pwòp santibon koté tout sitwaywen égal égo dwé lévé figi nasyon an, sistèm mafya jidisyè sa ki bannou gang, ensékirité, enpinité, koudéta kap détwui Ayiti dwé krazé.