Pa Anbasadè Stanley Lucas*

Pou ka komprann sakapase sou priz ayiti pran sou rivyè masak la, ou dwe analize istwa priz la ak alyans dominiken genyen nan strikti pouvwa politik Ayiti.

Istwa priz ayiti pran sou rivyè masak
Rivyè masak alafwa sou teritwa dominiken epi li sou teritwa ayiti tou. Konfòmeman a trete 1929 gouvènman Prezidan Jovenel Moise ki te vle pran priz sou rivyè a sou teritwa ayiti te chita ak gouvènman dominiken an a travè komisyon binasyonal. Yon antant te jwen. Se pousa 2 gouvènman an yo siyen yon kominike konjwen 27 Mai 2021. Si ou gade jounal dominiken Listin Diario 29 Mai 2021 wap wè yo menm ak plizyè jounal dominiken konfime sa. Kanal la tap bati, li te gentan rive à 70% lè oligak ak politisyen asasen touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Kesyon tout moun ap poze poukisa Prezidan Abinader ap fè tout skandal sa? Pouw komprann fok ou analize kontak oligak ak politisyen li genyen nan gouvènman Ariel Henry.

Gen plizyè oligak ak politisyen ayisien kap defann enterè dominiken nan peyi Dayiti.

Nan mitan oligak yo ou jwen Dimitri Vorbe ak Reginald Boulos tou 2 se libanè ayisien yo ye. Gen lòt men se 2 sa yo ki pi vizit. Vorbe ak Boulos se gwo ajan pou Luis Abinader nan peyi Dayiti. Yo se alye Luis Abinader ki se yon libanè dominiken. Alyans oligak libanè dominiken ak oligak libanè ayisien danjere ampil pou peyi dayiti. Yo patisipe nan kraze ekonomi ayiti a travè enpotasyon sèlman ak kilti monopòl komesyal e bankè yo tabli. Se oligak libanè ayisien sa yo ki finanse epi patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2022.

Onivo politik sipò dominiken genyen Ayiti ou jwen ansyen sénatè, ansyen minis enteryè epi ansyen prezidan pwovizwa Jocelerme Privert. Se Privert ki te esaye fè militè dominiken rantre nan peyi dayiti lè li te prezidan sou pretèks siklonn. Lè pèp ayisien révolté kont sa Privert kouri fè solda dominiken tounen lakay yo. Privert te esaye tou fè solda dominiken rantre pa anba nan MINUSTAH. Lè li wè saka koutel chè, paske pèp ayisien pap janm aksepte lame dominiken ki fè jenosid sou li an 1937 kote yo te touye 30 mil Ayisien, Privert rale yon bak. Privert se asosye dominiken Fernando Capellan ki youn nan pwoprietè Codevi faktori ki nan depatman nòdès. Privert asosye tou ak Limber Cruz ki se minis agrikilti dominiken kap fè yon jwèt koken nan nòdès peyi Dayiti. Se ak Privert dominiken sa yo sèvi pou esaye volè tè peyizan nan plènn maribaro nan nòdès. Capellan aansanm a Cruz sèvi ak Privert pou kowonp kèk otorite lokal nan depatman nòdès. Sou foto sa ☝🏿wap wè agòch Jocelerme Privert Cruz ki se minis agrikilti dominiken epi adwat Fernando Capellan ki nan Codevi. Alyans sa reprezante yon menas pou sekirite nasyonal pou Ayiti. Pa bliye tou se Privert ki mete epi kontwole DG lapolis ak yon pati nan komandman PNH ki la jodia. Privert sou ribrik jwèt sosyal gen yon rezo gason kap bali enfòmasyon nan rejyon metropolitènn nan.

Pami lòt politisyen ayisien kap defann enterè dominiken ou jwen Jean Max Bellerive, Daniel Supplice ak André Michel.

Alyans Jean Max Bellerive ak dominiken yo patikilyèman sénatè dominiken Bautista te kreye gwo lese fwape ak premye minis Gary Conille poutèt yon rapo li te fè sou petrocaribe. Kòm Bellerive se kouzen Martelly, Conille te pèdi match la.

Daniel Supplice te revoke kòm Anbasadè Dayiti sendomeng paske li te paret plus kòm defansè dominiken ke Ayisien. Jodia li se konseye Ariel Henry epi anvwaye spesyal pou sendomeng.

André Michel depi 2019 achte kay epi envesti sendomeng epi dakò vinn restavek dominiken. Se Boulos ki louvri pòt pou li sendomeng. Privert, Supplice ak André Michel se gwo konseye Premye Minis Ariel Henry. Men kèk referans👇🏿:

  1. https://youtube.com/watch?v=scpOaf3IeIM
  2. https://haitinews2000.net/16902/haiti-daniel-supplice-est-bel-et-bien-demis-de-ses-fonctions/
  3. https://facebook.com/100063914929978/videos/yobare-andré-michel-kivinn-envesti-nan-sendomeng/297688161992037/
  4. http://solutionshaiti.blogspot.com/2016/10/jean-bertrand-aristide-et-jocelerme.html?m=0
  • Anbasadè Stanley Lucas se yon spesyalis an devlopman politik ki travay an Amerik Latine, Afrik, Afghanistan ak Mwayen Oryan. Li te konseye sepesyal Prezidan Dayiti Jovenel Moïse.