Pa Anbasadè Stanley Lucas
Yon jij se yon moun ki gen otorité rekonu ki la kòm abit pou deside sou yon afè oubyen yon konfli ki ka egziste ant 2 pati diferan ki prezante devan tribinal lap dirije. Nan domèn dwa yon jij se yon majistra ke leta bay otorité pou deside nan nom lalwa ak lajistis. Li la pou aplike lwa yo, pou tranche lè gen konfli ant plizyè pati nan sosyete a
Nan peyi dayiti gen jij nan tribinal de pè, tribinal premyè enstans yo, kou dapèl yo e kou kasasyon. Selon konstitisyon péyi dayiti ki an vigè dépi 2012 jij pa kapab prezidan pwovizwa e jij pa kapab fè politik. Si yo vle fè sa yo oblije demisyone kòm jij. Kominike 8 Fevrier 2021 Mèt Renée Sylvestre ki se prezidan pouvwa jidisyè e prezidan kou kasasyon demontre sa klèmam. Men kopi kominike sa ⬇️:

Jij kou kasasyon sa yo Joseph Lebrun, Jocelyne Casimir, Barthelmy Altenor, Lesly Jules ak Franzy Philemon
reprezante yon menas pou lajistis, sekirite ak stabilite péyi dayiti paske yo nan koudeta e yap fè politik. Jij sa yo se pouchis ki nan koudeta pèmanan pou pran pouvwa politik aloske konstitisyon péyi dayiti dépi 2012 di jij kasasyon pa kapab prezidan pwovizwa ankò. Si jij sa yo vle fè politik, si yo vle prezidan pwovizwa yo dwe demisyone nan lajistis epi al anrejistre kòm lidè nan yon pati politik. Tandé temwayaj sa ⬇️:
Anplis, konstitisyon an bay sèl jan yon sitwayen kapab vinn prezidan pwovizwa dayiti se si gen yon palman ki la pou vote pou sa fèt a travè yon eleksyon endirèk kote reprezantan pèp la depite ak senatè vote pou fè chwa sa. Si pa gen palman péyi dayiti pa kapab mete prezidan pwovizwa ditou. Nan ka sa pa gen palman konstitisyon péyi a di, se yon premye minis ak minis yo ki dwé egzèse pouvwa egzekitif la jiskaske pèp la chwazi yon prezidan nan eleksyon. Konstitisyon ékri konsa pou malandren pa touyé prezidan oubyen fè koudeta pou rantré nan laprezidans nan palè nasyonal. Kesyon atoufè ap palé de solisyon konsansyèl pou mete gouvènman bisefal se koudeta sa ye. Konstitisyon kanpé anfas tout atoufè ki nan koudeta e nan touyé prezidan pou rantré palè nasyonal. Se pou rezon sa menm konstitisyon an te amande an 2012. Twòp jij te nan konplo koudeta tout lajounen olyé yo okipe afè lajistis. Tandé dezòd jij ap fè nan pouvwa jidisyè anba lòd oligak ak politisyen, tandé la ⬇️:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=GEULnUmfJrk3cLod
Malgré presizyon konstitisyon an sou sa, ou jwen jij pouchis kasasyon sa yo ki restavèk oligak ak politisyen kriminèl kap fè dépi Fevrier 2021 plizyè tantativ koudeta.
Pèp la dwé mande demisyon yo oubyen mande revoke yo oubyen kouri dèyè jij pouchis e kowonpi kasasyon sa yo. Yo reprezante yon gwo menas pou demokrasi an Ayiti.
Tantativ koudeta resan jij kou kasasyon
Pou prepare koudeta kont Prezidan Jovenel Moïse oligak yo, kèk politisyen ak Pierre Espérance finanse e kore yon rezolisyon pouvwa jidisyè e fè yon manda ilegal sekrè kont Prezidan Jovenel ke jij Jean Roger Noëlcius siyen. Men kopi manda ilegal sa Esperance te achté nan men jij sa ak kòb oligak Boulos ansanm ak lèt Mario Beauvoir ki tal depoze manda ilegal la nan anbasad meriken pòtoprens ⬇️:


Nan komansman mwa Fevrier 2021 oligak kriminèl Réginald Boulos remèt jij kasasyon Joseph Mecène bay André Michel ak Youri Latortue pou fè yon tantativ koudeta kont Prezidan Jovenel Moïse 58èm prezidan konstitisyonèl péyi dayiti ke manda li tap fini an Fevrier 2022. Pèp la sonjé jan Joseph Mecène parèt sou yon video sou rézo sosyo koté André Michel tap bali yon dikté kòmkwa li preyidan pwovizwa dayiti apré yon rezolisyon konplotè CSPJ ak kou kasasyon te prepare pou yo sou lòd oligak pou fè koudeta. Yo echwé nan tantativ koudeta sa. Men kopi videyo sa, teke la⬇️:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=MYaO9_AFptL2kZS4
Aprésa pral gen yon lòt koudeta a travè yon tantativ jij Ivickel Dabrésil pou touyé Prezidan Jovenel Moïse pou oligak Vorbe yo nan abitasyon Tibwa. Se enspektris jeneral nan lapolis Marie Louise Gauthier ki tap kowòdone tantativ koudeta sa pou Vorbe yo ak Aristide. Koudeta sa echwé tou. Tandé kowòdonatè sekirite palè nasyonal (USGPN) Dimitri Hérard kap palé ak enspektris jeneral lapolis Marie Louise Gauthier pou prepare koudeta sa ⬇️:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=uF4sBVGrliHrDCJK
Jij kasasyon Wendelle Coq patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Dépi lè sa lajistis e lapolis te mété avi de rechèch dèyè jij Coq pou patisipasyon li nan krim sa. Plis pase 55 mwa apré jij Coq nan mawon. Péyi a pa konnen si li vivan oubyen si oligak ak politisyen ki konplis li nan krim sa touyé jij Coq. Men avi de rechèch lajistis ak lapolis te lagé dèyè jij Wendelle Coq ⬇️:

Nan echeyans 7 Fevrier 2026 gen 5 jij kou kasasyon ki te nan tantativ koudeta ankò pou pran pouvwa pou oligak e politisyen kriminèl peyi dayiti, se:
Jij kasasyon Jean Joseph Lebrun ki te nan koudeta ak gwoup politik ansyen senatè Jean Renel Senatus alias Zokiki, ansyen senatè lavalas Simon Desras elatrye. Gang Viv Ansanm tap kore koudeta sa ki echwé, tandé, teke la ⬇️:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=YcZlARBYJpZOQ6V6
Jii kasasyon Barthelmy Altenor ki te nan tantativ koudeta avèk yon gwoup politik MIRN dirije pa ansyen depite Verité-Inite Chansolme, Pierre Martin Tatoute. Tantativ koudeta sa echwé.
Jij kasasyon Lesly Jules ke gwoup politik Chimen Delivrans dirije pa Jean Elyzé Celiskar tap kore.
Jij kou kasasyon Franzy Philemon, se Smith Augustin ak pati politik konviksyon ki tap kore l nan tantativ koudeta sa.
Jij kou kasasyon Jocelyne Casimir ki nan tantativ koudeta Montana. Se lavalas, oligak gwoup de Boudon ak gwoup macaya ki kaché dèyè koudeta sa. Yo kreye yon fòmil prezidan 3 tèt ki pa nan konstitisyon an ak Leslie Vòlè ki gentan mete tèt li kowòdonatè, Charles Tardieu yon raketè politik lavalas anbachal ki toujou pran pòz sosyete sivil li. Epi twazyèm manb lan se jij Jocelyne Casimir. Tantativ koudeta Montana a echwé tou apré yo pibliyé ilegalman yon dokiman sou yon papye ki gen antèt leta. Selon lalwa moun ki pa nan léta pa kapab fè sa. Men premye paj la ⬇️:

Nan goumen antre yo, youn nan jij kasasyon yo fè touyé doktè Laurent Baugé ki tap maché a jij pal. Se frè li William Baugé yon pè katolik ki fè revelasyon sa pandan li tap chante lantèman li nan vil Chansolme. Pè a te deklare se rat kay ki manje pay kay. Men kopi deklarasyon sa, teke la ⬇️:
https://youtube.com/shorts/lVX5CRsptlU?si=e-lp4oZUtYoakKpD
Tout jij ki na kou kasasyon byen konnen depi amandman konstitisyon an pibliyé nan mwa jen 2012 jij kasasyon pa kapab prezidan pwovizwa dayiti ankò.
Se pousa an 2016 lè manda Prezidan Michel Martelly fini se pat kasasyon ki ramplase l. Se palman ki te fè eleksyon. Se pousa tou apré asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021 se pat kasasyon ki ramplase l se yon premye minis konfòmeman a atik 149 konstitisyon an.
Malgré tou foli pouvwa fè jij kasasyon kite oligak ak politisyen kriminèl mete yo nan tantativ koudeta, kore gang ak koripsyon jidisyè mété yo nan tantativ pèmanan koudeta kap krazé péyi dayiti.
Pandan 8 lane ki sot pasé la jij kou kasasyon pouchis ak lòt jij ki nan politik fè péyi a anpil tò.
Dezod ak anachi jidisyè sa kap fè san koulé e destabilize peyi dayiti dwé kanpé. 5 jij kasasyon sa yo ki nan te nan tantativ koudeta 7 Fevrier 2026 dwé demisyone ou revoke a travè arété nominasyon ilegal Ariel Henry ki dwé rapòte. Si sa paka fèt pèp la dwé kouri dèyè jij pouchis sa yo. Asosyasyon avoka ak òganizasyon sosyete sivil ak diaspora a dwé kondane sa.
Pou stabilize lajistis CSPJ, tribinal premyè enstans pòtoprens ak kou dapèl dwé gen yon pasé men ki fèt pou voye alé tout jij kap fè politik kontrèman a lalwa. Anpil nan jij kowonpi sa yo ap pran lòd nan men oligak ak politisyen kriminèl lè yap ékri desizyon jidisyè.
Se André Michel ak 2 lòt éléman ki ékri rapò ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse pou jij koupyon Walther Wesser Voltaire. Sakpirèd yo jwen jij kowonpi nan kou dapèl pòtoprens pou kontinye maskarad koripsyon sa.
Montaj jidisyè sa yo reprezanté gwo krim kont egalite sitwayen devan lalwa ki ta dwé egziste. San sa se destabilization pèmanan. Jij kowonpi yo dwe sanksyone.
Pou stabilite péyi dayiti, pou krazé gang e retabli sekirite gen yon rézo jij kowonpi e kriminèl kap travay oligak, politisyen, ansyen palmantè ak gang asasen ki dwé revoke.