Pa Anbasadè Stanley Lucas
Nan ane 1970 diktati te domine majorite peyi ki nan de rejyon amerik la. Apati de ane 1980 yo, gen yon van demokrasi ki kòmanse soufle nan rejyon sa a e nan lòt pati nan mond lan. Prezidan meriken Jimmy Carter ak Ronald Reagan pral kore jefò pèp nan rejyon an ki t ap chache demokrasi. Anpil diktati pral tombe. Pèp pral vote pou chwazi dirijan yo. Lidè politik ki genyen eleksyon pral kòmanse travay pou modènize leta e reponn a revandikasyon pèp lakay yo.
Premye eleksyon demokratik apre 29 an diktati
Diktati peyi dayiti tonbe 7 Fevrier 1986. Apre vòt yon nouvo konstitisyon 29 Mas 1987, apre anpil goumen politik Ayiti òganize premye eleksyon demokratik 16 Desanm 1990 kote pou lapremyè fwa apre 29 lane diktati pèp ayisien te pran lari pou al vote pou chwazi dirijan leta a travè peyi dayiti. Se te yon bèl fèt demokratik. Se pousa
16 Desanm reprezante jou dwa de vòt pèp ayisien.
Aristide benefisye eleksyon demokratik sa a
Jean Bertrand Aristide lavalas se te benifisyè premye vòt sa. Li ranpòte yon viktwa elektoral kòm kandida pou prezidan yon regwoupman ki rele fwon nasyonal pou chanjman ak demokrasi (FNCD). Lòt pati ou regwoupman ki te nan eleksyon sa a ki fini dezyèm se alyans pou progrè ak demokrasi (ANDP) ki te gen Marc Bazin kòm kandida. Nan premye eleksyon sa ki te koute 10 milyon dola vèt, te gen 10 kandida ki te patisipe. Men kopi bilten an 👇🏿:

Èske Aristide te vle touye Ertha Pascal Trouillot?
Apre bèl fèt demokratik sa a, Aristide prete sèman 7 Fevrier 1991 apre yon tantativ koudeta ansyen minis enteryè Roger Lafontant ki echwe. Apré li prete sèman kòm prezidan nan mitan palman an, Aristide te pran desizyon pou li mete nan prizon Jij Ertha Pascale Trouillot ki te òganize eleksyon yo kòm prezidan pwovizwa. Presyon fè Aristide bay vag. Se pousa kesyon poze èske Aristide te vle touye Madan Trouillot? Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/5X-8Erv5QEg?si=IDv7H11fuxXdstiM
Kòmansman anbyans kè sote ak lapèrèz
Apre 7 Fevrier 1991 Aristide pral koupe tèt komandman lame a. Anmenm tan li pral kòmanse revoke moun nan administration piblik la san yon pwosesis teknik. Lavalas ak violans pral kreye yon anviwonman kè sote e laperèz a travè peyi dayiti. Depi rejim nan pa dakò avèk yon moun, moun sa gen gwo posibilite pou yo boule l nan lari si yon lavalas lonje dwèt sou li.
7 premye mwa lavalas ki te pote anpil lespwa tounen yon katastròf, yon kochema pou péyi a. Olye Jean Bertrand Aristide travay pou modènize leta tankou yon lidè politik kap chache tabli yon nouvo diktati li tonbe nan pèsekisyon politik ak violans. Pandan 7 premye mwa Aristide tonbe menase, fè violans epi boule tout opozan politik kap kritike jan lap mal jere leta e ki pa dakò ak li. Men yon video menas pou fè violans sou moun. Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/w-9DZJhIVMU?si=Oq7KFQ8tf_aHOgO-
Enkonpetans Aristide vin bay vyolans ak rayisans
Apre yon diktati wòl yon lidè ki kwè nan demokrasi ki genyen eleksyon lè li rive nan tèt leta se transfòmasyon enstitisyon yo pou delivre sa pèp la ap tann an matyè de devlopman ekonomik e sosyal. Epi delivre jistis san pèsekisyon politik. Aristide pat kapab fè sa. Li pat prepare e li pat gen okenn eksperyans pratik nan jere zafè leta ak biznis prive. Sèl eksperyans li te genyen se sou lotèl legliz ak yon fondasyon timoun nan lari ki rele lafanmi se lavi. Se pousa Aristide pral rantre nan gwo konfli ak depite nan palman ki nan regwoupman politik FNCD. Jere legliz pa menm bagay ak jere leta.

Gen 2 rezon ki kreye konfli sa. Premye a kòm pati politik ki prezante Aristide kòm kandida li te dwe chwazi premye minis lan nan FNCD ki te plen palmantè. Li pa fèsa. Dezyèm rezon an se koripsyon. Taiwan fè leta ayisien kado 5 milyon dola vèt epi Aristide mete kòb la sou kont fondasyon li. San konte kòb leta ki t ap kraze nan ti pwojè laprezidans.
Aristide te gentan bliye se FNCD ki te voye l nan eleksyon kòm kandida pou prezidan. Pandan 7 mwa sa Aristide tap jere leta ak premye minis Renee Preval ki te pwòch li e ki te fè pati de ekip lavalas la. Kòm Preval tap vire won e pat kapab bay rezilta palmantè FNCD yo ki te rive bati yon majorite nan palman deside yo pral revoke Renee Preval. Lè Aristide tande sa li voye chimè al boule depite nan yon seyans de vòt de non konfyans ki tapral fèt nan palman 13 out 1991. Si lapolis pat entèvni jou sa anpil palmantè tap boule anba kawochou pè lebrun Aristide te vlé bayo. Malgre entèvansyon lapolis chimè lavalas yo te gentan dechire rad ki te sou depite Josue Lafrans. Aksyon violans sa kont pouvwa lejislatif ki resevwa vòt pèp la kreye yon anviwonman anti Aristide. Se tankou tout moun te pè se yon lòt diktati kap pran fòm.
Bri koudeta
Violans sa kreye divizyon ant Aristide e yon gwo moso nan baz politik li. Divizyon politik sa yo ak jan li tap jere leta e menas violans piblik pral louvri pòt pou yon koudeta militè kont gouvènman konstitisyonèl Aristide. Lè Aristide tande mouvman rebelyon ti solda nan yon baz militè ki sanble a koudeta, kòm Roger Lafontant ki te nan prizon te fè yon tantativ koudeta kont li an Janvye 1991 li pansé ke se li ankò ki tap fè tantativ koudeta. Aristide bay kapitènn lamé Stagne Doura lòd pou touye Roger Lafontant pandan li nan selil prizon nan penitansye nasyonal. Men kopi rapò kapitènn nan, gade la ⬇️:

Aristide kòmanse enstale pouvwa gang
Aristide bay gang chimè lavalas yo lòd tou pou touye Sylvio Claude lidè pati politik demokrat kretyen PDCH paske popilarite Sylvio Claude te reprezante yon menas pou li. Lavalas boule Sylvio Claude ak pè lebrun nan vil Okay.
Aristide pran nan koudeta
Aristide pran koudeta a 30 Septanm 1991 kote se ti solda lame ki te mete li anbakòd e depoze li nan katye jeneral lame. Militè yo pral voye Aristide an egkzil epi enstale yon Jij kou kasasyon kòm prezidan. De 1987 a 2012 konstitisyon an te pèmèt jij kou kasasyon vinn prezidan pwovizwa. Palman te retire sa nan amandman ki te fèt an 2012.
Aristide mande yo pran sanksyon e fè entèvansyon militè nan peyi Dayiti
Lè Aristide rive an egkzil li pral mande sanksyon, anbago ak entèvansyon militè nan peyi dayiti. Li mande blan yo mete yon anbago total sou Ayiti. Anbago Aristide la kraze ekonomi ak anviwonman peyi dayiti. Pou plis détay tape la 👇🏿:
https://www.lemonde.fr/archives/article/1993/10/30/haiti-le-president-aristide-appelle-a-un-embargo-total-contre-son-pays_3945120_1819218.html
Lè anbago pa mache Aristide chanje strateji. Lè li sòti pou mande entèvansyon militè etranjè Gérard Pierre Charles ki te kowòdonatè pati OPL ki te nan lavalas di Aristide pa mande blan entèvansyon militè, pa fè solda blan debake sou tè Dessalines nan. Gerard Pierre Charles pwopoze yon strateji elektoral pou reprann pouvwa a ak Pè Jean Marie Vincent kom kandida pou prezidan. Yo pwomèt Aristide pou fè l tounen apre eleksyon. Aristide pat dakò. Kòm repons Aristide fè fizye Jean Marie Vincent. Aprésa nan Washington lap siyen pou mande entèvansyon militè ameriken. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://www.nytimes.com/1994/06/03/world/doubting-sanctions-aristide-urges-us-action-on-haiti.html
Finalman Aristide fè 22 mil solda meriken debake an septanm 1994 an Ayiti. Yap débaké avè l nan elikoptè 15 Oktòb 1994. Anpil ayisien te vekse, estomake de entèvansyon militè sa ki sal souverenete nasyonal peyi a. An pwotestasyon Mireille Durocher tal anba pye Dessalines sou chanmas pou depoze yon boukè flè pou papa nasyon an.
Lè solda meriken yo deside yap retounen nan péyi yo an 1995 Aristide siyen pou fè 17 mil solda nasyonzini debake Ayiti tè Dessalines. Solda nasyonzini yo pral pase 13 zan kote yo pral fè yon pakèt dega. Yo pral lagé bakteri kolera ki touyé 12 mil ayisien. Yo pral fè kadejak sou timoun, gason ak fanm. Yo pral bay gang zam Site Solèy. Yo pral menm fè tantativ koudeta kont Prezidan Preval. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/Jwsqjcyj2qg?si=CAG7FkAJ8cYWBLHW
Lè Aristide tounen lwa kriminèl monte nan tèt li
Lè Aristide retounen an 1994 li pral nan volè kòb léta, touyé moun ki pa dakò ak li. Senatè Irvelt Chery te ekri pou mande komisè gouvènman peyi dayiti arete Aristide ki tap dirije popetwèl li Renee Preval. Men lèt senatè Irvelt Chery te voyé bay lajistis ki detaye krim yo. Tape la 👇🏿:
https://www.haitian-truth.org/senateur-irvelt-chery-lettre-ouverte-17-novembre-2000/
Apré koudeta elektoral 26 Novanm 2001 kote patisipasyon te mwens ke 1% Aristide pral prete sèman 7 Fevrier 2001 kòm prezidan fas a kontestasyon jeneral peyi a. Lè li finn prezidan olyé li aplike akò an 8 pwen ke li te siyen ak Anthony Lake reprezantan Prezidan Clinton ki te edel reprann pouvwa a, Aristide pral tonbé nan represyon total. Li pral touye jounalis, lidè politik, militan ki pa dakò ak li. Aristide fe boulé lokal pati politik MDN, OPL, KONAKOM, KID. Li fè boule tou kay Luc Mezadieu lidè pati kretyen MOCHRENAH. Li fè boule kay lidè politik Gerard Pierre Charles (OPL), kay Victor Benoit (KONAKOM). Anpil militan politik, dwazimen, sosyete sivil pran egkzil pou Aristide pa fè touye yo. Fas a represyon e koripsyon sa levekanpe pral òganize pa gwoup antineoliberal pou mande demisyon Prezidan Aristide. Pou plis detay gade la 👇🏿:
https://www.potomitan.info/ayiti/ayiti6.html
2010, Preval fè Aristide tounen ankò
Aristide demisyone. Li pati an egzil an afrik disid. Preval fè li tounen nan fen manda li an 2010. Depi lè sa anbachal, nan kaché pa dèyè Aristide rekòmanse nan menm politik violans yo apré li echwé nan dènye eleksyon yo ak Maryse Narcisse tape la 👇🏿:
https://youtu.be/YPRqYe8JAP0?si=X4pIxYiSN_ei0nG5
Men 4 obsèvasyon pou konprann Aristide
Pou komprann Aristide fok ou gade 4 bagay:
1-Eksperyans li nan ti legliz pandan li tap grandi nan sistèm politik peyi dayiti ki te domine pa Duvalier. Aspè sa pèmèt ou dekouvri 2 gwo kontradiksyon kay Aristide. Premye a se infliyans teoloji liberasyon ki se yon ideoloji tyè mond ki pran nesans apati de echanj ant kretyen primitif e maksis. Aristide te nan mouvman sa yo te rélé ti legliz. Mouvman sa te agòch.
2- Dezyèm nan se admirasyon, anvi sekrè li te genyen pou rejim Duvalier ke li te rayi. Lè Aristide vinn prezidan li pral esaye kopye Duvalier. Aristide pral Kopye fondasyon, ranch, madanm elarye.
3- twazyèm nan se vrè kwayans ideolojik Aristide. Malgre li pran pòz li agòch, an reyalite Aristide kwè nan 2 ideoloji. Se anarchisme ak populisme. Moun ki anachis la pa respekte lalwa. Li fè sa l vle, lè l vle e jan li vle. Sal santi, sal di e jan bosal li aji se sak lalwa. Populisme lan te reprezante yon pwazon pou demokrasi. Populist toujou ap pale de pèp men se afè pa yo sèlman yap regle.
4- Katriyèm nan se psikopat la ki se yon moun ki pa gen santiman, ki frèt onivo emosyonèl, ki pa gen remò. Sikopat la trè souvan gen konpòtman vyolan ak impulsif. Sikopat yo gen tandans manipile, eksplwate lòt moun. Yon sikopat se yon moun ki pran plezi nan pèsekite, fè violans sou moun ak fè moun pè. Sikopat yo souvan gen difikilte pou konfòme yo ak nòm sosyal yo. Sikopat se yon maladi kote pèsonalite moun nan antisosyal. Aristide soufri de maladi sa.
Pa egzanp lè Aristide ap pale de boule moun ak kawochou machine li di:
« Ala yon bèl zouti, ala yon bèl enstriman, ala yon bèl aparèy, li bèl, li shèlbè, li bròdè, li banda, li anpenpan, li bòzò, li santibon. Tout kote ou pase ou anvi respire l. »
Yon veritab psikopat
Lè Aristide pale konsa, li pale de vyolans avèk kontantman, li voye fè violans ki bali plezi se sikopat la ak anarchist la kap pale. Pou ou retande diskou sa tape la 👇🏿:
https://youtu.be/w-9DZJhIVMU?si=qFhMV7U353lShyJI
Lè Aristide monte sou podium nasyonzini li deklare:
« Pèp ayisien di wi pou anbago a. Fòk se yon anbago reyèl, entegral e total. Fòk se yon anbago reyèl, entegral e total.
Pou ou tande gade video sa 👇🏿:
Poukisa Aristide fè mete anbago ki dekonstonbre Ayiti ?
Nan diskou sa se pa de pèp Aristide ap pale vre. Se pa ni enterè, ni byennèt pèp la Aristide ap defann. Li sèvi a nom pèp la pou defann enterè pèsonèl li ki se pouvwa ak kòb. Aristide byen konnen anbago total sa fè pèp la pèdi 350 mil jòb. Anbago sa koze lanmò yon pakèt timoun ki patka manje ou jwen medikaman. Poutèt anbago sa gazoline, dizèl ak kerozèn pat kapab rantre Ayiti. Pou reponn a bezwen enèji yo peyizan koupe twaka pye bwa peyi a. Kòm rezilta anbago Aristide la kreye yon katastròf anviwonmantal. Poutèt sa apati de 1995 chak fwa lapli tonbe kòm pa gen pye bwa pou kenbe dlo yo vil yo inonde e sa kreye plis déga ak mizè. Anbago Aristide la kraze ekonomi peyi dayiti. Anbago sa Aristide te mete sou Ayiti se yon akt wot trayizon. Se anbago sa ki fè dominiken vinn mete pye sou kou peyi dayiti nan ogmante ekspòtasyon yo.
Bilan ekonomik Aristide
Kanta pou bilan ekonomik, sosyal e politik Aristide se yon katastròf. Aristide fè kado a oligak e blan globalis kowonpi tout byen leta ki rapòte lajan. Li piye leta rapye tè. Li volè kòb Taiwan bay Ayiti ke li mete nan fondasyon li. Li pral volè pwojè tou nan plizyè biwo leta tankou teleko, ti pwojè laprezidans elatryé.
Aristide volè 17 milya goud 200 mil manb kowoperativ. Tape la👇🏿
https://ayibopost.com/200-000-haitiens-ont-perdu-17-milliards-de-gourdes-les-proprietaires-de-cooperatives-restent-impunis/
Li pral kraze lame, mande 2 okipasyon militè etranjè avèk ameriken e nasyonzini. Lavalas ke Aristide voye nan KPT a pral mande 2 lòt entèvansyon militè an Ayiti ak péyi Kenya epi nasyonzini ankò.
Li pral rantre pi fon nan touye moun. Lèt senatè Irvelt Chery bay anpil détay sou krim ekonomik e krim de sa,an sa yo, tape la 👇🏿:
https://www.haitian-truth.org/senateur-irvelt-chery-lettre-ouverte-17-novembre-2000/
Yon prezidan bandi legal, dilè dwòg
Aristide pral fon nan trafik cocaine tape la ⬇️👇🏿:
https://youtu.be/lETvLisi8T0?si=OnfVwZx8nKb8jSLT
Apre li krazé lame a an 1995 li pral mete timoun nan gang kapral touyé moun e fè represyon pou li. Tape la 👇🏿
https://youtu.be/7o5ykoN4zTc?si=J3XtTeTtInrEkz5p
Tèlman gen dosyé katastròf pa gen mwayen mete tout nan ti rapèl sa sou 17 desanm 1990. Sosyete a te vinn dekouvri ke fanmi lavalas se yon òganizasyon ki viv de krim òganize, tape la 👇🏿:
https://solutionshaiti.blogspot.com/2009/01/le-parti-fanmi-lavalas-vit-du-crime.html?m=0
Aristide se yon kansè pou Ayiti
Jis jounen jodia Aristide rete yon kansè pou pèp ayisyen. Li kontwòle 60% gang teworis Viv Ansanm. Nan 9 mwa ki sot pase la teworis Viv Ansanm touyé 4388 ayisien, blese pa bal 1899, kidnape 491 epi vyolé, fè kadejak sou 1142 fanm. Lap fonksyone ak Viv Ansanm menmjan Osama Bin Laden te fonksyone avèk Al Quaeda, li voye lòd via mesaje e li resevwa resèt li menmjan. Jan Aristide te pwomèt sa nan diskou li fè moun Mibalè, Akayè, Lachapèl, lascahobas, lestè tounen wòch nan soley. Eske nou sonjé diskou sa sikopat la te fè? Tape la 👇🏿:
https://youtu.be/qcPVQujCR7o?si=H5tP5AH8IeAFphni
Pou plis detay sou bilan pasyèl lavalas gade 2 atik sa yo, tape la ⬇️:
a. https://solutionshaiti.blogspot.com/2009/12/radiographie-du-16-decembre-19-ans-de.html?m=0
b. Tape la 👇🏿: https://solutionshaiti.blogspot.com/2010/01/haiti-bilan-2009-une-decennie-ratee-par.html?m=0
16 Desanm 2025 dwe yon jou refleksyon sou tout mal ak krim Jean Bertrand Aristide fè nan peyi dayiti.