Pa Anbasadè Stanley Lucas
Sistèm ekonomik, sosyal e politik mond lan te chita sou lesklavaj. Sa vle di moun nwa se te machandiz kolon blan te konn vann nan mache tankou bourik, milèt ak cheval. Nan sistèm mondyal esklavaj sa ki te chita sou « code noir » blan ki te achte esklav nwa te eksplwate yo jiskaske yo mouri. Esklav nwa sa yo te konsidere kòm machandiz pat genyen okenn dwa. Se Jean Jacques Dessalines kapral levekanpe ak esklav Sendomeng yo pou kraze sistèm esklavajis sa. Dessalines se Jesus Christ ki delivre tout moun nwa sou latè. Se Anperè Dessalines ki kreye dwa de lòm ak demokrasi. Se Anperè Dessalines ki fè mo libète, egalite, fratènite ki gen valè. Tout moun koulè nan mond lan ki gen dwa jodia se poutèt Dessalines te kraze fondasyon sistèm esklavajis la.
Èske Laurent Saint-Cyr konprann kèk bagay nan istwa Dayiti?
Sitwayen ki peyi Laurent St Cyr ye? Nan okazyon komemorasyon asasina Anperè Jean Jacques Dessalines, se jou sa a Laurent St Cyr chwazi pou li fè yon diskou pou l felisite e remèsye nasyonzini dèske yap voye yon fòs entèvansyon militè etranjè nan péyi a. Èske misye komprann anyen nan istwa peyi dayiti?
De moun konsa Dessalines t ap fè fiziye yo
Kè Dessalines pa kontan jodia paske gen yon reprezantan oligak ki sot mande sou podium nasyonzini entèvansyon militè etranjè nan péyi Dayiti k ap pale nan nom li. Dessalines pa t nan rans a okenn moun ki te pare pou vann enterè ak souverènte nasyonal peyi dayiti. Pawòl Anperè a sou koze sa yo klè Jurons de combattre jusqu’au dernier soupir pour l’indépendance de notre pays Dessalines pa t janm renmen trèt.
7 fanmi Pétion-Ville kontwole 95 pousan richès peyi a! !
Jodi a fè 219 lane depi oligak yo touye Anperè Jean Jacques Dessalines paske yo pa t vle separe richès peyi Dayiti ak majorite ayisyen ki nwa yo. Jodi a an 2025 pwoblèm sa vin 100 mil fwa pi grav. Se 7 fanmi Petyonvil ki kontwòle 95 pousan richès peyi dayiti. Pou kenbe sistèm sa yo voye gang kraze pèp la. Lè sa pa sifi oligak yo al chache militè etranjè pou pwoteje sistèm nan.
Men Kijan oligak yo pran abitid sabote komemorasyon 17 oktòb nou an
An 2017, pèp la chwazi kandida Jovenel Moïse nan eleksyon pou dirije leta ayisyen. Prezidan an deside l ap bay pèp la tirès la. Tande jan prezidan an tap chache ti rès la:
https://youtu.be/ZPfalP1aU34?si=uLwknrXevmNGu0Hh
Kòm repons nan yon premye tan oligak yo profane 17 Oktòb la ak lòt fèt nasyonal Dessalines te kite pou nou.
Apresa, oligak yo distribye zam nan katye popilè yo epi yo kreye gang fòs fènwa ak lidè politik SDP, lavalas, Pitit Dessalines, Verite-Inite elatrye. Yo sèvi ak gang sa yo pou yo te fè violans peyi lòk sou pèp la. Kòm vyolans gang peyi lòk pa t ka jete Prezidan an, yo monte lòt konplo ki sanble anpil ak lè oligak ta pral krabinen Anperè Dessalines sou pon wouj.
Dessalines ak Jovenel Moïse mouri nan menm batay la ak menm oligak asasen yo
Pou yo kenbe tout richès peyi dayiti oligak yo fè plizyè tantativ koudeta jiskaske yo touye Prezidan Jovenel Moïse menmjan oligak yo te touye Papa Dessalines. Toulède viktim paske yo te vle bay pèp la moso pa yo ki reveni yo de dwa nan richès peyi a. Apre oligak yo te finn touye Dessalines oligak yo te asasine tout jeneral nwa ki te akonpaye anperè a. Pandan 60 lane oligak yo te entèdi pèp la pale de Dessalines. Fwa sa a oligak yo vle touye fanmi prezidan an ak militan ki nan mitan pèp la k ap mande jistis pou li.
Oligak yo fin pran kontwòl leta ayisyen an
Oligak kayiman gran dan yo reprezante nan KPT a, primati elatrye depi yo finn krabinen Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021, menmjan yo te touye tou tout ofisye nwa ki te sou kote Dessalines se menmjan tou depi 51 mwa y ap fè san pèp la koule nan Solino, nan Delmas 30, nan Mibalè, Sodo, Lachapèl elatrye. Jodi a a oligak pran kontwòl leta ak tout richès ekonomik peyi a. Sepa ti kontan yo kontan tout pouvwa leta ak pouvwa ekonomik peyi dayiti nan men yo tande ⬇️:
Yon diskou oligak san wont san memwa e san santiman
Depi oligak yo nan tèt leta a, 17 Oktòb ka selebre. Men lè se reprezantan pèp la chwazi nan eleksyon ki nan tèt leta, 17 Oktòb ak fèt nasyonal pa dwe selebre. Diskou Laurent St Cyr jodi a se yon diskou desepsyon, se yon diskou ipokrit, se yon diskou sinik san wont e san santiman. Se tou yon diskou demagojik, yon konze reprezantan oligak kriminèl ki vòlè 5 milya dola an 51 mwa apre asasina Prezidan Jovenel Moïse. Prezidan an te gentan avèti nou anvan oligak kriminèl yo touye l, tande:
https://youtu.be/iFDZim_FUMw?si=ycnlzo62eb6LfQQ5
Nan ensekirite oligak teworis yo gang a sapat kap travay pou yo gentan touye plis pase 30 mil ayisyen. Se sak fè diskou sa ipokrit e l bay anpil degoutans. Jan diskou sa a delivre, jan Laurent Saint-Cyr bege nan diskou sa a, ou santi diskou a pa sensè. Gen yon bagay ki dwe chanje nan peyi Dayiti. Men kopi diskou konze sa ki reprezante oligak yo nan KPT a:
https://youtu.be/ZVp8O7RT9Uc?si=6gxMnSR8wErbroHc