Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak minis finans defakto Alfred Météllus 2 kriminèl sa yo siyen ilegalman yon kontra koripsyon 7 milya dola meriken sou 50 an pou bati 3 prizon ki ototal ka pran 6 mil prizonye. Yon gouvènman defakto ki pwovizwa pa kapab siyen oken kontra ki dépase yon ané fiskal sa vlé di 12 mwa. Si otorite pwovizwa defakto leta siyen kontra ki dépase 12 mwa se yon krim sa ye.

Apré 50 an léta dwé péyé konpayi prive sa plis kòb pou achté prizon 3 prizon sa yo ki bati e jere ak kòb leta. Sa vlé di pwojè prizon sa ki chifre a 6 milya 20 milyon dola vèt pral efektivman koute leta 7 milya dola vèt.

Kote koripsyon an rèd e klè konpayi sa pa mete yon dola atè men li egzije bank santral péyi dayiti bali yon lèt de kredi irevokab poul ka prete lajan toupatou aletranje sou do pèp ayisien. Sa a se yon operasyon gwo volè kriminèl ki gen dwèt long.

Pou ka konprann dimansyon krim 7 milya dola vèt sa kont péyi dayiti gadé egzanp sa. Peyi Salvador bati yon prizon sou 57 kawo tè ki ka pran 40 mil prizonye. Prizon sa koute péyi Salvador 115 milyon dola meriken. Eske ou wè koripsyon total la?

Yon prizon Salvador ki ka pran 40 mil prizonye pou 115 milyon dola vèt epi 3 prizon Ayiti ki ka pran yon total 6 mil prizonye pou 7 milya dola vèt. Sa vlé di Alix Didier Fils-Aime, Alfred Metellus ak Lionel Delatour ki monte rakèt sa ak dominiken Ricardo Cheaz ak tout blan globalis kowonpi ki kache pa dèyè pral volè 6 milya 785 milyon dola meriken pèp ayisien sou 50 an. Dimitri Vorbe te di pèp la se sou 50 an lap goumen. Jodia tout moun komprann.

Kriminèl defakto sa yo ki nan tèt léta siyen 2 lòt kontra kowonpi.

Yon kontra koripsyon pou jere ladwann sou frontyè a pou 1 milya 300 milyon dola vèt sou 10 zan. Kontra koripsyon sa se yon katastròf ki pral pèmèt yo vòlè léta sou 10 zan e fasilite kontreband sou frontyè a.

Lòt la se yon kontra kowonpi sekirite ak Erik Prince ki vo 1 milya 40 milyon dola vèt sou 10 zan. Lajan Fils-Aimé péyé Eric Prince sou 4 mwa ki se 52 milyon dola meriken ka péyé salè 17 mil solda ayisien pou 1 lane. Kontra kowonpi sekirite sa montré jan kriminèl sa yo pa vlé wè lajenès an Ayiti ki ta ka fè karyè nan lame, mété sekirite e pwoteje entegrite teritwa péyi dayiti.

Men yon lòt egzanp pou montré jan kriminèl kowonpi sa yo ki nan lavalas, Verite-Inite, SDP-MOPÒD, PHTK, OPL, Pitit Dessalines, NOULAH elatrye pa vlé wè lajenès. Gen 4 milyon 500 mil elèv nan lekòl péyi dayiti ki pa gen aksè a nouvo teknoloji yo. Gen yon ti iPad nan péyi Inde ki vann 2 dola. Pou bay elèv sa yo yon iPad ak aksè entènèt ou bezwen mwens ke 10 milyon dola meriken. Sa pa enterese yo. Se pou montré jan kriminèl sa yo mechan anpil. Eske nou sonjé jan lavalas pandan péyi lòk te konn boulé lekòl, badijonnen yo a matyè fekal et menase touyé elèv? Men yon ti rafrechi Memwa 👇🏿:
https://youtu.be/XQ2rupzSlac?si=wkRfTsaQfcMRkiFW

Ototal kriminèl defakto ki nan tèt léta ayisien jodia siyen kontra kowonpi pou 9 milya 340 milyon dola meriken aloske bidjè anyèl léta dayiti pou tout bagay mwens ke 3 milya dola vèt.

Pou pale langaj pèp la malandren, kriminèl sa yo merite bwa kalé. Nan yon péyi ki gen anpil mizè e anpil pwoblèm sosyal e ekonomik tankou Ayiti, li repiyan pou otorite leta fè konplo pou volè 9 milya 340 milyon dola vèt ak yon dominiken Ricardo Cheaz e blan globalis kowonpi.

Alix Fils-Aimé, Alfred Metellus, Patrick Pelissier, Sinal Bertrand, Paul Antoine Bien-Aime, Jean Michel Moïse, Lionel Delatour dwe arété.

Pou plis detay tandé interview Stanley Lucas fè sou sa nan emisyon micro verité, teke la 👇🏿:
https://youtu.be/obq5EbhhCNc?si=DxK29QshvVBMUfuH