Ayiti gen yon konstitisyon amandé ke l ap sèvi avek li nan tout desizyon ki pran nan pouvwa egzekitif, pouvwa jidisyè e pouvwa lejislatif depi 14 zan. Pandan 14 zan konstitisyon amandé sa ap aplike pa gen oken otorite politik ou lidè sosyete sivil ki te janm fè yon aksyon nan tribinal ou enstitisyonèl pou envalide konstitisyon amandé a. Yon moun ki lekontrè se pouchis ki bezwen fè koudeta.

Nan konstitisyon amandé a ke tout enstitisyon leta ap sèvi avèk li dépi 14 zan se sèlman 2 jan ou ka prezidan dayiti:

1- Prezidan konstitisyonèl se pèp la ki vote yon kandida nan eleksyon poul bali yon manda 5 an kòm prezidan konstitisyonèl. Egzanp Prezidan Jovenel Moïse.

2- Pou yon sitwayen vinn prezidan pwovizwa se palmantè yo ki nan chanm depite e nan chanm sena ki dwé vote pou mete l apré yo konstate prezidan konstitisyonèl la pa kapab egzèse fonksyon li oubyen manda li fini. Egzanp Prezidan pwovizwa Jocelerme Privert an 2016.

Nan toulède ka, sa vlé di kel prezidan konstitisyonèl oubyen kel prezidan pwovizwa gen ekspresyon souverenete popilè a travè 2 vòt yo ki diferan, vòt pèp la e vòt palman.

Se pousa konstitisyon di klèman si pa gen palman pèson pa kapab ni mete ni vinn prezidan pwovizwa dayiti. Konstitisyon an ékri konsa se pou pouchis ki gen foli bisefal pa fè koudeta oubyen touyé prezidan pou rantré nan palè nasyonal.

Nan atik 149 konstitisyon an li di klèman si pa gen yon palman pou mete yon prezidan pwovizwa se yon premye minis ak kabinè ministeryèl la kap egzèse pouvwa egzekitif la jiskaske eleksyon fèt. Se pousa apré asasina Prezidan Jovenel Moïse kòm pat gen palman se yon premye minis ak minis yo ki te egzèse egzèse pouvwa egzekitif la. Te gen nan yon premye tan Claude Joseph epi aprésa Ariel Henry ak yon kabinè ministeryèl yo ki te egzèse pouvwa egzekitif.

Menm ti koken bisefal yo ki te nan akò 21 desanm e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse yo menm ki te konn di manda Prezidan Jovenel te fini an 2021, se yo menm ankò ki pral di manda Ariel fini ak pa Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2022. Se pou montré ou jan lidè politik pouchis bisefal sa yo ki nan koudeta e kawo pèmanan pa respekte anyen.

Manman lwa péyi a klè kòm pa gen palman se yon premye minis ak kabinè ministeryèl ki dwé nan tèt pouvwa egzekitif la. Si démen maten Fils-Aime demisyone oubyen pèp la mandé l pou l li alé se yon lòt premye minis ki dwé ramplase l.

Apré yo sèvi ak gang pou voyé Ariel Henry ale, kowalisyon asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse fè yon koudeta kote yo enstale yon prezidans 7 tèt ki pa nan konstitisyon an. Apré pèp la ak etranje fòse yo kite pouvwa a apré 22 mwa jesyon kriminèl e kowonpi, 7 Fevrier 2026, premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak sipò lèzetazini kenbe mayèt la.

Si Fils-Aime gen poul demisyone ou maché se yon lòt premye minis ak yon kabinè ministeryèl ki dwé ramplase l jiskaske eleksyon fèt pou mete yon nouvo prezidan konstitisyonèl.

Malgré tou Leslie Voltaire, Aristide ak lavalas ki fèt kont krim ak koripsyon nan KPT a ap esayé fè yon nouvo koudeta bisefal a travè akò Montana. Yap chaché sipò kanada ak sena meriken epi Anbasadè Daniel Foot ki te anvwaye spesyal Ayiti sou Prezidan Biden pou fè koudeta sa.

Tout nèg ou wè kap palé de bisefal, se oligak ak kèk politisyen ki vle mété yon prezidan pwovizwa pou al fè gagòt, volè kòb léta jan lavalas sot fè l nan KPT, ministè travo piblik, ministè santé piblik elatrye pandan 22 mwa ki sot pase la. Tout nèg kap palé de bisefal se nèg ki bezwen tranzisyon fè plis tan pou tolere gang e fè san pèp la koulé nan rigòl. Ayiti pa bezwen koudeta Montana ou koudeta bisefal.

Se Montana ki te nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ak Emmanuela Douyon. Se Montana ak Reynold Deeb ki bay KPT a ak Fritz Jean.

Pou sòti nan trou ke li yé a Ayiti bezwen yon premye minis ak yon kabinè ministeryèl ki pa nan gang, ki pa nan touyé prezidan, ki pat nan KPT ak Fils-Aime, ki pat nan akò 3 Avril 2024, ki pa restavèk oligak, ki pa restavèk etranje e ki gen kouraj ak kapasite pou krazé 4 etaj ensekirite a, maré asasen Prezidan Jovenel Moïse epi òganize referandòm ak eleksyon pou retabli lòd konstitisyonèl.