Lavalas Jean Bertrand Aristide, Leslie Voltaire, Ted St Dic fè tantativ koudeta 7 Fevrier 2026 avèk akò Montana. Yo echwé. Yo te tou nan 2 lòt tantativ koudeta 7 Fevrier 2026. Yo te nan koudeta gwoup 5 KPT ak PHTK ki revoke Fils-Aimé. Lavalas te nan koudeta Montana ak Leslie Voltaire, Charles Tardieu e jij kasasyon Jocelyne Casimir. Yo te nan yon twazyèm koudeta ak yon lòt Jij kasasyon. Toulè 3 tantativ koudeta sa yo lavalas tap fè 7 Fevrier echwé.

Pa bliyé mesyedam ki nan akò Montan nan  yon premye tan patisipe nan violans péyi lòk ak gang yo pou destabilize gouvènman Prezidan Jovenel Moïse. Aprésa yo patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ak oligak Dimitri Vorbe. Eske nou sonjé interview petrochalenjèz Emmanuela Douyon ki tap réponn kesyon jounalis Yvenert nan radyo san fen anvan yo touyé prézidan an? Répons Emmanuela Douyon montré li te okouran yo tapral touye prezidan an, tandé la ⬇️:
https://youtu.be/G94rhK9PFRU?si=-VxdMZnzP_9CPPZg

Se menm rézo Montana sa ki sèvi ak mouvman teworis Fantòm 509 ki touyé Nettie ak Diego paské yo pat dakò ak plan pou touyé Prézidan Jovenel Moïse, tandé detay yo ⬇️:
https://youtu.be/6YjNYlzrWjk?si=3HQMi3sESmqiKGka

Apré yo touye Prezidan Jovenel Moïse pa bliyé se Reynold Deeb ki te finanse 44 moun pami yo lavalas Ted St Dic, Fritz Jean, Magalie Comeau pou kreye akò Montana. Yo te chwazi Fritz Jean kòm prezidan. Lè sa pa mache yo rantré nan akò Avril 2024 pou fè koudeta KPT a. Pandan 22 mwa manb akò Montana tap koupé rache nan laprezidans KPT a. Lit enfliyans e goumen pou lajan kreye divizyon nan mitan yo. Jodia yap esaye jwen sipò kèk senatè meriken via ansyen Anbasadè Daniel Foot ki te reprezantan spesyal sou administrasyon Prezidan Joe Biden pou fè yon nouvo tantativ koudeta.

Yo pa kanpe la, le 16 Fevrier rézo lavalas ki nan akò Montana rekòmanse nan tantativ koudeta ankò. Fwa sa yo sible sena meriken an ak kanada pou fè tantativ koudeta sa. Yo voyé lèt bayo pou fasilite nouvo tantativ sa. Bofrè Leslie Voltaire ki se Lionel Delatour chajé dafè Ayiti nan Washington ap fè swuivi dosyé sa nan Washington pou ranplasmam Fils-Aime. Aloske lavalasien Anthony Dessources ki chajé dafè dayiti Kanada ap fè swuivi pou Aristide ak Leslie Voltaire.

Nan tantativ koudeta sa Leslie Voltaire bezwen premye minis. Yo chanjé strateji paské kominike 10 Fevrier CSPJ ak kou kasasyon di klèman konstitisyon an pa pèmèt mete prezidan pwovizwa.

Eske lavalas Jean Bertrand Aristide, Leslie Voltaire, Ted St Dic ki te maryé nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak PHTK, Verite-Inite Fils-Aimé, Pitit Dessalines, OPL, NOULAH, Fritz Jean Montana elatrye kibte fè koudeta Avril 2024 ka reparèt san redisyon dè kont apré 22 mwa pouvwa katastròfik?

Pandan 22 mwa lavalas, PHTK, Verité-Inite, Pitit Dessalines, OPL, NOULAH, Édé elatrye tap dirije léta KPT a, yo sèvi ak gang yo pou touye 13 mil 200 ayisien inosan. Yo volè 700 milya goud. Lavalas ak alyé li yo livré 100 milyon goud via Dickson Oreste ak 31 teritwa pèdi bay gang.

Yo fè 14 masak e boulé 3 lopital pandan 22 mwa sa. Olyé yo voyé manje ak mon cash bay 6 milyon ayisien ki nan grangou e 1 milyon 500 mil déplasé kap viv nan kan nan move kondisyon, yo pito depanse 8 milya goud nan lokasyon machine pou zanmi yo.

Ayiti bezwen chanjman ak redisyon dè kont pou kriminèl ak kowonpi péyé pou jan yo maspinen pèp, touyé prezidan e krazé peyi. Ayiti pa bezwen oken koudeta akò Montana oligak Reynold Deeb finanse ki bay yon katastròf tankou Fritz Jean.