Association Nationale des Fournisseurs d’Anguilles de Rivière d’Haïti (ANAFARH), ansanm ak plizyè lòt estrikti tankou mouvman antikoripsyon ak Group Revolisyon pou Sove Sektè Zangi an Ayiti, ap denonse sa yo prezante kòm zak koripsyon ak abi otorite nan sektè pèch la, sitou nan filyè zangi a. Daprè deklarasyon òganizasyon sa yo, pati politik Pitit Desalin, ki gen nan tèt li ansyen senatè Moïse Jean-Charles, ta enplike nan pratik ki mete an danje aktivite plizyè operatè nan domèn nan. Yo mande pou otorite konsène yo retire Ministè Agrikilti a nan men Moïse Jean-Charles ansanm ak Betty Lami ak lòt moun yo site kòm akolit li yo, pandan yo akize yo kòm moun k ap fè presyon sou aktè nan baz yo epi sezi pwodwi yo.
Daprè ANAFARH ak alye li yo, gwoup la ta sezi plis pase 400 kilo zangi ki ta pou antreprenè Elson Paul, epi yo ta fè arete l mete nan prizon. Yo site tou ka Kiko St-Remy, kote yo fè konnen 205 kilo zangi ta sezi nan men li. Òganizasyon yo fè konnen se pa ka izole, men yo pale de yon seri aksyon yo konsidere kòm represyon sistematik nan Nò peyi a. Yo akize tou komisè gouvènman Okap la, Eno Zéphirin, kòm moun ki ta sèvi nan dosye sa yo. Se poutèt sa yo mande pou retire komisè a rapidman pandan y ap egzije Ministè Jistis la louvri yon ankèt serye sou tout akizasyon sa yo.
Nan menm sans lan, òganizasyon yo salye sa yo prezante kòm entansyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou retire Ministè Agrikilti a nan men Moïse Jean-Charles ak ekip li a. Pechè, rabatè, founisè ak antreprenè nan filyè zangi a fè konnen yo pare pou lanse mouvman mobilizasyon nan jou k ap vini yo si Leta Ayisyen pa pran mezi pou reponn ak revandikasyon yo. Yo di yo santi yo bouke ak sitiyasyon an epi yo mande transparans, jistis ak respè pou dwa yo nan sektè pèch la.
Zangi : ANAFARH ak plizyè òganizasyon leve vwa yo kont swadizan zak koripsyon nan sektè pèch la