Ench, Ayiti_Plizyè abitan nan lokalite Kuim, Koladè ak Ravin Kaw, ki chita nan 4èm seksyon Agwayedjann, ap lanse yon gwo rèl detrès pou denonse sa yo prezante kòm zak vòl tè k ap fèt sou do peyizan yo, pandan yo di ensekirite ak tansyon ap ogmante chak jou nan zòn nan.
Daprè temwayaj plizyè manm kominote a bay, gen moun ki ta pran tè agrikòl ki pa pou yo, san okenn otorizasyon legal, epi revann tè sa yo bay lòt moun tankou si yo se pwopriyetè lejitim. Sitiyasyon sa a, selon abitan yo, kreye gwo konfli ant fanmi yo, ogmante dezòd, epi menase estabilite sosyal nan zòn nan.
Temwen yo fè konnen peyizan yo ap sibi menas, presyon ak entimidasyon, sa ki fè anpil ladan yo pè pale oswa pote plent devan lajistis. Genyen ki di yo oblije abandone tè yo oswa limite aktivite agrikòl yo, malgre agrikilti se prensipal mwayen yo genyen pou viv.
Abitan yo fè konnen menm otorite lokal yo, tankou CASEC ak lòt responsab nan seksyon an, pa ta jwenn respè nan men moun yo akize yo, sa ki rann jesyon konfli a pi difisil e ki ogmante enkyetid nan mitan popilasyon an.
Sitwayen yo ap mande ak tout fòs yo pou otorite jidisyè ak administratif nan depatman Sant lan pran dosye a an men. Yo lanse yon apèl espesyal bay Komisè Gouvènman bò Tribinal Premye Enstans Ench la pou louvri yon ankèt serye, verifye akizasyon yo, pwoteje peyizan yo, epi mete lòd nan kestyon pwopriyete tè yo selon lalwa.
Nan plizyè deklarasyon ki sòti nan kominote a, non Iliano Bien-Aimé, Obrinel Bien-Aimé ak Dibison Bien-Aimé site kòm moun kèk abitan akize ki ta enplike nan pran ak vann tè peyizan yo. Sepandan, se otorite konpetan yo ki gen responsabilite pou mennen ankèt pou etabli verite a, nan respè prensip prezonpsyon inosans ak règ lalwa.
Popilasyon an ap mande Leta pran mezi rapid pou evite sitiyasyon an vin pi grav, pou pwoteje dwa peyizan yo, epi pou prezève lapè nan zòn riral sa yo ki te toujou rekonèt kòm espas trankil ak pwodiktif.
Sant : Abitan Kuim, Koladè ak Ravin Kaw denonse vòl tè peyizan, mande Leta entèvni prese prese