7 Fevrier 1986 diktati ki te la dépi 29 lane krazé. Pèp la a travè levekanpe epi ratifikasyon konstitisyon 1987 la chwazi wout demokrasi. 40 lane apré ki kote nou ye?

Jefò pou reponn kesyon sa kreye anpil kè sote. Lidè ki nan tèt léta ak pati politik pa ditou enterese nan demokrasi. Filozofi prezidans avi a toujoula sou yon lòt fòm ki rélé apré nou se nou. Yo kwè nan pran pouvwa e dirije léta ak teyori kawo. Yo sèvi ak gang, enstitisyon leta (CSPJ, Kasasyon, OPC, Palman, lapolis), radyo pou fè koudeta kont gouvènman konstitisyonèl. Yo nan tout kalte koudeta e yo nan touyé prezidan. Yo pa respekte konstitisyon an ak lwa péyi a.

Oligak, lidè politik, ansyen palmantè, militan politik ki nan gang, kids nan touyé prezidan, ki nan fè koudeta ak akò fè pati de yon nouvo rézo fachis ki danjere pou avni Ayiti. Moun yo itilize mo « fachis » la toutan, men pifò moun pa janm aprann sa li vle di.

1. Yon lidè ki gen pouvwa san limit
Fachis santre tout bagay nan alantou yon sèl moun fò ki vle kontwòl total epi rejte limit, sipèvizyon, oswa konsekans. Egzanp koudeta 7 Fevrier 2026 la enstale Alix Didier Fils-Aimé kòm fachis nan tèt primati a.

2. Lwayote sou verite
Mouvman fachis yo mande obeyisans.
Kritik yo pa « mal » – yo se « lènmi. » Pa egzanp nan pati politik fanmi lavalas militan pa kapab kritike Jean Bertrand Aristide ki se yon fachis. Si militan fè sa ya touyéw.

3. Li Obligatwa pou gen bouk emisyè
Yon sistèm fachis toujou bezwen yon moun blame.
Anjeneral minorite, imigran, jounalis, oswa opozan politik.

4. Lwa se yon zam, se pa yon estanda
Nan demokrasi, lalwa aplike pou tout moun.
Nan sistèm fachis, yo sèvi ak lalwa pou pwoteje lidè a ak pini opozan yo. Gadé jan lajistis pwoteje 3 brakè KPT yo epi konpare sa ak jan yo trete Shelson Sanon oubyen Pastè Moïse. Oubyen gadé jan Aristide ak Leslie Voltaire manké touyé jounalis Guyler Delva.

5. Vyolans Nòmalize
Menas, entimidasyon, ak vyolans politik vin yon pati nan kilti a pa eksepsyon. Kòm egzanp gadé jan pandan 22 mwa KPT a yo touyé 600 pa mwa. Gen 14 masak ki fèt. Menm ti bebe yo boulé epi anyen pa fèt pou pini kriminèl yo. Se menm bagay pou kidnaping ak vyòl. Plus pase 1.5 milyon déplasé kay yo poutèt violans gang a kravat e gang a sapat, epi ou wè KPT ak Fils-Aime pa réaji kòmsi violans sa nòmal.

6. Patriyotism vin trese
Fachis vlope tèt li nan drapo ak slogan, men mande pou tout moun swiv yon vèsyon « apwouve » nan patriyotis. Gadé jan KPT a maspinen pèp la pandan 22 mwa. Epi se menm KPT sa ki te vle pèp la kore yo lè blan deside fè lobèy ak yo.

7. Libète Retresi Dousman
Fachis fwape ak violans nan fènwa.
Fachis pa bay avètisman. Anba fachis yo gen mwens sipèvizyon, plis menas, plis laperèz, ak plis pouvwa konsantre nan tèt la. Pèp la viv Eksperyans sa ak Ariel Henry, Fils-Aimé e KPT.

Poukisa sa enpòtan kounye a

Pandan 40 lane ki so pasé an Ayiti anpil lidè palé de demokrasi poutan yo se fachis ki degize. Fachis yo vale anpil teren. Tansyon politik, ostilite k ap monte, ak lwa politik « moun fò » KPT ki imite modèl yo wè nan chak mouvman fachis istorik fè anpil moun nan pitan pèp la wè klè.

Demokrasi travay sèlman lè moun rekonèt diferans ki genyen ant lidèchip ak kontwòl. Fachis sa yo pa nan afè kontwòl ak redisyon dè kont. Gadé jan KPT a reskonsab 13 mil 200 ayisien asasinen an 22 mwa epi yo pa gen kont pou yo rann pou tout moun sa yo ki me touyé yo te gen obligasyon, devwa pwoteje. Péyi dayiti dwé fè trè atansyon a danjé sa sitou nan yon moman koté nèg ap di nan mikro yo pa kwè nan demokrasi.