Pa AnbasadĂš Stanley Lucas
7 Fevrier 2026 ap fĂš 40 an dĂ©pi sistĂšm ki la ap detwui pĂ©yi dayiti. Sa pral fĂš tou 55 mwa depi kĂšk oligak (Boulos, Vorbe, Bigio) ak politisyen kriminĂšl touye Prezidan Jovenel MoĂŻse e tire PremyĂš Dam Martine MoĂŻse. KĂČm asasen ki fĂš krim sa pran kontwĂČl pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyĂš dĂ©pi 55 mwa yap pwoteje kriminĂšl yo. Se lajistis meriken ki kondane John Joel Joseph ak Rodolfe Jaar. Tout peyi a konnen kiyĂšs ki oligak ki bĂČss yo ki patisipe nan asasina sa.
Kowalisyon ki touye Prezidan Jovenel MoĂŻse enstale kĂČm premye minis Ariel Henry ki enplike jis nan kou nan krim sa. Lamenm Ariel pral mete 6 moun pal nan konsĂšy siperyĂš pouvwa jidisyĂš (CSPJ) e 8 jij nan kou kasasyon pou lajistis pa rive sou li. GadĂ© sa: https://rezonodwes.com/?p=331025
An 2024 nan chachĂ© plis pouvwa ak kĂČb, kont pete nan mitan kowalisyon ki touyĂ© Prezidan Jovenel. Yo mete Ariel Henry deyĂČ primati. KĂČm youn pa fĂš lĂČt konfyans e kĂČm tout tap chache manje yo fĂš CARICOM rantrĂ© nan zafĂš politik peyi a pou kreye yon prezidans 7 tĂšt ki pa ekziste nan konstitisyon an.
22 mwa pasĂ©, tan 7 konsĂšye prezidan ak premye minis Fils-AimĂ© ki gen 15 mwa nan primati ap fini. AkĂČ ke yo siyen an pou pran pouvwa an Avril 2024 di yo pap kapab ni pwolonje, ni renouvele tĂšt yo nan tĂšt lĂ©ta aprĂ© 7 Fevrier 2026.
Mete sou sa, bilan yo katastrĂČfik. An 22 mwa gen 13 mil 200 ayisien ki asasinen pa bal, a kout manchĂšt anba gang a kravat e a sapat ki fĂš pati de 4 etaj ensekirite a. Sa fĂš 600 moun ki tonbĂ© pa mwa pandan KPT ak Fils-Aime nan tĂšt lĂ©ta a.
Pandan yap dirije leta, gen 14 masak ki fÚt e 3 lopital ki boulé sou lidÚchip yo. Kanta pou ayisien ki pran bal, ki kidnape, ki vyolé, chif yo katastrofik.
Pandan malĂš sa yo tap dĂ©twui lavi pĂšp la, tout otorite sa yo tap volĂš. Endiferans yo montrĂ© pou 6 milyon ayisien ki nan grangou, 3 milyon moun ki dĂ©plasĂ© e 1.5 milyon moun kap viv nan yon sitiyasyon deplorab nan kan, kreye anpil kĂČlĂš nan mitan popilasyon an.
SakpirĂšd, nan koripsyon yo sĂ©parĂ© entre yo prĂšske 800 milya goud kĂČb leta. PĂšp la pa vle wĂš oligak ak lidĂš politik sa yo ki toupatou nan tĂšt lĂ©ta a.
Se nan kontĂšks sa gen plizyĂš tantativ koudeta kap prepare nan biwo leta ak sal konferans plizyĂš lotĂšl nan Petyonvil.
Nan reyinyon sa yo gen menm oligak yo, menm lidÚ politik yo, ansyen palmantÚ, militan ak jounalis kap chaché manje. Yo ta renmen rete nan tÚt léta a avi.
PĂšp la pa pran youn oserye. Gen moun sou twitĂš kap pasĂ© yo nan bĂštiz. GadĂ© sa âŹïž:

Pa dĂšyĂš blan yo ap pran nĂČt pandan yap deplwaye kapasite militĂš yo pou fĂš fas a nenpĂČt ki sitiyasyon 7 Fevrier. Yap pare tou pou dĂ©fann enterĂš yo menm lĂš tout moun konnen yo pa janm jere byen sitiyasyon sa yo lĂš ou konsidere Iran, Irak, Somali, Lybi, Afghanistan. Li twĂČ bonĂš pou w di kijan Venezuela ap fini.
PĂšp la kanpĂ© lwen tout konplo politik ak koudeta sa yo. PĂšp la ap reflechi si li dwe pran kontwĂČl lari a 7 Fevrier. Si sa rive tout aktĂš politik ak blan yo ap nan kouri. Si pĂšp la pran lari lap gen posibilite rekipere pouvwa li e kraze yon sistĂšm brital peze souse ki la dĂ©pi 40 lanĂ©.
Anatandan sak pou rive a rive, men tantativ koudeta kap pare:
–Tantativ koudeta a KPT: Alyans Leslie Voltaire, Aristide (lavalas), Michel Martelly, LinĂ© Balthazar, Ariel Henry, Pierre Antoine Louis (PHTK), GĂ©rard Gilles (NOULAH), Edgard Leblanc (OPL), Fritz Jean (Montana). Gen kĂšk oligak ki kachĂ© pa dĂšyĂš ki nan tantativ koudeta sa tou. Yo vle kenbe pouvwa a ak 4 manb KPT. Gen 3 kap laprezidans epi 1 a premye minis. Goumen pete nan mitan yo nan diskisyon pou separasyon pouvwa;

–Koudeta Laurent St Cyr, Didier Fils-AimĂ© ak oligak gwoup makaya: Tantativ koudeta sa gen 2 opsyon ladanl. Oligak gwoup makaya yo ki tou nan konsĂšy administrasyon bank inyon (BUH) ta renmen kenbe pouvwa lĂ©ta ak Laurent St Cyr (laprezidans) e Didier Fils-Aime (primati) aprĂ© 7 Fevrier. KĂČm sa bay pwoblĂšm yap kenbe Fils-Aime sĂšlman. Barrau, Bigio, Faubert elatryĂ© fon nan tantativ koudeta sa. Anbasad meriken deside yap machĂ© ak Fils-Aime. Verifye la: a. https://www.facebook.com/share/p/1ECempy2MU/
b. https://cepr.net/publications/private-sector-assumes-control-of-haitian-state/
–Koudeta kou kasasyon : Andedan kou kasasyon gen 3 Jij k ap goumen pou prezidan pwovizwa malgrĂ© konstitisyon an di dĂ©pi 2012 jij kasasyon pa kapab prezidan pwovizwa ankĂČ an Ayiti. Tantativ koudeta kasasyon ki pi parĂšt se tantativ koudeta Jij kasasyon Jean Joseph Lebrun ki kore pa Zokiki, Simon Desras, Ariel Henry, Pierre
Ăkip depite Pierre Martin Tatoute ap chachĂ© fĂš koudeta kasasyon pa yo ak jij Barthelmy Altenor. Gen yon lĂČt koudeta kasasyon ki kanpĂ© dĂšyĂš jij Lesley Jules. Nan nouvo diskisyon politik nom jij Frandy PhilĂ©mon site. Kasasyon tounen yon enstitisyon totalman politik ki nan koudeta pĂšmanan.
Yo pare pou chanje premye minis chak 2 mwa. Gang Viv Ansanm ap kore tantativ koudeta kasasyon sa. Gen yon sitwayen kanadyen Jean Pierre Bailly ki se yon espyon Kanada an Ayiti ki gen yon jij kasasyon nan pĂČch li. PĂšson pa pran sa oserye. TandĂ© gang kap kore koudeta sa:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=fYylHCRLNxgv7PCW
–Koudeta konsĂšy siperyĂš pouvwa jidisyĂš (CSPJ): Se ansyen komisĂš gouvĂšnman Francisco RenĂ©e ki dĂšyĂš koudeta sa;
–Koudeta ofis pwoteksyon sitwaywen (OPC): Se Pierre EspĂ©rance (RNDDH) ak Jij koupyon Jean Wilner Morin ki te manipile dosyĂ© la saline nan ki dĂšyĂš koudeta sa. GadĂ© teyat yo te monte pou laprĂšs âŹïž: https://youtu.be/cbRUL_UlGpk?si=Vhv4xEo7QWgSWsPC
–Koudeta koudĂškont: Gen 2 jij koudĂškont ki ta renmen prezidan pwovizwa dayiti. Yo di se GĂ©deon Jean ki kachĂ© dĂ©yĂš yo ak yon jounalis trĂš konu. Nou pa rivĂ© verifye sa. Se menm GĂ©dĂ©on Jean sa ki tal esayĂ© sĂšvi a koudĂškont pou li te remĂšte jij koupyon Wendelle Coq nan kou kasasyon apre libte gen avi rechĂšch lapolis e lajistis dĂšyĂš li aprĂ© li patisipe nan touye Prezidan Jovenel MoĂŻse 7 JiyĂš 2021. GadĂ© sa âŹïž:
https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=suUIrI4Ls57NRnlO
Koudeta Montana: Se lavalas ki kaché dÚyÚ koudeta sa via Ted St Dic. Lavalas nan 3 tantativ koudeta, youn nan KPT ak gwoup 5 ki revoke Fils-Aimé, youn nan kasasyon epi Montana. Yo konte sou yon blan Washington ki se ansyen fonksyonÚ depatman deta.
Pa bliyĂ© Aristide kontwĂČle 60 pousan gang Viv Ansanm. Yo pare pou fĂš violans.
JwĂšt la make san. PlizyĂš sektĂš ap pare pou goumen. Blan an li pare tou.
Men si pĂšp la pran lari 7 Fevrier match la fini. Si sa rive pĂšp la pran lari tout moun sa yo ki fĂš pati de koudeta sa yo pou sistĂšm nan ap nan kouri.