Atis ayisien toujou wè lwen. Lè ané sa nan mizik kanaval ou tande 2 jazz Blayi One ak Alex El Hatianobkap fwape tout se vòlè e kòman blan sèvi ak politisyen restavèk tankou papyejenik, yo gen rézon. Oligak, politisyen ki restavèk, etranje ki débaké ak CARICOM, blan ki gen kontra sekirite, jounalis kap chache manje, tout se vòlè. Anatandan analiz dosye CARICOM nan tandé 2 ti video sa yo:
1.
https://youtu.be/vqDeR8P0Jmk?si=ASkQSCJ-We5ymlcv
2. https://youtu.be/jjfCyQSliUk?si=lztUadLuQzsyfhjl
Jodia 30 Janvye 2026 CARICOM òganize yon lòt yon reyinyon ak plizyè aktè politik ayisien. Yo distribye yon dokiman 16 paj pou vinn édé zanmi politik yo bay koudeta. Anpil diskisyon fèt pou wè kijan pou tabli yon egzekitif bisefal sa vlé di ki gen 2 tèt, yon prezidan ak yon premye minis. Yo bagay ki pa nan konstitisyon péyi dayiti dépi 2012. Objektif koudeta sa se lagé pouvwa a nan men lavalas.
Kisa ki CARICOM lan?
Òganizasyon CARICOM regwoupe 15 peyi ki nan karayib la. Popilasyon CARICOM reprezanté 19 milyon moun. Nan 19 milyon moun ki nan tout zile karayib la Ayiti reprezanté 12 milyon ladanl. Sa vlé di lè ou rétiré Ayiti nan 19 milyon moun ki nan karayib la 14 lòt eta yo ansanm reprezanté 7 milyon moun. Kòman fè se ti minorité sa, kòman fè se yon seri de péyi ki pi pitit ke lagonav kap deside pou pèp ayisien? Kòman ou vle yon seri de ti péyi tankou Barbade ki gen 282 mil moun, Sent Lucie ki gen 179 mil moun, Grenade ki gen 117 mil moun, Sen Vincent e Grenadine ki gen 100 mil moun, Antigua Barbuda ki gen 93 mil moun, Dominica ki gen 66 mil moun, Sent Kitts e Nevis ki gen 46 mil moun kap deside koudeta pou Ayiti ki gen 12 milyon moun? Sa a veksan anpil e pa serye! Se politisyen koupyon e kriminèl péyi dayiti ki mete nou la. Yo pase anba pyé tout prensip souvereneté Papa Louverture ak Dessalines te kite kòm eritaj pou nou.
Se André Michel, Evaliere Beauplan, Jean Bertrand Aristide, Line Balthazar, Jacky Lumarque, Pasha Vorbe ak yon pakèt lòt atoufè politik ki pa respekte pèp ayisien ak konstitisyon péyi dayiti kal chita nan reyinyon a kèk nèg CARICOM ki gen blan globalis ki kaché dèyè yo ki bezwen vinn rich sou do pèp ayisien ak péyi dayiti.
Kisa CARICOM yon òganizasyon ki gen akwentans ak oligak e lavalas janm réglé pou pèp ayisien depi 28 lane ?
Ayiti rantré nan CARICOM an 1998 kòm manb pwovizwa. An 2002 Ayiti vinn manb apa antyè. Pandan 28 lane Ayiti manb CARICOM yo pa janm édé Ayiti nan anyen. Okontrè gen manb CARICOM ki sèvi ak nom péyi dayiti pou chaché kòb Washington e nan òganizasyon entènasyonal yo. Onivo politik, ekonomik oubyen sosyal CARICOM pa janm réglé anyen serye pou Ayiti. Menm nan dosyé reparasyon pou esklavaj CARICOM mete Ayiti sou koté. Yo bliye se Ayiti ki te kòmanse batay kont sistèm sa e krazé l 18 Novanm 1803 nan batay Vètyè kote pou lapremyè fwa nan listwa mond lan yon lame esklav nwa kalé yon lamé blan.
Gen tou gen kèk pèsonalite politik nan CARICOM ki gen zanmi ak akwentans nan mitan oligak ayisien ak lavalas. Yap chaché avantaj ekonomik yo.
Yon nèg kle nan CARICOM se Colin Granderson ki te direktè MICIVIH an Ayiti dépi 1992. Li gen akwentans lavalas. Minis afè etranjè Bahamas Frederik Mitchell se zanmi Aristide. Li bay Ayiti plizyè move kou deja. Mitchell sèvi tou ak Aristide pou kache politik maspinen e violan otorite Bahamas yo kont ayisien nan dosye migratwa. Genyen tou Sandra Honore yon zanmi Aristide, li konn pase vakans lakay Aristide lè li vinn an Ayiti. Lap rale fisèl pa dèyè. Premye Minis Jamayik la Andrew Holness nan konplo a tou. Li gen 3 gwo blan globalis kowonpi ki kache dèyè l. Ou gen tou Anbasadè Ronald Sanders ki se yon diplomat Antigua ki gen kèk anakopopilis ki zanmi li. Li te sipòte tout violans péyi lòk ak koudeta kont Prezidan Jovenel Moïse. Lap rale kòd pou yo tou pa anba. Afè pal lap réglé.
Eske nou sonjé move kou CARICOM te bay Ayiti nan akò 3 Avril 2024 la?
Konstitisyon péyi dayiti klè, si pa gen palman péyi dayiti pa kapab mete prezidan pwovizwa. A travè akò Avril 2024 CARICOM te derespekte Ayiti ak tout ayisien. Konstitisyon péyi dayiti klè nan atik 149 li. Lè premye minis Ariel Henry te demisyone kòm pagen palman pou chwazi yon prezidan pwovizwa se te dwé yon lòt premye minis ak yon nouvo kabinè minis ki te dwé ramplase Ariel. Magouyè CARICOM yo ki tap chache manje bay yon prezidans 7 tèt ki pa ekziste nan manman lwa, nan konstitisyon péyi dayiti. Sa te yon move kalòt marasa Ayiti te pran nan men CARICOM nan kad koudeta sa yo te édé ateri.
24 mwa apré rezilta yo katastròfik, prè de 15 mil ayisien pèdi lavi yo anba bal, kout manchèt, boulé gang a kravat e gang a sapat yo édé mete nan pouvwa sa. Prè de 10 mil ayisien blese pa bal pandan 24 mwa sa. Prè de 1700 kidnaping e plis pase 9 mil viòl fanm ak timoun. Kanta pou moun ki deplase a travè peyi a pou ensekirite se 3 milyon. Gen 1.5 milyon kap viv nan kan ki enfènal. Mete sou sa gen 6 milyon ayisien ki nan grangou nan ensekirite alimantè. Si anyen pa fèt 1 sou 4 ka mouri grangou ane sa. Malgre reyalite terib sa, politisyen ayisien ki restavèk CARICOM ki nan tèt léta kraze plis pase 800 milya goud san oken entèvansyon anfavè pèp la pa fèt.
Kanta pou misyon KPT te antann ak CARICOM tankou mété sekirite, bagay yo vinn pi grav. KPT a livré 21 zòn bay gang, yo voyé 100 milyon goud leta bay chèf gang Viv Ansanm a travè militan Dickson Oreste yo fè Nènèl Cassy touyé apré pawòl la tonbé nan radyo.
KPT kraze 800 milyon goud pou referandòm san li pa fèt. Yo manje kòb la. Koripsyon KPT ak premye minis kap koupé rache andedan léta a total. Pap gen eleksyon ak moun sa yo. Se yon koudeta elektoral Fils-Aime, Paul Antoine Bien-Aime ak 5 manb CEP ap pare.
Pèp la dwé kouri dèyè volè sa yo kap chache fè yon lòt koudeta pou rete nan tèt léta a pandan yon lòt 24 mwa yon fason pou oligak ak lavalas ka kontinye vòlè.
Men trèt ki tal vann konsyans yo ak souverenete péyi dayiti nan CARICOM kap vyolé konstitisyon péyi dayiti e kap chache fè koudeta pou lavalas ak Montana:
- Jean André Victor ki nan yon regwoupman politik bidon 30 janvier ki pa reprezante 0.1% votan yo;
- Liné Baltazar ki sòti nan PHTK ki enplike nan gang e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021;
- André Michel, ki nan gwoup politik 21 décembre, SDO-MOPOD ki enplike nan gang nan peyi lòk ki krazé Ayiti, enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ak Ariel Henry e nan koripsyon jidisyè ak Pierre Espérance nan manipilé jij ak temwen nan dosyé ankèt asasina Prezidan Jovenel Moïse. André Michel se youn nan 3 moun ki patisipe nan ékri pou Jij Walther Wesser Voltaire rapò kowonpi sou asasina prezidan an. Li fon nan gang menm so lap di lè kontrè. Li pa reprezante 0.1% sosyete a;
- Ted St Dic, ki nan akò Montana ki pa reprezante 0.1% sosyete a. Se lavalas ak Aristide ki kaché dèyè akò Montana pou fè koudeta. Yo espere Colin Granderson, Sandra Honore ak Frederick Mitchell ka édé yo fè koudeta sa nan sijere teknisyen. Yap chaché lavalas ki gen paspò etranje tankou Monique Clesca, Emmanuela Douyon ki te nan touyé prezidan, Michel Soukar pou fè koudeta sa;
- Claude Joseph ki sòti nan nouvo pati politik ki rélé EDE. Claude trayi Prezidan Jovenel Moïse nan jere koripsyon leta ak krim KPT kont pèp la ak asasen ki touyé Prézidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Péyi a di Claude Joseph gen anpil kesyon pou li reponn;
- Emmanuel Ménard ki nan yon ti pati politik ki rélé fòs louverturienne ki pa kanpe sou anyen. Se yon pati politik ki gen 3 moun kap chaché manje ki dèyè pos nan leta. Yo te nan Ariel Henry tou. Men yon ti rafrechi memwa: https://youtu.be/kWUNTxdaEMs?si=CK458mx2BrjWZquY
- Jean Renel Sénatus alias Zokiki li fon nan chef gang Vitelhomme Innocent krazé baryè e li nan koudeta kasasyon ak chèf gang Viv Ansanm Barbecue a travè yon regwoupman politik li rélé 24 avril. Men 2 video rafrechi memwa: https://youtu.be/UsDdYXZTQfo?si=9J6tA1dQhe3lA_Iy
- Jean Palême Mathurin ki nan yon òganizasyon politik ki rélé MORN. Se yon òganizasyon ki pa gen 5 moun ladanl. Yap chaché pos minis ak direksyon jeneral nan leta.
- Yrvelt Acné, Sendikalis kap chache manje nan leta;
- Jean Lucien Ligondé gwo magouyè devan letènel. Misyé chanpyon nan koripsyon. Li nan yon òganizasyon ki rélé REN ki se yon regwoupman moun ki dèyè kòb léta ak tout move kontra. Misyé mache men nan men ak yon ansyen minis spò ki nan koripsyon.
- Pierre Marie Boisson yon nan ekonomis restavèk kap fè strateji pou oligak kowonpi e kriminèl peyi dayiti. Li travay men nan men ak Jacky Lumarque yon operatè oligak gwoup de Boudon ki se ansyen kandida pou prezidan Verite-Inite;
- Rosny Desroches li se restavèk oligak Andy Andy Apaid. Li reprezanté sosyete sivil ki restavèk oligak yo.
Apré reyinyon an fini CARICOM ki mele nan koudeta lap pare ap esayé naje pou sòti. Yo bay tout magouyè politik randevou pou lendi kap vini la.
Kote pozitif nan kriz sa pèp la wè tout malandren ki tap manje nan men manb KPT, lòt malandren ki tap manje nan men oligak, Laurent St Cyr ak Fils-Aime, sakap manje nan men kasasyon, CSPJ, OPC epi sakap chache manje toupatou.
Pèp la kanpe lwen tout jwèt koken pouchis sa yo
Anatandan nan interview li fè Sendomeng Leslie Voltaire fè konnen an mesaj daki si yo pa kite Aristide, Pasha Vorbe, limenm ak lavalas la mété prezidan ak premye minis yo pral mete enstabilite ak violans an Ayiti. Pa bliye lavalas kontwòlé 60% nan kowalisyon gang Viv Ansanm, tandé ⬇️:
Pèp la pap tolere sa nan men Aristide, Leslie Voltaire, Pasha Vorbe ak lavalas