Apre jij federal Ana C. Reyes te fin bay yon iltimatòm pou mande dokiman ki pwouve gouvènman ameriken an te pran yon desizyon byen fonde sou dosye TPS Ayiti a , avoka gouvènman ameriken an te reyaji rapidman pou reponn a demann sa a. Kòm rezilta, Jij Reyes mete sou pye yon kalandriye pwosediral trè sere ki dwe respekte avan dat 3 fevriye 2026 la.
Dapre kalandriye a, jedi 29 janvye a, avan 5:00 p.m., pati yo oblije soumèt yon rapò sou eta dokiman yo dekouvri nan kad dosye a. Vandredi 30 janvye a, a 10:30 a.m., toude pati yo pral patisipe nan yon konferans vityèl devan jij la. Selon plizyè òganizasyon ki pwòch dosye a, tout endikasyon montre Jij Ana C. Reyes kapab pran yon desizyon final avan 3 fevriye 2026, dat pwogram TPS Ayiti a sipoze rive a ekspirasyon li.