« La République ne reculera pas devant ceux qui troublent la paix avec gravité.
Aucun gang, aucun complice, aucune zone ne sera au-dessus de la loi.

En ce moment solennel, j’exprime la gratitude de l’État haïtien à nos partenaires internationaux, notamment les États-Unis, le Canada et l’Union européenne, ainsi qu’aux formateurs et cadres de la Police nationale d’Haïti, pour leur appui constant à cette avancée décisive.
Je ne saurais non plus oublier le coordonnateur du CPT, qui a toujours cru en nos démarches et soutenu la PNH.

Pèp ayisyen, frèm ak sè m yo, nan moman grav sa a nan istwa peyi nou an, m ap pale nou avèk tout kè m, san ezitasyon.
Tout pèp la konnen Polis Nasyonal d Ayiti ap mennen yon konba san pran souf kont gang kriminèl yo, e konba sa a pa pou mouri nan men nou.
Mwen ba nou garanti gouvènman sa a p ap fè bak. Leta ap aji.

Mwen vle mesaj sa a klè, san konfizyon : gang yo pap dirije Ayiti.
Kriminèl ak kravat, kriminèl ak sapat, pap fè lalwa.
Nenpòt moun, kèlkeswa non li oswa pozisyon li, ki chwazi kanpe anfas Leta ap jwenn repons Leta san feblès, san konpwomi.

Mwen konnen gen fòs k ap eseye sabote efò lapolis, men devan pèp la mwen pran angajman sa a : m ap veye anwo, m ap veye anba, pou okenn konplo pa kraze espwa pèp la.
Mwen kanpe bò kote pèp la jiskaske lòd retabli sou tout teritwa nasyonal la.

Lapolis la vin pi fò, pi ekipe, pi pwofesyonèl chak jou.
Nou p ap voye lapolis la al goumen san mwayen. Nou kòmanse rekipere teritwa yo, nou kòmanse pwoteje fontyè yo pou zam pa rantre ak lajan pa rantre.

Pèp ayisyen, polisye nou yo ap pwoteje nou.
Nan non Repiblik la, mwen di yo mèsi.
Mwen bese tèt mwen byen ba devan tout fanmi polisye ki tonbe yo. San yo p ap koule pou granmesi.

Polisye 35ᵉ pwomosyon an, ansanm ak premye pwomosyon P-4000 lan, mache dwat pou sèvi peyi a ak onè, respè ak diyite.
Nou rantre nan yon faz desizif. Se nan inite n ap genyen batay la.
Se pa nan enstabilite n ap rebati peyi a.
Se nan sekirite n ap retabli demokrasi.

Objektif nou klè e li pa negosyab :
òganize eleksyon lib, onèt ak kredib an 2026, pou pèp la reprann souverènte li nan tout lapè.

Viv PNH !
Viv sekirite !
Viv estabilite !
Viv pèp ayisyen ! »