Pa Anbasadè Stanley Lucas

Peyi dayiti p ap chanjé si pa gen gwo refòm ki fèt nan lajistis ak dwazimen. Oligak yo ak kèk politisyen kontwòlé sistèm jidisyè a ki fon nan koripsyon pou yo. Gen yon ti rézo jij k ap proteje kriminèl. Gen tou kèk militan dwazimen oligak yo itilize pou manipile jij koupyon, grefye malonèt pou bay desizyon koripsyon nan tribinal pou yo. Oken sosyete nan mond lan pa kapab progrese si pa gen rejim lalwa, si pa gen redisyon dè kont. Sosyete kote lajistis kowonpi toujou gen gwo violans ak enstabilite politik.

Jodia 7 Janvye 2026, sa fè 54 mwa oligak, politisyen kriminèl péyi dayiti sèvi ak solda mèsenè asasen kolonbi pou touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse.

Yon ti tan apré gwo krim sa asasen yo pran kontwòl pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyè. Depi lè sa yap pyafe sou pèp. Chak mwa yo touye 600 ayisien. An 54 mwa kriminèl a kravat e a sapat yo touyé plis pasé 32 mil ayisien inosan.

Apré tout yon seri manipilasyon e koripsyon jidisyè ki echwé, depi kèk semènn se jij kou dapèl Denis Cyprien nan kou dapèl pòtoprens k ap jwe nouvo teyat koripsyon pou yo. Pèp la dekouvri jwèt koken Jij kou dapèl pòtoprens Denis Cyprien ak Emmanuel Lacroix nan desizyon koupyon desepsyon yo pibliyé 13 Oktòb 2025. Pandan yo pran pòz yo anile ankèt koripsyon Jij koupyon Walther Wesser Voltaire y ap esaye bay kou pa anba pou oligak Boulos, Vorbe, pou Ariel Henry, Pierre Espérance, André Michel ak avoka Boulos. Bagay ki rèd e difisil pou komprann toulè 3 jij kou dapèl pòtoprens ak 3 komisè gouvènman ki te sou sou dosyé asasina prezidan an e tantativ asasina premyè dam nan se lavalas.

Gadé ekstrè atik jounal Nouvelliste sa pou wè diferans ant sa jij koupyon sa yo di laprès e kou koken yap esaye bay pa anba ⬇️:

Tout peyi a te dekouvri koripsyon jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire ki sòti nan pati politik Verite-Inite menmjan ak Kato, Ariel, Fils-Aimé, Bellerive ki se kouzen Martelly. Lè ou analize metadata rapò PDF jij koupyon Voltaire ou jwen se André Michel, avoka Boulos ak yon éléman primati a sou Ariel ki ékri rapò a pou jij koupyon Voltaire. Kidonk sou baz koripsyon jij enstriksyon an, 3 jij kou dapèl pòtoprens Emmanuel Lacroix, Denis Cyprien ak Fremont Damesi te gen yon sèl desizyon pou yo pran. Anile rapò ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse ak tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse a ki chita sou koripsyon jidisyè. Denis Cyprien pran pòz li fè sa le 13 Oktòb. Men se te blòf

Lè arè final la sòti pèp la dekouvri jij Denis Cyprien nan koken. Jij kowonpi sa anile plent Martine Moïse ak Joverlein Moïse 2 viktim prensipal ki poteplent kont asasen yo e li aksepte apèl tout kriminèl yo. Arè koripsyon sa chita sou rapò kowonpi Walther Wesser Voltaire ke Cyprien reprann. Anmenm tan sak trayi yo tou yo lanse yon kanpay asasina karaktè viktim yo. Gen 3 jounalis ak yon dam nan diaspora ki touché pousa. Yon bò yo vlé fè w komprann ak kout manti se prezidan an ki touyé tèt li. Tande sa ⬇️:Apré touye tèt li
⬇️⬇️⬇️
https://youtube.com/shorts/zDPBbblhe_s?si=PUkf3G-XYp2N8VcC

Yon lòt bò menmjan yo te fè Kanpay pou asasinen karaktè prezidan an anvan yo touye l y ap esaye fè menm pwopagand manti yo pou gadé si yo ka touyé madanm li Martine Moïse ke yo pat rive touyé 7 Jiyè. Yo esaye sèvi tou ak fébless Joverlein Moïse pitit prezidan an menmjan yo te fè sa ak frè prezidan an apré yo te touyel.

Lajistis Ayiti malad jis nan zo. Tou otan koripsyon sa pa krazé pèp ayisien an fèk kòmanse viktim anba gang oligak.

Pèp la sonje motif prensipal asasina Prezidan Jovenel Moïse. Motif krim nan ekonomik. Prezidan Jovenel Moïse te koupe koripsyon oligak yo ki tap volè 1 Milya 200 milyon dola vèt léta chak ane nan kouran, nan achte e vann pwodwui petrolye, nan wout, ladwann, telefon 4G elatryé. Lè oligak ki te kaptire leta wè refòm prezidan an ap rétiré manmèl la nan bouch yo vre, yo touyél.

Dezyèm motif krim nan se politik. Referandòm sou nouvo konstitisyon an ak eleksyon yo tapral krazé nèt sistèm peze souse oligak yo te tabli nan leta.

Oligak yo, Dimitri Vorbe, Réginald Boulos, Gilbert Bigio, Jean Mary Vorbe mété ak kèk politisyen, kèk militan dwamoun, kèk jij, kèk etranje pou touyé prezidan an e tiré premyè dam nan 7 Jiyè 2021. Gen blan meriken ak dominiken ki patisipe nan asasina sa tou. Tande prezidan an ki tap palé de menas sa yo ⬇️:
a. https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=VDEs3yOWrtWCL40v
b. https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=yWJ_98nUTKxdVbNo
c. https://youtu.be/ZPfalP1aU34?si=k6HIXkP_ixiZdQL7

Oligak Réginald Boulos kowonp jij ak politisyen ak kout kòb, machine li fè yo kado, kay ak lòt avantaj li bayo. Boulos sèvi ak André Michel, Youri Latortue, Pierre Espérance, avoka li Samuel Madistin
kòm restavèk pou kowonp lajistis e mete enstabilite politik. Tande Sekretè Deta Mario Andresol k ap eksplike dépi kilè Reginald Boulos ap bay Pierre Espérance kòb pou manipile lajistis ak viktim, dépi nan afè siwo anpwazone a. Tande la ⬇️:

Pa bliye non moun sa yo nan ekip mafya jidisyè a

1- André Michel
Se André Michel ke Boulos te remèt jij kou kasasyon Joseph Mecène pou fè tantativ koudeta an Fevrier 2021. André Michel se youn nan moun ki ekri rapò sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pou jij koupyon Walther Wesser Voltaire. Gadé video sa ⬇️:

2- Ariel Henry
Ariel Henry ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse patisipe tou nan redaksyon rapò jij koupyon Voltaire fè sou asasina prezidan an. Pa bliyé pou pwoteje asasen ki touyé Prezidan Jovenel Ariel Henry te mété 6 moun pal nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) e 8 atoufè pa l nan kou kasasyon. Jij enstriksyon Gary Aurelien jwen Ariel Henry enplike jis nan kou nan touye prezidan an.

3- Youri Latortue
Youri Latortue te prezidan komisyon jistis nan sena a e prezidan sena. Li kontribye a nonmen anpil jij kowonpi kap travay pou li. Jij sa yo fè koripsyon nan dosyé finansye e administratif léta, elimine biwo vòt lè eleksyon, nan dosyé politik elatrye. Gadé foto Youri ka pral chaché kòb nan men Boulos pou mete vyolans epòk péyi lòk ⬇️:

4- Samuel Madistin
Boulos sèvi tou ak Samuel Madistin avoka, ansyen senatè ki te nan komisyon jistis sena a, prezidan fondasyon jeklere ki swadizan travay nan afè dwa moun men kap regle zafè politik oligak la. Madistin se prezidan youn nan branch pati politik MOPOD ki nan koudeta kasasyon pa anba. Madistin fon tou nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè ak nan kasasyon. Pa egzanp se rézo sa a ki tal chache Joseph Mecène pou te metel nan koudeta kont Prezidan Jovenel Moïse. Pou plis detay teke sou link sa ⬇️:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=JGpCNBL-U_zMJH61

5- Pierre Esperance
Boulos sèvi tou ak Pierre Espérance ki se youn nan gwo manipilatè pouvwa jidisyè a kap achté jij pou Boulos ak oligak blakawout yo. Se Pierre Espérance ki achte manda ilegal nan men jij kowonpi Jean Roger Noëlcius yo pral itilize pou touyé prezidan an e tire premyè dam nan 7 Jiyè 2021. Se Pierre Espérance ki te voyé Mario Beauvoir al depoze manda sa nan anbasad meriken. Lè Esperance echwé nan esayé fè manda ilégal sa disparèt ak Jij kowonpi Walther Wesser Voltaire paske nan entewogasyon Badio manda a reparèt nan kou dapèl, Esperance kouri fè yon vwayaj sekrè kanada pou ranjé bouch jij Noëlcius ak Mario Beauvoir pou si yo vinn poze l kesyon. Pa bliyé Espérance ap manipile jij kou dapèl Denis Cyprien kap fè yon swadizan ankèt men se pito montaj lap fè pou oligak yo. Tande sa ⬇️:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=D0iW3rzrl1z9WwsK

Men kopi manda ilegal Esperance ak lèt Mario Beauvoir tal depoze pou li nan anbasad meriken ⬇️:

6- Ekip Vorbe la, Jocelerme Privert, Antonio Cheramy
Oligak Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe ak Pasha Vorbe se gwo koriptè lajistis. Yo sèvi ak Jocelerme Privert pou fè ateri koripsyon nan lajistis. Yo chanpyon nan achté jij ak palmantè tankou Antonio Chèramy. Lè nèg épé parèt devan kamera pou palé de wòl Privert sou koté oligak Vorbe, yo touyé nèg épé a lamenm. Tandé sa nèg épé a te di ki fè yo touyé l, teke la ⬇️:
https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=1XoyoNElexGffAhP

Se oligak Vorbe yo ki te achté vòt yo nan palman an pou fè Privert Prezidan pwovizwa. Se oligak Vorbe yo ki te òganize ak Aristide tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021 e patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tiré premyè Dam Martine Moïse ak konplisite jij pouchis e kriminèl Wendelle Coq. Lè oligak Vorbe yo finn touyé Prezidan Jovenel yo péyé Jij koupyon Brédy Fabien pou fè yon òdonans pou yo ki egzije léta péyé Vorbe yo 54 milyon dola dedomajman, Pou plis detay teke sou link sa ⬇️:
https://youtu.be/f3i12GX4ppw?si=xF_z2lXpmBM9i4Fq

7- Bredy Fabien
Pa bliyé jij kowonpi Brédy Fabien lè li fè òdonans koupyon sa pou oligak Vorbe li te konnen 3 bagay:

1-Prezidan Jovenel te koupé tout kontra kouran Sogener ki pou Vorbe yo e li te koupe tout kontra wout Vorbe & Fils. Prezidan Jovenel Moïse te rekipere izinn kouran léta Varreux oligak Vorbe yo te volè.

2-Jij koupyon Fabien te okouran tou te gen manda lajistis te mété dèyè Dimitri Vorbe pou dè santènn de milyon dola vèt li vòlè léta nan vann blakawout. Lè lajistis sòti pou maré Vorbe li kouri al kaché Miami. Vorbe finanse gang G-Pèp ak Kato. Yo kreye tou òganizasyon teworis Fantòm 509 andedan lapolis LA ak sipò Pierre Espérance. Yo kore tou chèf gang Izo 5 sekond ak ti makak.

3-Jij Fabien te okouran tou depi 9 Jiyè 2021 te gen manda dèyè Dimitri Vorbe pou enplikasyon li nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tiré Premyè Dam Martine Moïse.

Pa bliyé Prezidan Jovenel Moïse te fè konnen pandan li te vivan lè li tap vanse nan program kouran 24 sou 24 e rétiré koripsyon oligak blakawout yo, yo te fè prezidan an konnen si li kontinye nan afè kouran sa yap touyé l. Efektivman oligak yo ak restavèk politik yo touyél. Tande sa Prezidan Jovenel Moïse te di, teke la ⬇️: https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=VQcdRHVd_i0jqq3Z

Aprésa teke la ⬇️:
https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=_kSJAwf3K09DaA-M

Oligak yo depansé anpil kòb pou touye Prezidan Jovenel Moïse paske li koupé 1 milya 200 milyon dola vèt yo tap volè pa ane andedan léta a nan zafè kouran, achté e vann gaz, wout, ladwann elatryé. Oligak yo touyé prezidan an poutèt li tap krazé koripsyon. Men yon lòt egzanp teke la ⬇️:
https://youtu.be/ZPfalP1aU34?si=droXLowC0_PF9xe6

Nan youn nan emisyon ke li fè chak Samdi bouch Edo Zenny chape li di: limenm ki pa bwè tafya men lè li anraje li ka di ki bank Sendomeng ki resevwa kòb pou touye Prezidan Jovenel Moïse e li konnen ki bank an Ayiti ki voyé kòb la. Jis jodia jij koupyon kowonpi kap défann oligak kriminèl poko janm mande Edo enfòmasyon detaye sa. Pou tandé sa Edo te di, teke la ⬇️:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?si=haxsHyu7Zvm2ZLDT

Lajistis kowonpi e brital anpil. Lè mèt Aspil Magloire militan kap défann dwa moun ki nan bawo vil Mibalè pale de koripsyon ak patisipasyon pouvwa jidisyè a nan krim sa, asasen pouvwa jidisyè yo touye l. Tande sa mèt Magloire te di, e yo touyé l pousa, teke la ⬇️:
https://youtu.be/Rd8xZrptU4M?si=ibTzGIhBkOqxPmaX

Mafya jidisyè ap viv ansanm ak Barbecue
Jodia mafya jidisyè sou lòd oligak ap eseye fè tantativ koudeta pou pran pouvwa ak òganizasyon teworis Viv Ansanm. Pou plis detay tandé Barbecue chèf òganizasyon teworis Viv Ansanm, teke la ⬇️:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=z5GJAsZCyDXLgAm0

Pandan lajistis Ayiti ap fè vire won koripsyon lajistis meriken kondane avi nan prizon John Joel Joseph operatè Vorbe ak Aristide. Yo kondane tou Rodolphe Jaar operatè Vorbe, Antonio Palacios Palacios kòmandan solda asasen kolonbi ki touye prezidan an e tire premyè dam nan elatryé. Gen nouvo arestasyon, ekstradisyon ak kondanasyon ki pral fèt nan mwa Mas 2026.