Tankou chantè Tikenjah Fakoly di nan chante li, mon pays va mal.
Pou yon kriminèl tankou Nènèl Cassy ki ame gang pou fè violans péyi lòk, Nènèl Cassy ki kreye mouvman teworis Fantòm 509 pou krazé lapolis e destabilize gouvènman konstitisyonèl Jovenel Moïse, pou Nènèl parèt nan figi pèp la jodia ap envante istwa tenten manti sa chokan anpil. Gadé video sa ⬇️:
Chèf gang sa ki rélé Nènèl Cassy odasye toutbon.
Tout peyi a konnen Nènèl Cassy se youn nan pi gwo gang a kravat kap sèvi Aristide ki kontwòle 60 pousan gang teworis Viv Ansanm.
Se Nènèl Cassy ki fè liezon ak gang yo pou oligak Pasha Vorbe, Reynold Deeb ak Dimitri Vorbe. Kòman chèf gang sa fè ap maché sou moun toujou jiskaske li rivé fè rankont ak jounalus? Mon pays va mal vre.
Pèp la denonse Nènèl Cassy pou gang li kreye sòti ansavo pase chalon pase greasier rive Mariani. Chèf de fil gang BLTS nan rejyon sa se Anathas Jean Philippe. Se yo ki touyé André Vigne, Maxime Watson, Menelas Evens. Se y ki kidnape Placide Wilkens, Jacques Antoine.
Se komisè Jean Ernest Muscadin ki mete yon pwen final ak rézo gang sa Nènèl te mété. Muscadin te arete Nènèl pou gang an Janvye 2021. Depi lè sa Nènèl bezwen touye Muscadin.

Nènèl patisipe nan touye om dafè diplomat Matilus Pierre avèk Youry Chevry 3 Fevrier 2021. Se Pierre Espérance ak minis jistis Patrick Pelissier ki te avoka òganizasyon teworis Fantòm 509 kap manipile lajistis pou proteje chèf gang Nènèl Cassy.
Nènèl Cassy fè plizyè dizènn inifòm lapolis pou distribye bay gang pou yal fè krim.
Nènèl Cassy kreye yon gang teworis nan lapolis la ki rélé Fantòm 509 ki fè anpil déga kont malere e kont peyi dayiti. Fantòm 509 pral touyé polisyè swatt team Patrick Anozart.
Se ak polisye Courtois ki touye swatt Anozart ke Nènèl Cassy pral monte gang kap kidnape moun nan Delmas 40B.
DCPJ envite Nènèl pou li reponn pou plizyè krim 26 Fevrier 2021. Nènèl ki chèf pase lapolis la mete pye. Lè jij enstriksyon Ikenson Edume monte sou dosyé a, Nènèl Cassy voyé chèf gang Izo Al kase palè jistis 10 Jen 2022 pou fè dosyé disparèt.
Lapolis mete avi de rechèch dèyè Nènèl Cassy pou Nènèl montré li chèf pase lapolis li òganize ak Patrick Pelissier yon seyans nan pakè pòtoprens ak komisè gouvènman kote yo bwè yon tas kafe ansanm. Epi apré li monte machine li Al fè wout li malgré tout krim li komèt.

ULCC fè rapò sou koripsyon e blanchiman, anrichisman ilicit Nènèl Cassy 15 Novanm 2023. Nènèl chèf pèson paka manyenl.
Nènèl nan gang Kenscoff, li nan gang G-Pep, li nan Fantòm 509, li nan gang BLTS chalon ak plizyè lòt asosyasyon malfektè lapolis pa kapab manyen Nènèl ki mèt lajistis kowonpi.
Eske nap kite gang a kravat sa kontinye fè krim an Ayiti an 2026?