Pa Anbasadè Stanley Lucas

Apré lagè endepandans peyi dayiti, amperè Faustin premye, te deside 2 Janvye ap yon jou fèt nasyonal pou onore papa nasyon an Jean Jacques Dessalines.

Pi devan an 1904 nan moman Ayiti tapral selebre 1 syèk dépi li endepandan jeneral Nord Alexis ki te prezidan péyi a deside 2 Janvye ap tounen jou zansèt yo. Jou sa te kreye pou onore tout esklav mawon ki te tonbé nan goumen pou libète, pou rétiré moun nwa nan lesklavaj e bayo menm dwa ak tout lòt moun sou latè.

Jou zansèt yo se jou fèt nasyonal pou netwaye, onore tonbo zansèt yo. Sa fèt pandan gen ofrand ki depoze pou yo. Jou zansèt se tou yon jou refkeksyon kote fanmi yo manje ansanm diri djondjon, salad bètrav elatrye. Peryòd sa gen anpil enfliyans vodou sou li a travè sezon makaya. Jou zansèt yo se yon jou sakré.

Kidonk 2 Novanm 2026 lè pèp la obsève fèt prive nan vila dakèy kote manb KPT ak Fils-Aime ak kèk lòt zanmi delenkan yo ap danse sou podium tankou se nan bal yo ye. Sa se yon sakrilèj. Gadé la 👇🏿

Konpòtman delenkan sa se yon sakrilèj pou 2 rézon:
1-Yo vyolé siyifikasyon istorik sakrifis zansèt yo ki te bay lavi yo pou bannou libète;

2-Debòch sa vyole memwa 4 mil 388 viktim ki tonbé anba bal 4 etaj ensekirite a pandan 9 mwa ki sot pasé la.

Delenkan sa yo pa gen oken respè pou lavi zansèt nou yo e pou lavi 4 mil 388 ayisien ki tonbé anba bal gang teworis kriminèl yo pandan KPT ak Fils-Aime se otorite defakto léta

KPT ak Fils-Aime san konsyans. Yo Slse zonbi yon ti gwoup oligak ki pa respekte valè peyi dayiti ak pèp la. Se pousa yo mete valè sa yo anba pyé, yap maché sou yo.

Pèp la te kritike konpòtman sa dépi sou Martelly, malgré tou delenkan ki la yo nan KPT a e nan primati a pa aprann anyen.

Delenkans sa, awogans sa KPT ak Fils-Aime afiche estomake anpil ayisien an Ayiti e nan diaspora a.