Anbasadè Stanley Lucas

Politik se yon mo ki sòti nan lang grèk politikos ki vle di zafè kominote a.

Kidonk politik se tout sa ki gen pou wè a yon kominote, yon léta. Lè wap pale de politik fòk ou wè plizyè bagay:

  • Teknik emak jan pou w dirije
  • Jan pouvwa yo òganize
  • kòman pou w jere zafè leta
  • Aksyon ki prevwa e jan ou pral egzekite yo a travè yon enstitisyon, òganizasyon, yon pati politik, yon leta, yon biznis, yon sitwayen pou w ka rivé a yon objektif ki te defini

Politik la konsène pa tout sakapase nan sosyete a, relasyon ak lòt peyi, sekirite, edikasyon, finans piblik, defans, jistis, kilti elatrye.

Ou jwen politik la nan tout nivo:

  • Nasyonal
  • Regional
  • Depatmantal
  • Minisipal
  • Lokal
  • Entènasyonal

Politik la gen plizyè kalte aktè ladanl:

  • Elu moun pèp la chwazi nan eleksyon kap aji an fonksyon de delegasyon pouvwa pèp la bayo
  • Pati politik
  • Sendika
  • Asosyasyon
  • Gwoup de presyon

Yon politisyen se yon moun ki fè politik kòm metye. Yon vrè politisyen dwé konnen tout sibtilite yo.

Anjeneral yon politisyen se reprezantan yon pati politik oubyen se yon moun kap jwe yon wòl ki gen rapò ak lavi piblik, pa egzanp:

  • Depite
  • Senatè
  • Majistra
  • Lidè pati politik

Politisyen ka yon mo negatif lè yo pa jwe wòl yo pou delivre pou popilasyon an e tonbé nan move zafè. Nan ka sa politisyen vle di intrigan, granmanjè, volè, raketè, trèt.

Vrè politisyen an mete sou kote anbisyon pesonèl yo pou okipe afè pèp, afè kominote yo, sak reprezanté enterè jeneral. Vrè politisyen an tankou Prezidan Jovenel Moïse tap travay chak jou pou byenèt tout moun. Pou ti rès la al jwen pèp la. Oligak yo ki bezwen piye léta touyél pousa.

Pè la dwe goumen pou mete nan tèt leta moun ki ka bali sekirite e ki ka okipe sak enpòtan pou li.