Nan mwa JiyĂš 2021 lapolis ak lajistis lage avi de rechĂšch dĂšyĂš ansyen senatĂš John Joel Joseph ak jij kou kasasyon Wendelle Coq pou enplikasyon yo nan touye Prezidan Jovenel MoĂŻse e tire PremyĂš Dam Martine MoĂŻse.
Ak konplisite John Joseph sove kouri kite peyi dayiti al sere Jamaique. Lapolis jamayik arété fijitif la epi ameriken yo ekstradel.

Jij koupyon Wendelle Coq ke solda mĂšsenĂš kriminĂšl kolonbi yo tapral enstale nan palĂš kĂČm preyidan pwovizwa rantrĂ© nan kachĂ© aprĂ© asasina prezidan an. Depi lĂš sa lajistis ak lapolis ap chache fijitif la. 53 mwa pĂšson paka di si fijitif Coq vivan ou mouri.

Nan péyi etazini lajistis gentan jije e kondane John Joel Joseph poul pase rÚs vi li nan prizon. John Joel Joseph nan tribinal la rekonÚt yo touyé prezidan an e tire premyÚ dam nan 7 JiyÚ 2021. Devan tout moun John Joel Joseph mandé padon pou krim sa li pat dwe fÚ.
Poutan an Ayiti lajistis kowonpi telegide pa Pierre EspĂ©rance, avoka Boulos ao fĂš teyat. Jij koupyon Denis Cyprien ap fĂš manĂšv pou envantĂ© yon istwa ki twĂČp pou li. Anpil moun ap mandĂ© konbyen kĂČb oligak yo pĂ©yĂ© l pousa?
Nou remake tou gen kĂšk jounalis ki touche nan men oligak pou fĂš teyat sa machĂ©. Se menm jounalus ki te konn fĂš pwopagand pou oligak yo pou detwui PrĂ©zidan Jovenel MoĂŻse lĂš li te vivan. Yo rekĂČmanse ak menm pwopagand yo pou sal kadav Prezidan Jovenel epi detwui madanm li. Fwa sa je pĂšp la kalĂ©.