Depi nan diskou li te fè 7 out 2025 lè li monte kòm kowòdonatè konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT), Laurent St Cyr nan diskou ke li fè te menase laprès endepandan ki pap janm restavèk oligak. Tande ekstrè diskou sa tape la 👇🏿: https://youtu.be/v0qHAC0WVXw?si=7iYGQNuhoE_1UyQW
KPT ap fè operasyon baboukèt sou laprès
Depi apré Fevrier 1986 se premye fwa yon rejim atake laprès konsa. Libète ekspresyon, libète lapawòl se yon pwoblèm pou KPT a ak gouvènman Fils-Aimé a. Yo sèvi ak komisè gouvènman, Conatel ki se ògann regilasyon kominikasyon leta ak violans gang pou ataké e fè represyon kont jounalis ak medya kap kritike konpòtman totalitè e kowonpi yo nan tèt léta a. Gen 3 semènn desa Leslie Voltaire ki nan KPT a ak Jean Bertrand Aristide te voyé touye jounalis Guyler Delva Prezidan asosyasyon SOS jounalis poutèt li tap mande kou kasasyon bay desizyon final li sou 9 moun ki touye jounalis Jean Dominique. Pou plis detay tape la 👇🏿:
a. https://sefirot24.com/2025/12/02/3-desann-2001-aristide-fe-gang-lavalas-touye-jounalis-brignol-lindor-24-lane-apre-jean-bertrand-aristide-ak-leslie-voltaire-kpt-lavalas-bezwen-elimine-jounalis-pired/
Oligak renmen machann mikro
Tout mou konnen
oligak yo pa renmen jounalis endepandan k ap prezante laverite. Oligak yo renmen machann mikro, pou plis detay tape la 👇🏿:
https://youtu.be/sS5IR-nSJls?si=txJ7RiaCxscUwo0
Metòd tonton makout
27 Desanm 2025 asosyasyon jounalis Okap (UJNH) te nan reyinyon e diskisyon sou apresyason yo de ane 2025 nan radyo Souvenir ki nan Rue 5&6 Boulevard. Anpil kritik fèt sou pèfomans politik, ekonomik ak sosyal KPT a ak gouvènman Fils-Aimé a sou radyo Souvenir FM. Kòm répons, otorité yo voyé sekirite meri a ataké epi bat 4 jounalis, Herly Milien, Widner Joseph, Frensly Estimable, Altidor Wilson ak Paul Love-Marckendy ( MakoLove). Pou plis detay gade video sa 👇🏿:
https://youtu.be/cLxcBNG4y7k?si=m7_Pe8fGQpDkDFP0
Gen jounalis yo manké tire e genyen tou ki manke pran kout kouto nan men ajan sekirite meri a.
Se majistra Patrick Almonor ki t ap kowòdone violans sa yo kont jounalis UJNH yo konfomeman a dekrè baboukèt 22 desanm nan koté jounalis pa dwe kritike KPT ak Fils-Aime.
Sekirite yo disparèt 1 milyon goud!
Pou kaponnen jounalis yo aprè 30 minit ajan meri yo retounnen pandan avoka radio a ki te la t ap obsève yo. Meri a fè remòke machine jounalis Widner Joseph ki te devan radyo Souvenir FM malgre yo te prezan. Pretèks yo itilize, li te mal pake. Tou sa fè pati politik entimidasyon kont jounalis ki te prezan yo. Lè jounalis yo al eseye rekipere machine nan, gen 1 milyon goud ki te ladanl ki disparèt. Abi sa yo kont laprès choke anpil moun Okap. Represyon kont jounalis gen lè pran yon lòt vitès. Pou plis detay tape la 👇🏿:
https://www.facebook.com/reel/878057531248781?sfnsn=wa&mibextid=6AJuK9
KPT deside jwe pwolongasyon
Tou sa se taktik entimidasyon pou jounalis pa pale sou pèfomans responsab leta yo ki dwe kite pòs yo konfomeman a dokiman yo te siyen 2 Avril 2024 pou pran pouvwa. Dokiman sa di klèman oken prolongasyon nan tèt leta a pa posib. Yo pa vle sa pale tou nan kad nouvo koudeta y ap pare pou 7 Fevrier
Anpil jounalis okap santi yo an danje e menase nan represyon meri a ap egzekite sou lòd otorité santral yo.
Ayiti p ap tounen nan diktati: dlo pa monte mòn!
Otorite Ayiti vlé pran wout diktati. Sa inakseptab. Ayiti p ap tounen nan diktati. Pèp la pral revòlte kont pwojè totalitè sa oligak yo ke Abinader ap kore.