Pa Anbasadè Stanley Lucas

Ayisyen se yon pèp spesyal. Bondye, lespri ki anlè yo, sa nou pa wè yo sèvi ak ayisyen kòm yon modèl pou mond lan. Bondye sèvi ak ayisien pou pote laverite ki chita sou libète, egalite, fratènite bay tout nasyon nan mond lan. Nan kraze lesklavaj se Ayisien Bondye te chwazi pou pote mesaj sa bay tout pèp. Ayisien se profèt libète.

Misyon Ayiti se bay yon modèl pou libète nan mond lan
Pou kòmanse batay sa kont esklavaj, kont racism Bondye ak sa n pa wè yo chwazi esklav Padrejean nan Podepè an 1679, Makandal an 1758, Boukman an 1789, Louverture an 1800, Dessalines, Capois Lanmò, Christophe 1804 pou pote mesaj libète sa bay tout pèp. Se aksyon sa yo ayisien fè ki pral bay Martin Luther King, Nelson Mandela ak Barack Obama. Se Ayisien ki fè tout moun se moun nan mond nap viv jodia.

Stephora Joseph, yon egzanp ayisyen
14 Novanm 2025 Stephora Joseph mouri asasine nan Puerto plata,Sendomeng. Stephora bay lavi li pou goumen kont nouvo fòm racism sa ki ta renmen trete moun nwa kòmsi yo pa moun menmjan ak tout lòt moun.

Sephora Joseph se yon jèn fi ayisièn nwa 11 lane ki tap viv nan vil Santiago de los caballeros Sendomeng. Li te meyè elèv nan klas li nan lekòl Leonardo Davinci. Li tap sibi anpil prejije de elèv nan klas li ki t ap entimide li e menase l poutèt koulè po li e paske yo te konsidere l kon moun pòv.

Yon bann responsab iresponsab oubyen yo rasis?
Responsab lekòl la infliyanse pa politik racist kont moun nwa ultra nasyonalis dominiken lage nan radyo pa t janm fè anyen kont prejije ak diskriminasyon Stephora tap sibi nan mitan elèv parèy li ki pansé yo blan e siperyè a moun nwa.

Nan yon poèm Stephora te ekri fas a pèsekisyon sa yo li di:
« chak ti fi diferan, men chak diferans se yon fòm lanmou pou pwòp tèt ou. Nou pa fè jan nou ye a. Nou bèl jan nou ye. »

Nou kapab li tèks konplè Sephora ékri sou foto ki nan tèt atik sa. Li ekri tèks sa fas a tout entimidasyon racist li tap sibi aloske profesè ak reskonsab lekòl yo pat di anyen epi tolere sa.

Ni pwofesè ni elèv ni otorite Dominiken yo fèmen je yo, fèmen bouch yo devan krim sa a
Kolèj Leonardo Davinci te òganize yon aktivite andeyò lekòl la nan yon piscine. Pandan elèv yo nan aktivite sa plizyè elèv wè Stephora Joseph k ap nwaye nan piscine lan. Yap gadé l, yap griyen dan yo kòmsi Stephora pat anyen. Lè Stephora finn mouri nwaye yo rete omwen 30 minit ap ranse pandan li anba dlo piscine lan. Krim racist sa grav paske li fèt devan je elèv, profesè ak reskonsab lekòl Leonardo Davinci san yo pa fè ni di anyen. Yon zak repiyan e revoltan ki sanble ak epòk lesklavaj kote pitit kolon blan te ka touye tou jan li vle oubyen obsève esklav yo t ap maspinen. Gadé video kote sa te rive nan piscine nan 👇🏿:

Se pa peyi blan sèlman…
Anpil moun sézi paské yo te panse zak dezimanizasyon sa yo pa t ekziste nan mond lan ankò. Poutan yo wè gen yon minorite rasis ki la anba mantalite sa a kote yo pansé moun nwa enferyè, moun nwa pa anyen.

Yon peyi plen nwa ak milat, ak yon minorite blan men li chaje rasis
Sistèm edikatif dominiken ap resevwa anpil presyon de ultranasyonalis rasis kap fè kanpay kont moun nwa ke yap esaye dezimanize kòm moun. Politik rasis sa kòm moun nwa gen orijin li nan politik racis diktatè Leonidas Rafael Trujillo ki tap enpote blan pou blanchi popilasyon dominiken. Kòm rezilta dominiken ki nwa wont de koulè yo. Se pousa yon spòtif dominiken tankou Sammy Sosa sèvi ak krèm pou blanchi po li. Yon move egzanp pou idantite moun nwa Sendomeng. Anmenm tan yon pwoblèm lasante paske krèm pou blanchi po bay kansè. Politik diskriminasyon rasyal sa kontinye avèk Prezidan Balaguer. Gen lòt politisyen tankou Leonel Fernandez ki pratike l pa anba nan fè jwèt ipokrit. Se li ki te dèyè rezolisyon kou konstitisyonèl 168-13 ki rann apatrid yon pakèt dominiken nwa ki gen orijin ayisien. Prezidan Luis Abinader yon libanè dominiken alye ak oligak racist libanè ayisien rantre fon nan politik racist sa.

Tankou yon ranyon yo jete nan fatra
Apre krim sa a fèt reskonsab kolèj Leonardo Davinci pandan 6è tan pa di manman Stephora ki rele Lovely Joseph anyen. Reskonsab kolèj la esaye kase fèy kouvri sa tankou Stephora pa t yon moun menmjan ak yo. Yo trete lanmò Sephora tankou yon rad sal yap chache lage nan fatra.

Se yon wont pou otorite dominiken yo
Sa k k pirèd la, lè manman Stephora al devan komisè gouvènman ak jij nan sistèm jidisyè vil Santiago de los Caballeros yo pa okipel tankou se yon chen ki mouri. Sistèm jidisyè Santiago te rantre nan pwosesis kase fèy kouvri sa ak reskonsab kolèj Leonardo Davinci kòmsi Stephora pa t yon moun tankou lòt moun. Konpòtman sa se rezilta kanpay racist ultranasyonalis yo ap fè tout lajounen kont moun nwa nan Sendomeng. Gen ayisyen, ameriken nwa e plizyè sitwaywen peyi karayib la ki viktim desa.

Yon jounalis ki gen kouraj
Nan politik kasé fèy kouvri sa nan plis pase 21 jou, nan 20 kamera ki genyen nan “ Hacienda de los Caballos” ki se kote Stephora mouri a, se sèlman video ki filme pa 2 kamera jij la te montre avoka manman Stephora. Yo sere lòt video e yap chache fè yo disparèt pou w moun pa wè a 2 je yo krim rasis sa. Fas a reyalite sa gen jounalis dominiken Esteban Rosario ki move anpil ki di wout sa danjere pou sosyete dominiken. Tande sa 👇🏿:
https://youtu.be/h5TSoUyZ8l0?si=QnxNgR5NEx-uPNWV

Malgre jefò sistèm jidisyè vil Santiago, reskonsab kolèj Leonardo Davinci ak paran rasis elèv ki fasilite krim deplwaye pou kase fèy kouvri sa koze a pran lari. Anpil moun dominiken ki pa rasis ret sezi.

Tande Elvis Duran, kap kritike move travay ke jij Cristina Ramirez ki responsab zafè omisid minè yo nan Santiago sou dosye Stephora, Tande la 👇🏿:

Lè pwokirè jeneral repiblik dominikènn, Yeni Berenice Reynoso aprann sa k pase a, li vekse e lage lajistis dèyè kriminèl racis sa yo. Sa fè anpil bri nan sosyete a lè jounalis k ap analize di krim sa gen yon pakèt eleman ladan l tankou racism, elitism, koripsyon jidisyè elatryé, tandé la 👇🏿:

Krim sa tèlman choke dominiken ke Vis prezidan dominiken Raquel Pena lè l wè jij Santiago ap sabote ankèt la deklare: “ Nou bezwen konnen kisa pase ak Stephora ” Tandé la 👇🏿:

Y ap tann reyaksyon ofisyèl reprezantan ayisyen yo
Jiskaprezan pèp ayisyen an ap tann rapò Fritz Longchamp Anbasadè dayiti Sendomeng ak Minis Afè etranjè Harvel Jean Baptiste sou krim sa. Pèp la bezwen konnen tou kisa anbasad la ak ministè ap fè pou ke sitwayèn ayisièn sa a ke yo touye poutèt koulè po li jwen jistis. Pèp la ta renmen konnen tou kilè fineray nasyonal ap fèt pou Stephora Joseph ki se jodia senbòl goumen kont racism dominiken e racism ekstrèm dwat kap monte nan mond lan. Premye peyi rasis sa yo toujou vize se Ayiti. Leta dwe prepare yon strateji kont sa.

Sendomeng gen yon mouvman sekrè ki pare pou elimine ayisyen
Sendomeng gen yon sosyete sekrè rasis ki rélé sosyete gad lannwit ki gen pou objektif pou touye tout ayisien ki nwa. Moun ki nan tèt sosyete sa Sendomeng rélé William Warlone. Li te kreye yon paj Facebook pou fè pwomosyon jenosid sa. Stanley Lucas te fè Facebook fèmen paj sa a. Yo te menm mete nom yon jeneral meriken ki nan pwojè sa avèk yo. Men yon tèks Lucas te ekri sou sa an 23 Janvye 2018. Pou li tèks sa pou w dekouvri kalte menas ki gen Sendomeng kont Ayiti tape la 👇🏿:
https://www.facebook.com/share/17sq1utSYj

Ann goumen ansanm pou Stephora
Asasina Stephora Joseph la pa yon ti zafè. Se teste yap teste nou. Lè a rive pou nou mete tèt ansanm pou ranfòse lame, lapolis ak entelijans peyi dayiti pou kraze 4 etaj ensekirite a epi prepare pou menas sa k ap sòti Sendomeng. Lagè avèti pa touye kokobe. Pandan m ap fè sa ann goumen ansanm pou Stephora Joseph jwen jistis. Ann goumen ansanm fas a ekstrèm dwat rasis ki kòmanse remonte nan mond lan pou detwuy moun nwa. Kenbela!