Yon leta k ap lougawou pitit li
Genyen yon rezo kriminèl predatè seksyèl blan kap debake nan peyi dayiti pou fè kadejak sou tifi ak ti gason ki minè. Pedofil kriminèl sa yo kache dèyè ONG oubyen misyonè diferan legliz. Leta ayisien pa òganize pou defann timoun yo. Anplis pa genyen okenn volonte politik nan tèt leta pou atake pwoblèm grav sa. Fonksyonè leta ki vle pwoteje timoun yo lage poukont yo san oken resous San oken sipò. Jiskaprezan se yon jounalis endepandan ki rele Cyrus Sibert k ap goumen kont pedofil sa yo a travè ankèt li mennen e plent li depoze nan tribinal ki bay plis rezilta nan mete pedofil blan anbakòd.

Rezo kriminèl pedofil blan sa yo benefisye pwoteksyon gwo politisyen ak oligak peyi dayiti. Sa k pirèd lajistis tèlman kowonpi yap pwoteje pou kòb pedofil ki vyole timoun ke dosye rive nan tribinal. Gen anpil fwa leta dayiti pa menm okouran. An gade egzanp sa…

Èske nou tande pale de yon misyonè ameriken yo rele Jeriah Mast ?
Pandan 17 lane (2002-2019) yon misyonè blan ameriken ki rele Jeriah Mast ki gen 44 lane ki sòti nan vil Millersburg, Ohio abize seksyèlman 30 timoun ki minè an Ayiti. Li travay pandan yon pati nan tan sa a pou Christian Aid Ministries ki baze nan Millersburg, ki kowòdone aktivite misyonè pou Amish, Mennonit konsèvatif ak gwoup ki gen rapò ak Ayiti. Otorite leta nan ministè edikasyon nasyonal, ministè afè sosyal, ministè lajistis ak direksyon kilt nan ministè afè etranjè dayiti pat menm okouran ke blan sa tap abize e vyole timoun minè.

Se lajistis meriken ki mete predatè sa anbakòd. Pou plis detay tape la 👇🏿
https://www.justice.gov/opa/pr/ohio-missionary-indicted-child-exploitation-crimes-haiti

Gen 2 rezo Ayiti ki nan trafik timoun?
Nap rapele gen 2 rezo an Ayiti ki gen kontak ak gwo rezo pedofil kriminèl blan pedofil ki nan peyi Etazini.

Premye rezo pedofil blan kriminèl sa yo konekte andedan plizyè misyonè ki nan legliz diferan. Yo sèvi ak ONG kap okipe zafè legliz pou vinn vyole e abize timoun. Pa egzanp lobiyis Jean Bertrand Aristide nan Washington sete yon blan pedofil ki rele Tom Reeves ki se prezidan òganizasyon Nambla kap fè pwomosyon relasyon seksyèl ant granmoun ak timoun. Blan sa te gen rantre sòti alèz nan peyi dayiti yon zak ki reprezante yon gwo menas pou timoun yo. Pou plis detay tape la 👇🏿
https://www.nambla.org/tom_reeves.html

Aristide gen anpil akizasyon sou tèt li tou kòm sikopat ki te renmen fè vyolans sou timoun lè li te alatèt fondasyon timoun lafanmi selavi. Lè Aristide rantre nan politik li mete zam fann fwa nan men timoun Site Solèy ki gen 8, 9, 10, 11 lane mete yo nan gang e voye yo al touye opozan politik. Pou plis detay tape la 👇🏿
https://youtu.be/V0gZhQMzrkI?si=jWUO2RymXdND1aIg

Dezyèm kontak rezo pedofil blan kriminèl yo genyen ak Ayiti se a travè pedofil meriken Jeffrey Epstein e madanm ki te bwa dwat li ki se pedofil Ghislaine Maxwell. Se fanm pedofil kriminèl sa ki te mete yon rezo ONG pou volè timoun nan peyi dayiti. Objektif la se te volè timoun sa yo epi fè tounen esklav seksyèl pou pedofil milyadè blan kriminèl ak gwo politisyen pedofil blan. Kontak Jeffrey Epstein an Ayiti se oligak Gilbert Bigio. Pou plis detay tape la 👇🏿
https://www.miamiherald.com/news/nation-world/world/americas/haiti/article254361683.html

Jiskaprezan leta dayiti poko janm fè ankèt sou ONG kriminèl sa yo malgre nouvèl ki sòti e konfime sa sou jounal aletranje e sou twitter.

Kijan peyi Dayiti ka pwoteje timoun li yo ki lavni nasyon nou ?
Pou pwoteje timoun vilnerab an Ayiti sosyete a dwe mobilize e ranfòse kapasite leta. Sa vle di ranfòse e mobilize lajistis, lapolis, enstiti biennèt sosyal ak diplomasi nou. Leta dwe kase ren tout pedofil sa yo ki gen gwo pwoteksyon ak kouvèti politik an Ayiti e aletranje.

Anbasadè Stanley Lucas te pwopoze pibliye lis predatè seksyèl e fè swuivi timoun ki adopte nan peyi Etazini
Lè Anbasadè Stanley Lucas te konseye Prezidan Jovenel Moïse li te mande anbasad Dayiti nan Washington e tout konsila ayisyen nan Etazini pou yo te kolekte nan chak eta list nom predatè seksyèl yo ki piblik. Lalwa ozetazini oblije predatè seksyèl yo anrejistre nan zòn kote yo rete a. List nom predatè sa yo nan chak eta disponib pou ede paran meriken yo pwoteje timoun yo. Anbasadè Lucas te vle mete non tout predatè sa sou list imigrasyon nan aewopò, pò ak fwontyè pou entèdi yo rantre an Ayiti. Malerezman anbasad dayiti Washington pa janm kolekte list predatè sa yo. Alepòk Lucas te mande ogmante bidjè enstiti biennèt sosyal epi nominasyon nan chak misyon diplomatik Ayiti alétranje yon spesyalis nan sèvis sosyal kap travay pou byennèt sosyal pou fè swuivi timoun ayisien ke blan aletranje adopte yo omwen pandan 15 lane. Yon fason pou garanti timoun ayisien sa yo ki adopte alétranje pa viktim de oken trafik. Leta santral dayiti pat janm aplike rekòmandasyon sa yo Anbasadè Lucas te fè.