Lè oligak ak politisyen kriminèl tap chache detwui Prezidan Jovenel Moïse ak Premyè Dam Martine Moïse , sòti 2018 rive 2021, yo te gen yon rezo jounalis yo te peye ki tap bay manti nan mikro pou sal karaktè prezidan an ak madanm li maten midi aswè.
Poukisa yote vle sal non Jovenel ak Martine Moïse ?
Objektif la se te pou ede oligak ak politisyen kriminèl prepare teren opinyon piblik la pou lè yo touye prezidan an ak madanm li pou yo te ka aksepte sa tankou yon delivrans. Oligak Reginald Boulos ak Dimitri Vorbe te fè frekan e menm pale ak awogans de jounalis ki rete avèk yo. Pèp la bò kote pa li ki te konprann jwèt manti nan mikro sa te fè yon ti video pou montre li konprann manti sa yo ki tap bay alepòk sou do prezidan an ak madanm li pandan violans peyi lòk. Men ⬇️ 3 ti videyo pou rafrechi memwa w. Pou gade yo tape sou lyen an:
a. https://youtu.be/dRt4HyRm3DA?si=QuG_61wggQCddA_z
b. https://youtu.be/sS5IR-nSJls?si=0C-9xYZYU5Ws1Dy3
c.
https://youtu.be/KXbrhybzicc?si=Ddf7OsE-0_9z-d7b
Lè oligak yo ak politisyen kriminèl finn touye Prezidan Jovenel e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021, rezilta kriminèl yo t ap chache a, yo pa t jwenn li. Kriminèl yo te panse akòz de pwopagand yo te fè nan radyo pèp la t ap pran lari pou bat bravo pou asasina prezidan an. Kriminèl yo pran gwo sezisman paske pèp la te pran lari vre men se te pou mare solda mèsenè kriminèl kolonbi oligak ak politisyen asasen te voye touye Prezidan Jovenel.

Kriminèl yo te chape tankou ravèt
Tout kriminèl tankou Madan Wendelle Coq ki te dwe rantre nan palè nasyonal kòm prezidan pwovizwa aore krim nan tankou ravèt te rantre nan mawon ansanm ak André Michel, Pierre Espérance, Ariel Henry elatrye. Oligak yo te deja kache aletranje e Aristide tal mawon Cuba.

Dezyèm asasina Jovenel Moïse : kanpay ki fèt pou yo touye imaj li pandan kadav li anba tè
Nan premye emisyon ranmase ki te fèt apre gwo krim sa André Michel te gentan bay jan jijman moun li di ki touye prezidan an tapral fèt. Asasen yo te alèz paske yo te gentan pran kontwòl pouvwa ekzekitif ak pouvwa a jidisyè a nan mete kòm premye minis Ariel Henry ki enplike nan touye Prezidan Jovenel epi mete kòm minis jistis Bertho Dorce avoka oligak Dimitri Vorbe ki enplike tou nan krim nan . Apresa oligak ak politisyen kriminèl sa yo pral kòmanse yon kanpay, yon matrakaj medyatik pou sal kadav prezidan an e sal karaktè Martine Moïse. Pierre Espérance ki patisipe nan planifikasyon krim sa pral bay manti nan mikro pou di yo jwen 54 milyon dola vèt kay prezidan an. Lè manti sa pa mache yo pral di se blan ki touye prezidan an paske li tap pran kontak ak larisi nan peyi Turquie nan mwa jen 2021. Lè ou montre yo 5 mwa anvan Jij Ivickel Dabrésil fè tantativ pou touye prezidan an pou Vorbe yo le 7 Fevrier e patgen afè Turquie, yo fè bak sou manti sa ke yo pa repete ankò.
Sa fè 52 mwa asasen yo ap envante manti nan mikro pou kreye konfizyon pandan jij koupyon e kowonpi kap travay pou oligak ak politisyen kriminèl ap maniganse pou asasen yo nan kabinè enstriksyon ak kou dapèl pòtoprens.
Tribinal Florida gate jwèt kriminèl yo
Bagay ki deranje kriminèl yo se desizyon tribinal Florida ki montre klèman ki kote, nan ki sektè ekonomik e politik an Ayiti, krim nan sòti. Kondanasyon John Joel Joseph ak plizyè lòt kriminèl ki touye Prezidan Jovenel e tire Premyè Dam Martine Moïse fè oligak ak politisyen kriminèl ki touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse paka dòmi. Desizyon sa yo nan tribinal Florida kraze tout tantativ montaj manti asasen yo tap pare ak Jij koupyon an Ayiti. Depi lè sa Pierre Espérance, André Michel nan monte desanm pou wè kijan yo ka manipile jij yo ansanm ak temwayaj Jean Roger Noëlcius, Mario Beauvoir, Georges Dere elatrye.
Ann poze kesyon sa a : kòman sa posib pou lajistis Florida pi rapid pase lajistis leta ayisyen, pou yon krim politik ki komèt an Ayiti ?
Malgré kondanasyon John Joel Joseph ak plizyè lòt kriminèl nan tribinal Florida, jij kowonpi ak jounalis restavèk k ap touche nan men oligak kontinye ap vire won pou fè lè nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse. Yo sèvi ak rhinews, Anou Wè Lakay e 2, 3 grenn senk pou fè pwopagand manti yo mache, menmjan yo te konn fè sa anvan yo touye Prezidan Jovenel. Se pou sa li enpòtan pou idantifye jij koupyon, animatè YouTube ak jounalis koupyon k ap touche nan men oligak, André Michel, Pierre Espérance ak tout asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse. Epi analize jan yo kore Jij kriminèl tankou Wendelle Coq, Jean Roger Noëlcius, Walther Wesser Voltaire, Denis Cyprien, Emmanuel Lacroix k ap travay ak asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse.
Apre John Joel Joseph ak plizyè lòt kriminèl admèt nan tribinal Florida li touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse epi pou 2 jij koupyon kou dapèl pòtoprens Denis Cyprien ak Emmanuel Lacroix parèt nan figi pèp la pou di Martine Moïse enkilpe fòk ou kowonpi jis nan zo pou w ka fè sa. Martine Moïse te poteplent kont kriminèl yo e temwaye devan jij enstriksyon Gary Aurelien. Martine Moïse te ale tou kòm temwen devan jij Walther Wesser Voltaire kote li te reponn a tout kesyon. Jij Voltaire te pataje tout repons li te bay ak Ariel Henry, André Michel e Pierre Espérance.

Bagay ki repiyan pou yon jounalis touche kòb nan men oligak ak politisyen kriminèl yo pou w ka repete manti nan dosye krim sa fòk ou kowonpi anpil. Jounalis yo konnen lajistis nan men politisyen ak oligak kriminèl yo depi apre yo touye prezidan an. Li fèt pou refòme. Yo konnen tou gen plizyè jij ki enplike nan krim sa. Laprès ak jounalis angaje dwe kontinye goumen pou jistis, transparans ak redisyon dè kont. Tout kriminèl ki touye prezidan an e ki tire sou premyè dam nan dwe anbakòd. Sa fè 52 mwa lajistis nan peyi dayiti ap vire won paske li enplike nan krim nan aloske lajistis Florida gentan kondane plizyè nan kriminèl yo.