Yon foto vo mil mo. Foto sa ⬆️ montre w lè kèk nan chèf ki gen kontwòl pouvwa jidisyè debake nan tribinal. Yo cool, alèz, kè yo kontan, yap ri, tout bagay sou kontwòl. Kè yo pa sote menmjan ak lòt sitwaywen lajistis konvoke nan tribinal. Poukisa?

Senatè ki sou foto sa kòm moun tribinal fè repwòch e kòm avoka te prezidan sena. Youri Latortue ak Joseph Lambert te prezidan sena. Gen 2 ladan yo ki sòti latibonit ki te nan komisyon jistis sena a. Se Youri ak Samuel Madistin ki tou, se avoka yo, ki se prezidan fondasyon dwamoun jeklere, kandida pou prezidan MOPOD. Se senatè sa yo menm ki seleksyone yon pakèt jij ke yo mete nan sistèm jidisyè a.

Fòk ou konnen tou 3 towo sa yo pa sèlman infliyanse desizyon jij nan tribinal men yo gen tou anpil kontwòl sou plizyè ministè, direksyon jeneral, anbasad ak konsila nan pouvwa ekzekitif la. Yo rele sa gwo moso ki kaptire leta kote enstitisyon leta nan men yo!

Mesyedam sa yo rélé mòd de jesyon sa nan leta responsabilite pataje kote yo alafwa Jljij e pati.
Se pap pè la se yo ki mèt enstitisyon leta nan yon sistèm konsa a travè leta ki kaptire e a travè tranzisyon. Nan sistèm totalitè sa pa genyen egalite sitwayen devan lalwa, pagen rejim lalwa, pa gen jistis. Pi gwo nèg yo, politik gwo ponyèt chèf se sak deside tout bagay. Mèt sistèm sa se oligak yo ak restavèk politik yo ki chèf nan leta se ki toujou gen rezon menm lè yo antò ou fè krim. Se konsa lajistis fonksyone jodia an Ayiti. Se sa ki mòd fonksyonnman lajistis ak sistèm politik la.

Se sèl yon levekanpe sitwayen yo pou kraze sistèm sa ki la bay Ayiti yon chans.