Nan emisyon Tucker Carlson yon gwo Youtubè ameriken ki nan MAGA fè 1 Septanm 2025 ak yon pastè ameriken ki rele Lee Strobel yo atake libète relijyon pèp ayisien e yo fè tantativ sal karaktè péyi dayiti nan chache fè pwopagand kòmkwa Ayiti gen dyab ladanl. Tande ⬇️
Kòman fè Lee Strobel pa réspekté libète relijyon aloske prezidan péyi li Donald J. Trump nan deklarasyon li fè 2 Septanm di li réspekte libète relijyon, tande ⬇️:
Pwopagand manti sa Strobel fè soti nan yon pati nan ladwat relijye lètazini ki plis entèrese nan zafè lajan, vinn rich ke zafè Bondye. Yo vle efase idantite istorik ayisien pandan yap chache volè richès minye ki anba tè peyi dayiti. Eske pandan mwa ki sot pase yo, eske pastè sa ki fè pati ladwat relijye etazini ki gen gwo infliyans politik fè lame ak lapolis jwen zam nan men etazini pou kraze gang yo pou fidèl yo ka retounen legliz? Poukisa se okipasyon Ayiti yap ankouraje? Pawòl rayisans ki sòti nan bouch Lee Strobel nan emisyon sa pa sanble ak pawòl yon nonm ki di li kwè nan Bondye. Tout ameriken pa konsa. Pawòl li yo se yon atak sou libète relijyon ke tout konstitisyon ak demokrasi rekonèt. Dapre li Voudou pabon se bagay dyab. Poutan se voudou ki libere Ayiti anba lesklavaj.
Objektif manti Lee Strobel bay se pou asasinen karaktè peyi dayiti. Sa ap fèt san rete depi 1804. #Ayiti leve kanpe kont esklavaj e li tounen premye Repiblik nwa nan mond lan an 1804.

Eske se sa ki fè nou dyab?
Ayisyen yo te goumen pou bay Ameriken libète nan Savannah Georgia pou yo pran endepandans yo anba kolon angle. Eske se sa ki fè nou dyab? Gadé foto moniman ki fèt pou solda Ayiti ki goumen pou endepandans Etazini nan Franklin a square Savannah Georgia ⬇️:

Nan konferans Evian an France Ayiti te ofri youn nan zile li yo, la Gonave, pou sove senkant mil jwif anba Adolf Hitler ki tap masakre yo. Apre opozisyon gouvènman ameriken an kont plan sa a, Ayiti te bay Juif yo paspò pou ede yo chape anba laterè Nazi yo an Ewòp. Èske se sa ki fè nou dyab? Gade referans pou sa la ⬇️:
https://journals.openedition.org/etudesafricaines/25249


Ayisyen te bay Simon Bolivar lajan, zam ak sòlda tou pou libere peyi bolivaryen yo nan Amerik di Sid anba esklavaj. Èske sa fè nou dyab? Gade referans pou sa la ⬇️: https://x.com/Stanleylucas01/status/1149464418247294976
Oswa èske sa ki mal aktyèlman soti nan tantativ blan globalis kowonpi yo ki alye ak oligak ayisyen – yon ti minorite nan peyi dayiti – pou destabilize peyi a ak piye resous mineral natirèl jodi a? Se yo ki mete ansanm pou asasinen prezidan konstitisyonèl peyi dayiti Jovenel Moise. Eske krim sa pa aksyon dyab?
Blan globalis kowonpi yo te prepare plan destabilizasyon dayiti nan Quebec Kanada depi 2001. Objektif la se te afebli epi detwui souverènte
dayiti.
Sa Lee Strobel te dwe gade kòm aksyon dyab nan peyi dayiti se pedofil Ghislaine Maxwell asosye pedofil Jeffrey Epstein ki te kreye yon gwoup ONG ki te kidnape timoun ayisyen pou politisyen pwisan ak milyadè atravè lemond ka fè kadejak e abi seksyèl sou yo. Sa se aksyon dyab Lee Strobel bèbè sou li. Gade la ⬇️:
https://x.com/BabelTVoff/status/1959360251679174751
Poukisa Lee Strobel pa konsantre sou aksyon dyab oligak Ayiti kap touye inosan ak gang ak sipò blan globalis kowonpi e kriminèl yon ki vle piye richès minye yo? Poukisa lap atake kwayans yon popilasyon ki fyè? Sa Strobel fè nan emisyon Tucker Carlson se pa travay Bondye se travay dyab.Bagay ki revoltan pou pèp la, se lèl gadé leta ayisien depanse yon pakèt kòb nan Washington pou peye e okipe chaje dafè Lionel Delatour nan anbasad la epi peye yon pakèt kòb nan lobby, poutan yo pa fè okenn efò pou défann valè kiltirèl e relijye pèp peyi dayiti. Poukisa leta dayiti ap fè tout depans sa yo Washington san anyen serye pa regle?
🛑⬆️ Haïti and Tucker Carlson show September 1, 2025
This response from Lee Strobel is pure hatred from a man who said he believes in God. It’s also an attack on a religious freedom. Voudou is evil according to him. The goal is to assassinate the character of the country. It’s being done non stop since 1804. #Haiti stood up against slavery and became the world’s first black Republic in 1804. Is that what makes us evil? #Haitians fought for freedom alongside Americans in Savannah Georgia for their independence. At the conference of Evian Haiti offered one of it’s island, la Gonave, to save fifty thousand Jews from Adolf Hitler. After US government opposition to this plan, Haiti provided passports to jews to help them escape from the horror of Nazis in Europe. Is that what makes us evil? Haitians also provided money, arms and soldiers to Simon Bolivar to liberate the Bolivarian countries in South America from slavery. Does that make us evil? Or does evil actually come from the attempts of corrupt foreign actors to ally with corrupt Haitian oligarchs – a tiny minority in our country – to destabilize the country and pilfer natural mineral resources so in demand today? This plan was put together in Quebec Canada in 2001 by the globalists. The goal was to undermine Haiti sovereignty. The evil in Haiti is maybe pedofile Ghislaine Maxwell associates of Jeffrey Epstein who set up a group of NGO’s that kidnapped Haitian kids for the sexual abuse by powerful politicians and billionaires around the world. Why don’t you focus on that evil versus condemning a proud population preyed upon by evil domestic and foreign actors.