Pa Anbasadè Stanley Lucas


Gen 3 pouvwa léta ki la pou ekzèsé, pwotéjé souvereneté nasyonal péyi dayiti nan nom pèp la. Jodia Out 2025 gen 2 ladan yo ki la. Pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè ki la se rezilta asasen kriminèl ki touyé prezidan konstitisyonèl Jovenel Moïse ki mété 2 pouvwa sa yo chita.

Pouvwa egzekitif ak Pouvwa jidisyè nou ilegal
2 pouvwa sa yo pa sòti nan mitan pèp la jan konstitisyon Ayiti ak demokrasi egzije sa. Se oligak kriminèl, politisyen asasen ak blan globalis kowonpi ki vle piye sak anba tè peyi dayiti ki mete ansanm pou touye yon prezidan dayiti ki nonmem manb ki nan 2 pouvwa sa yo.

Konstitisyon an klè nan atik 149 li ki di lè prezidan peyi dayiti pa kapab ekzèse pouvwa li e si pa gen palman pou chwazi yon prezidan pwovizwa se yon premye minis ak minis yo ki dwe ekzèse pouvwa ekzekitif la jiskaske eleksyon fèt. Konstitisyon an ekri konsa se pou nenpòt kimoun pat kapab rantre nan laprezidans peyi dayiti konsa, sitou apre asasen sa yo touye yon prezidan.

Akò 3 Avril 2024 la ki bay KPT a se yon koudeta ki mete pye sou kou manman lwa peyi a.

Pouvwa jidisyè nan men mafya
Lè andedan lajistis se yon mafya jidisyè ki gen ladan l Jij, avoka, militan dwazimen ki restavèk oligak kriminèl kap dirije l sa reprezante yon gwo menas pou souverènnte nasyon an. Sa kreye gwo pwoblèm tou pou stabilite politik ak sekirite lè kriminèl pa anbakòd. Se mafya jidisyè kap pwoteje yo.

Se Ariel Henry ki enstale otorite jidisyè ki la jodia
Otorite jidisyè ki nan CSPJ e kou kasasyon jodia se Ariel Henry kòm premye minis ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse ki mete yo. Konstitisyon nan atik 175 li pa pèmèt sa. Si se te Jij enterimè anatandan pèp la chwazi yon prezidan ak senatè peyi a te ka petèt konprann. Kasasyon ki la ilegal.

Dwazimen a travè Pierre Espérance (RNDDH), Gédéon Jean (CARDH), Samuel Madistin avoka Boulos, prezidan MOPÒD, prezidan fondasyon je klere jwe yon gwo wòl pou tabli e pwoteje sistèm mafya jidisyè sa.

Wilner Morin ak Pierre Espérance: 2 gwo bandi a kravat
Nan rezo sa gen tou Jij koupyon Jean Wilner Morin ki manipile dosye lasalin nan pou Pierre Espérance. Pou remèsye Morin Espérance sèvi a kontak politik li pou fè nonmen Morin nan tèt Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) pou pwoteje krim sistèm nan. Tande sa ⬇️:
https://youtu.be/JZHPXJ3sEh4?si=vhlBmelAG5ThFn8E

Leta ayisyen pèdi souverènnte jidisyè li
Lè se yon tribinal aletranje kap pran desizyon pou krim ki fèt an Ayiti, sa mete souverènnte nasyon an an danje. Sitou lè pèp la okouran ke tribinal aletranje sa yo toujou konsidere e bay priorite nan desizyon y ap pran a sa k reprezante enterè nasyonal péyi pa yo anvan yo konsidere sa k jistis pou Ayiti. Pa egzanp se pou rezon sa a ant 2021 e 2024 an 4 fwa lè kakachat pral sòti nan tribinal Florida sou asasina Prezidan Jovenel Moïse yo te klase yo sekrè pou pwoteje enterè nasyonal etazini. Jodia tout sekrè sa yo sanble deklase.

Bernard Saint-Vil pwoteje kriminèl
An Ayiti, dosye yo la. Depi 9 Jiyè 2021 genyen yon manda pou Réginald Boulos komisè gouvènman Bedford Claude te siyen pou enplikasyon Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu elatrye nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Mafya jidisyè nan tribinal premyè enstans pòtoprens Bernard St Vil ap pwotéjé oligak kriminèl.

Boulos finansé gang ak kanpay violans pou bay gouvènman konstitisyonèl Prezidan Jovenel Moïse koudeta plizyè fwa.

Me kijan e poukisa Boulos te nan òganize asasina Jovenel Moïse
Prezidan Jovenel Moïse devan palè nasyonal nan yon diskou te eksplike tout vyolans pèp la te wè nan lari pòtoprens se paske Boulos te vle
kenbe plizyè dizèn milyon dola vèt dezyèm pati yon kontra pou materyèl lou li te fè ak leta san li pa livre yo. Prezidan Jovenel te di Boulos si li pa livre leta materyèl lou sa yo li touche pou yo deja lajistis ap konvoke l pou vòlè. Depi lè sa Boulos rantre nan ame jèn katye popilè e nan finanse gang.

Prezidan an te pale tou sou kontra kouran ak lòt kontra oligak kowonpi te genyen ke leta te koupe.

Prezidan Jovenel Moïse te mande Edouard Baussan ak oligak APN yo pote 19 milyon dola vèt leta yo te gen nan men yo. Li di si sa pa fèt lajistis ap vinn sou yo.

Reginald Boulos menase Prezidan Jovenel Moïse plizyè fwa. Boulos remèt Jij koupyon kou kasasyon Joseph Mecène bay André Michel pou fè tantativ koudeta, sa pa mache.

Boulos travay ak Dimitri Vorbe pou voyé Pierre Espérance fè manda ilégal ki pral sèvi pou fè tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021 nan abitasyon Vorbe yo nan Tibwa. Se Jij koupyon Ivickel Dabrésil oligak yo te voye fè tantativ koudeta sa pou touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Se Jij koupyon Jean Roger Noëlcius ki fè manda ilegal sa pou yo. Apre Espérance te voye l al kache kanada. Se Mario Beauvoir avoka RNDDH e zanmi Pierre Espérance ki tal depoze manda ilegal sa nan anbasad amerikènn pòtoprens ak yon lèt kouvèti pou anbasadris Michèle Sison.

Manda ilegal sa a tèlman diskite nan séyans kou dapèl pòtoprens de Janvye a Mé 2025 nan odyans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e nan radyo, sa fè Pierre Espérance panike paske tout moun dekouvri wòl li nan asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Sitiyasyon an chofe an Ayiti, yo met Pierre Espérance nan frijidè Kanada
Pou fè yon lòt tantativ kase fèy kouvri sa Pierre Espérance depi 24 out 2025 débake nan peyi kanada kote lal fè rankont sekrè ak Jij koupyon Jean Roger Noëlcius epi Mario Beauvoir ki tal kache la tou. Objektif la se ranje bouch Noëlcius ak Beauvoir pou si lajistis Ayiti rive ekstrade yo e mete men sou yo. Se yon ensidan ak sitwayen Ayisien nan aewopò ki fè pèp la dekouvri vwayaj sekrè sa.

Yon bann jij bèbè, poukisa?
N ap raple tou pandan séyans kou dapèl pòtoprens yo, Jij Emmanuel Lacroix, Jij Fremont Damesi, Jij Denis Cyprien fè tout sa k posib pou twòp kesyon pa poze sou kiyès ki depanse tout kòb sa e peye pou fè mèsenè etranje asasinen Prezidan Jovenel Moïse. Edo Zenny te di nan mikro si li anraje lap bay ki bank Sendomeng ki resevwa kòb pou touye Prezidan Jovenel Moïse e ki bank Ayiti ki voye l.

Tout moun te wè tou nan tribinal la kòman ministè piblik devan kou dapèl pòtoprens ki gen nan tèt li Claude Jean tap aji an tan ke avoka Pierre Espérance olyé yo kite Feliz Badio Joseph palé pou jwen plis detay sou kiyès ki touye prezidan an.

Malgre tout peyi a dekouvri rapò ak òdonans Jij koupyon Walther Wesser Voltaire fè sou asasina Prezidan Jovenel chita sou koripsyon plizyè semèn apre konklizyon odyans yo Jij Emmanuel Lacroix, Jij Fremont Damesi ak Jij Denis Cyprien bèbè. Poukisa?

Eske yap tann rezilta vwayaj Pierre Espérance nan kanada ki al chita ak Jij koupyon Jean Roger Noëlcius e Mario Beauvoir?

Boulos te gen twòp pwoteksyon koripsyon an Ayiti
Reginald Boulos fon nan koripsyon pou jan li t ap vòlè anndan leta. Unite lit kont koripsyon (ULCC) fè rapò detaye sou jan Boulos volè yon pati kòb leta. Jij koupyon Bernard St Vil nan tribinal premyè enstans pòtoprens ki plizyè fwa kase fèy kouvri sa pou Boulos. Li mete rapò koripsyon sa nan tiwa li san anyen pa fèt. Yon lòt fwa sa montre jan mafya jidisyè a kap pwoteje oligak kriminèl reprezante yon danje, yon menas pou tout sitwayen evpou souverènte nasyonal peyi dayiti.

Èske tribinal Miami a pral kondane Boulos?
Sa posib. Jij Jorge Pereira sanble pran dosye sa trè oserye. Men depi yo arete Réginald Boulos, avoka li yo ap viré won nan tribinal Miami kote yo voyé l pou 22 Septanm kote desizyon pral pran. Se lè sa pèp la ki pa kapab asiste sakpase nan tribinal la pral konprann poukisa 30 avoka Boulos yo kap travay pou 3 kabinè avoka te kenbe tout bagay sekrè e t ap vire won. Sa kap regle nan tribinal Miami se pou enterè ameriken triyonfe. Yo rele sa nan langaj legal state secret privilege ozetazini kote enterè péyi a pase anvan tout bagay. Eske Jij Pereira ap kite sa pase konsa? Yon lòt bò kilè jij, lajistis Ayiti ap leve pyel pou enterè pèp ayisien triyonfe?

Jwèt koken Reginald Boulos
Pou chape anba lajistis poul pa peye pou krim li fè yo, nouvèl ki soti nan tribinal Miami 26 out fè konnen Boulos ta vle reprann nasyonalite meriken ke li te deja renonse. Kisa sa vle di pou pèp ayisien an? Eske oligak sa ki pran pòz ayisien li pandan lontan poul apovri peyi dayiti, kozé yon pakèt déga politik e ekonomik ki lakòz yon pakèt ayisien mouri epi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse ka jis leve yon maten epi deklare se ameriken li ye pou lajistis Ayiti pa kapab manyen l? Kòmkwa lap chache chape pou pa gen ni redisyon dèkont ni jistis ki ka manyen l pou krim li komèt an Ayiti? Eske se sa ki pral rive?

Sa se yon ka ki mande refleksyon e solisyon si nou vle lajistis triyonfe e si Ayiti dwe pwoteje souverenete nasyonal li. La ankò mafya jidisyè Ayiti kap sere, kase fèy kouvri sa pou oligak kowonpi e kriminèl reprezante yon danje pou nou tout.

Si lajistis nou pa netwaye, ensekirite ya pral kontinye
Tout otan pèp la pa kraze mafya jidisyè a e korije pwoblèm striktirèl ki ekziste nan lajistis peyi dayiti ensekirite a pral kontinye vale teren e souverènte peyi pral pi frajil e menase. Jij kowonpi dwe revoke. Gen nesesite pou kreye yon tribinal spesyal pou jije teworis kap fè san pèp la koule e k ap kraze leta dayiti pou blan globalis kowonpi.

Si wap chaché enfòmasyon adisyonèl sou sa, gade sa link sa yo ⬇️:

a. https://sefirot24.com/2025/08/24/haiti-pierre-esperance-un-suspect-clef-dans-lassassinat-du-president-jovenel-moise-et-il-serait-apparemment-un-co-fondateur-dans-la-formation-du-groupe-terroriste-fantome-509/
b. https://youtu.be/JyQQYfSLmKs?si=RkSQFztpuHmbgJf8
c. https://sefirot24.com/2025/07/31/assassinat-de-jovenel-moise-est-ce-que-le-president-luis-abinader-essaie-dexecuter-le-temoin-genant-angel-martinez/
d. https://sefirot24.com/2025/07/22/arestasyon-pierre-reginald-boulos-eske-se-afe-jistis-toutbon-kap-regle-oubyen-se-yon-rime-pou-fe-yon-operasyon-mockingbird-pou-ayiti-2/
e. https://sefirot24.com/2025/07/30/est-ce-que-les-etats-unis-souhaitent-le-renforcement-du-pouvoir-des-oligarques-criminels-et-corrompus-en-haiti/