Pa Anbasadè Stanley Lucas

Oligak ak antreprenè politik ki restavèk yo ki touyé Prezidan Jovenel Moïse jodia 7 out 2025 gen tout pouvwa a nan men yo 49 mwa aprè yo te mété ansanm pou touyé prezidan an. Gadé la: https://x.com/martinejmoise/status/1953463002054996143

Oligak yo apre 49 mwa asasina prezidan an pa kapab kaché ankò dèyè yon politik doublure koté yo te konn mété devan yon restavèk politik klas mwayènn ki te édé yo volè e piye léta. Politik doublure sa echwé oligak yo oblije parèt tèt yo.

Yon reprezantan oligak yo, Laurent St Cyr nan tèt konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT), yon lòt reprezantan oligak yo, Alix Didier Fils-Aimé, nan tèt primati a. Se parenn a marenn yo Bigio, Boulos, Vorbe, Barrau, Baussan, Deeb elatryé ki mété 2 ti réken volè sa yo ki pa gen okenn eksperyans nan tèt léta a.
Nan mwa kapral vini la reprezantan oligak yo ki nan tèt léta a pral piyé volè kòb toupatou e yo ka siyen bay blan globalis kowonpi papyé ki ka konpwomèt nou tout antan ke pèp.

Oligak yo gen nan men yo tou pouvwa jidisyè ak pouvwa ekonomik péyi Dayiti. Se jodia gagòt piyé léta pral kòmanse toutbon. Oligak yo pral woulé Bouki KPT yo.

Nan diskou Laurent St Cyr poul mété tèt li chita sou chèz la se menm vyé pawòl blòf ou abityé tandé nan bouch lòt manb KPT yo, remanbre diplomasi, relanse ekonomi peyi a, bay sekirite, réfè konstitisyon elatrye. Tout moun konnen se kontra léonien kapral siyen, vòlè kòb léta, vwayaje, abi pouvwa e fè shèlbè ke peyi pral obsève pandan 5 mwa kap vini la si peyi dayiti pa gentan eklate nan men yo. Tandé diskou blòf la la ⬇️:
https://youtu.be/7AVQmOCma9U?si=CHmed2afGP2LrQj7

Nan diskou sa Laurent St Cyr Nouvo kowòdonatè KPT a menasé direktèman endepandans laprès, jounalis ak moun nan sosyété a kap goumen kont asasen Prezidan Jovenel Moïse yo, kap goumen kont otorité KPT ak primati kap volè kòb léta, kap siyen move kontra e kap itilize lajistis, Conatel, lapolis ak lòt enstitisyon leta pou kaponnen jounalis. Laprès, jounalis yo dwe fè trè atansyon anba ti oligak awogan e violan sa kap esayé imite oligak Reginald Boulos ak Dimitri Vorbe. Laurent St Cyr nan diskou li kwè se li ki ka idantifye jounalis seryé ki abityé vann li mikro. Alatraka! Sanblé si yon jounalis mandé Laurent St Cyr eske li ka barou prèv ke li pa gen yon paspò kanadyen, li ka fè arété w ou fizyé w. Sanblé you si ou mandé Laurent St Cyr konbyen kòb ak avantaj li ranmasé pandan li te nan HCT ak Madan Manigat e nan KPT li ka fè arété w ou fizyé w. Aléwè si jounalis ta poze l kesyon sou ki wòl li jwé ak Fils-Aime nan kontra ilegal 29 lané APN leta siyen pou oligak CPS yo… Kanta kesyon sou transfè kòb ameriken de bank santral a bank de linyon oubyen dèt oligak yo pral efasé nan ONA ak BNC yap planifyé, yap fizyé w kanmenm. Tandé ⬆️ pinga Laurent St Cyr voyé bay jounalis yo.

Jodia nou konstate nan teyat politik ke koulèv 9 tèt sa ki rele KPT a ki divize an 2 pati . 7 tèt kap deside ki kote yo pral vòlè nan kès Leta e 2 lòt tèt kap veye pou yo pou vinn separe ansanm kob ke yo vòlè yo. Enben nou panse jodia ki fè 49 mwa depi yo finn masakre lakay li prezidan konstitisyonel la Jovenel fok nou pwofite fon ti kanpe poun wè ki kote zak kriminel asasen sa yo mennen nou? Bagay ki lèd anpil se Laurent St Cyr kal distribye foto li ak mil goud pou eksplwaté mizè malere ki nan lari a. Video sa ⬇️ montré ki kalite vakabon Laurent St Cyr ye e jan diskou li a chita sou blòf.

1- Nou gentan pase 4 an la avèk 2 gouvènman pwovizwa alòs ke Prezidan Jovenel te rete 6 mwa selman poul te remèt pouvwa a yo lòt prezidan eli. Oligak ak antreprenè politik yo fè koudéta epi touyé l 7 Jiyè 2021.

2 – Nou gentan sou 3 premye minis, Ariel Henry, Garry Conille e Alix Fils-Aimé ki la kounya. Apa vòlè ak krim kisa ki réglé an 49 mwa? Anyen seryé. Kwasans ekonomik negatif -4.6%, enflasyon reyèl 36%, 6 milyon moun nan grangou, 1.5 milyon moun déplasé. Ayiti pèdi 975 milyon dola vèt ekspòtasyon a travè lwa hope ki pa renouvele e pagen okenn envestismam ektènn. Gen 650 milya goud léta ki depansé san oken pwojè pa fèt.

3 – Nou gen 9 konseye prezidan yon bagay ki pa ekzisté nan manman lwa péyi a. Gen 5 ladan yo ke yo chwazi antre yo pou ka siyen dokiman nan nom yo kote yo chak pral vòlè.

4 – Nou gen plis ke 10 teritwa pèdi avèk yon bann polisye ki mouri nan operasyon tèt chat ke CSPN lan reyalize. Jiskaprezan pa gen oken strateji sekirite pou retabli lapè. Pandan anplwayé sivil lapolis gen 36 mwa yo pa touché e polisye yo 3 mwa san salè, Fils-Aimé remèt konpayi sekirite privé blakwatè premye tranch kòb 72 milyon dola vèt ke li siyen. Kontra a mèsenè blakwatè yo se pou pwoteje Fils-Aimé, St Cyr ak oligak yo. Sepa pou pèp la. Gen omwen 7 masak ki fèt sou je KPT ak Fils-Aime e 3 lopital pèdi. Mesyédam KPT sa yo bat rékò minis teritwa pèdi Emeline Prophète.

5 – Nou gen plis pase 1 milyon 500 mil moun nan popilasyon an ki kite kay yo, kap viv nan lari akoz bandi ki atake yo. Otorité léta ki nan KPT ak primati endiferan a soufrans pèp la nan Solino, Delmas 30, Kafou, Mibalè, Sodo, Lachapèl elatrye. Yo gadé soufrans malere yo tankou yon opòtinite pou volè andedan léta nan sèvi ak nom viktim yo pou détounen kòb.

6 – Lavi a vinn pi chè pou pèp la poutèt oligak kap vann tout bagay pichè e poutèt tout wout bloke. Pwodui agrikilti yo paka rive nan vil yo. Lè sa fèt se makèt oligak yo kap fè kòb.

7 – Manb KPT yo ak tout gouvènman ap krazé e gaspiye anpil milyon yap fouré nan pòch. Kòb pwogram asistans pou moun ki deplase yo ki fèt 18 novanm, 18 me Okap elatrye ap séparé ak chèf pandan se yon ti pousyè nan kòb sa yo ki débloké pou èd imanitè ki rivé atè al jwen malere.

8 – Sektè prive pouri a oligak kowonpi yo ke gran paran yo te soti lwen nan lòt peyi etranje avèk bwat nan do yo kom tout byen ke yo te genyen. Enben Oligak santi sa yo se la sou terit se yon menas jodia pou tout ayisien. Se Ayiti yo fè tout richès yo nan move kontra ke gouvènman ba yo san respekte okenn nòm mache piblik ak nan kontreband. Yo trayi péyi dakèy yo. Malgré tout benefis Ayiti bayo oligak sa yo pa janm fè peyi dayiti kado yon lopital, yon lekòl pwofesyonèl pou jèn yo ni fè yon wout bò lakay yo. Yo tout ap tann se leta ke yo finn piye à pou ba yo tou sa. Jodia menm sektè prive kowonpi sa gen yon reprezantan l nan prezidans lan e yon lòt reprezantan nan tèt primati a. Apre tout konsta sa nap di pèp ayisyen an ke solisyon an se souke kòl bay dèyèl 2 tap epi leve kanpe pou dechouke bann kriminel ak kravat sakap souse sanl.
Levekanpe ! Levekanpe !