Pa Anbasadè Stanley Lucas

Jodia fè 9 jou lajistis meriken mété chèf gang Réginald Boulos anbakòd. Si ou bezwen yon prèv KPT ak Fils-Aimé nan men oligak kriminèl e vòlè analize 9 jou sa yo.

Yon ekip bèbè ak moun pa yo
KPT bèbè, pa menm yon kominike. Primati Fils-Aime bèbè, yo pa menm voyé yon twit pou felisite arestasyon chef gang teworis Boulos. Minis jistis Patrick Pelissier k ap kore Fantòm 509 bèbè tou. Komisè gouvènman Montclair pa poze selé sou kont labank ak byen chèf gang Boulos. Yo rele sa diskriminasyon. Lè se yon malere tankou Shelson Sanon lajistis mete l nan prizon san oken pwosedi pa réspekté. Lè se yon oligak kriminèl e vòlè petyonvil léta koupyon KPT ak Fils-Aime ap pwotéjé yo ak sipò Jij koupyon.

Pandan oligak yo ap sèvi ak lavalas e neo lavalas pou pran kontwòl pouvwa politik ak pouvwa ekonomik péyi dayiti 7 out, lajistis toujou kontinyé plonje fon nan labou koripsyon.

Ki bilan oligak yo? Ki jan y ap kontwole pouvwa a ?
Reprezantan oligak kowonpi e kriminèl ki patisipé nan touyé prezidan an, Laurent St Cyr ke lari a di gen paspò kanadyen pral pran tèt KPT a 7 out. Nan tèt primati a oligak yo pral ramplase Fils-Aime pa Barrau, yon reprezantan oligak kapral ramplase pa yon ti oligak. Pou sa fèt oligak yo ap distribyé miyèt bò tab la bay lavalas ak neo lavalas yo. Oligak ekaté pèp la nan pwosesis desizyon politik. Sak enpòtan pou ti klik sa se kòb ak pouvwa. Yo gen tou blan globalis kowonpi benefisyè sistèm sa k ap pwotéjé yo.

Konplo sa pral krazé paske pèp la kanpé anfas ti klik oligak sa ak restavèk yo ki nan gang, ki nan touyé prezidan, ki nan trafik dwòg ak tout lòt kalté koripsyon. Yap piyé leta a toupatou dépi 49 mwa. Gen 650 milya goud ki fè fon san pa gen okenn pwojè ki fèt. Bilan yo se san pèp la k ap koulé, se teritwa pèdi, se moun ki déplasé ki pèdi tout sa yo genyen, se kouri machine ak monté avyon. Pèp la ap chaché mwayen pou levékanpé an mòd de bwa kalé kont bèt sa a. Tèt bèt sa a se oligak epi kò a se lavalas ak neo lavalas.

Pèp la ap tann lòt arestasyon
Pandan lajistis meriken fwape yon oligak Reginald Boulos ki nan gang nan koripsyon e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse, kou dapèl pòtoprens k ap najé nan koripsyon bèbè. Pèp la ap tann anilasyon rapò koripsyon Jij koupyon Walther Wesser Voltaire ansanm ak òdonans li touché pou li a pou li té mété e rétiré nom moun. Yo t ap chaché fè viktim tounen bouwo. Pèp la ap tann arestasyon Jij koupyon sa e aksyon kou dapèl pòtoprens kont oligak yo e yon nouvo Jij enstriksyon.

Yon lòt bò Fritz Jean ap fè pwomès li pa kapab kenbe. Bidjè lagè tounen bidjè pou pòch. Polisye ap tonbé Fils-Aime ap pasé Fritz Jean a Rameau nan bètiz menmsi lap pran pòz kolaboré. Pouvwa a monté nan tèt Fils-Aime li bezwen fè koudeta pou krazé KPT.

Plis enkonpetans ap frape, plis lajan ap gaspiye plis gen polisye k tonbe ak teritwa pèdi
Fils-Aimé kenbe dròne yo nan primati pou réglé zafè politik li. Ensekirite ap valé teren pandan 5 polisye tonbé liancourt, blakwatè résévwa yon premye tranch 72 milyon dola vèt san anyen seryé pa fèt kont gang yo. Teritwa ap pèdi. Fils-Aimé pa jwui pandan potpawòl li pa pran tap nan radyo. Bilan an si genyen katastròfik nèt.

Yon jistis malatchong kowonpi tribòbabò: se pa egzanp ki manke.
Olyé lajistis levé nasyon an li tounen yon kansè kap krazé péyi dayiti. Lajistis pwotéjé oligak kriminèl. Jij nan touyé prezidan, Jij ap pwotéjé dwòg dilè ak oligak ki nan koripsyon toupatou. Jij lagé gang pou kòb. Jis jodia Jij koupyon kasasyon nan koudeta pou pran pouvwa. Jij koupyon yo se yon menas pou nasyon an. An pran kèk ekzanp:

Lè pèp la konsidéré otorité léta ak lajistis péyi dayiti pa fè oken deklarasyon apré lajistis meriken arété chèf gang Réginald Boulos ki anbakòd. Lè pèp la konsidéré jan mafya jidisyè péyi dayiti ap pwotéjé kriminèl sa ki enpliké nan koripsyon, nan gang, nan violasyon dwamoun, nan touyé Prezidan Jovenel ak trafik enfliyans nan enstitisyon leta , gadé sa ⬇️:

Lè pèp la konsidéré Leslie Voltaire, ki nan KPT, gen yon manda debou lajistis kont li pou trafik dwòg, tandé témwayaj jij ki fè manda a ⬇️:

Lè pèp la konsidéré Patrick Pélissier minis jistis ki la jodia se kavalyé pòlka teworis Fantòm 509 lè yo tap boulé 17 komisarya lapolis, ataké ministè lajistis ansanm ak bis ki te gen seleksyon foutbòl etranjè, pandan violans péyi lòk. Lè pèp la konsidéré se chef gang Vitelhomme Innocent ki kréyé òganizasyon Fantòm 509 ak 4 komisè lapolis, gadé la ⬇️:

Lè pèp la konsidéré komisè gouvènman Frantz Monclair fè séyans spèsyal ki chita sou koripsyon pou pwoteje Nènèl Cassy ki nan gang apré lapolis lansé avi de rechèch kont li, gadé la ⬇️:

Lè pèp la konsidéré Bernard St Vil dwayen tribinal pòtoprens se yon antrav santral a lajistis péyi dayiti tèlman lap pwoteje krim oligak ak politisyen. Pèp la mandé gwo chanjman gwo réfòm nan ministè lajistis, nan CSPJ, nan Kou kasasyon, nan kou dapèl e nan plizyè nivo nan 18 jiridiksyon jidisyè yo. Pa bliyé Prezidan pouvwa jidisyè a Me. Renee Sylvestre tapral revoke 166 Jij sou 900 nan pouvwa jidisyè a pou 4 rézon:

  • Jij ki pagen diplòm
  • Jij ki gen kabinè avoka
  • Jij ki nan koripsyon
  • Jij kap fè politik

Lè mafya jidisyè a pran nouvèl revokasyon sa yo ki tapral fèt yo touyé Sylvestre epi yo di se Coronavirus. Mafya jidisyè sa brutal anpil.

Nan kade nouvo koudeta yo vlé fè jodia yo menm touyé doktè Laurent Baugé. Fré ki ki se yon pè katolik ki tap chanté lantèman li te di nan omeli se rat kay ki manjé kay pay nan asasina sa.

Peyi a bezwen yon veritab refòm jidisyè
Yon réfòm an pwofondè nan sistèm jidisyè a pou débarasé peyi dayiti de tout Jij koupyon ki nan move zafè ak oligak, politisyen e etranje, se sak ta dwé fèt. Pap janm gen stabilite politik si pa gen égalité sitwayen yo devan lalwa.

Blan yo ap defann enterè yo
Nan relasyon entènasyonal péyi yo pa gen zanmi yo gen enterè. Nan jesyon dosyé Ayiti a gen 2 kalté blan. Gen blan globalis kowonpi kap pwotéjé oligak kap defann enterè kòb yo. Globalis kowonpi yo fè pati de sa yo rélé crony kapitalism, sa vlé di Yon kapitalism kowonpi ki se yon sistèm ekonomik kote biznis yo pwospere pa akòz konpetisyon jis ak fòs mache, men akòz relasyon sere ak trètman preferansyèl nan men ofisyèl gouvènman yo. Kapitalism kowonpi sa ki pèmèt oligak kowonpi ak blan globalis piyé léta diferan de sistèm kapitalism lan ki chita sou kompetisyon. Jounal ameriken Wall Street ékri anpil atik sou blan globalis kowonpi sa yo kap sousé Ayiti.

Gen yon lòt kategori de blan kap defann enterè yo pandan yap réspekté prensip de baz kompetisyon. Nan administrasyon Trump toulède prézan. Globalis yo ap ralé fisèl Ayiti pa anba. Jwèt la bosal.

Si réfòm jidisyè yo pa fèt, si pa gen mwayen pou mete yon premye minis nan tèt pouvwa ekzekitif la jan konstitisyon an egzije sa e si sitiyasyon an kontinyé konsa lap kozé se pèp kap pran lari an mòd de bwa kalé pou krazé sistèm enjistis sa. Lè sa ap gen anpil kouri e pap gen twou pou malandren rantré al kaché paske tèlman yo fè pèp sa soufri.