Pa Anbasadè Stanley Lucas
Operasyon Mockingbird se yon pwogram nan gwo echèl Ajans Santral Entèlijans Etazini (CIA) ki te kòmanse nan premye ane gè fwad la e ki te eseye manipile òganizasyon medya domestik meriken yo pou rezon pwopagann. Eske se sakapfèt la nan nouvèl arestasyon oligak Pierre Réginald Boulos ki toupatou sou tout rézo entènèt péyi dayiti épi etranjman ki pa okenn koté onivo entènasyonal? Menm Jacqueline Charles nan Miami Herald bèbè.https://www.ice.gov/news/releases/ice-arrests-haitian-engaged-violence-and-destabilization-haiti-support-department
Oubyen eske se yon jefò seryé lajistis meriken pou maré gwo kriminèl ki finansé violans gang, ki nan tout kalté koripsyon an Ayiti e asasina Prezidan Jovenel Moïse? Eske se yon jefò seryé pou aplike global magnitsky akt an Ayiti oubyen eske se yon lòt operasyon blòf pou fè tantativ krazé moral lit pou chanjman an Ayiti?
Premyé kesyon pouw pozé: kiyès ki Réginald Boulos?
Pèp la di li se yon oligak kriminèl e kowonpi ki gen nasyonalite meriken kap viv an Ayiti. Pierre Réginald Boulos se yon ameriken ki fèt nan vil Nouyok. Kòm li té gen foli kandida pou prezidan li tap chaché wè ak kout kòb koripsyon, violans gang ak koudeta epi touyé Prezidan Jovenel Moïse si li te ka chanjé konstitisyon an pou saka rivé. Dépi 2019 prè de 75% moun ki patisipé nan sondaj kwè Réginald Boulos dèyè tout violans politik péyi dayiti, gadé la ⬇️:
a. https://x.com/Stanleylucas01/status/1201366710604959744
b. https://x.com/Stanleylucas01/status/1182865605365522432
c. https://x.com/Stanleylucas01/status/1365351806570811393
d. https://x.com/Stanleylucas01/status/1370135021089095686
Boulos nan gang ak trafik zam, li kaptiré plizyè enstitisyon leta pou fè trafik infliyans, koripsyon ak kòb. Li fon nan koripsyon e li patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Kanta pou monopòl komèsyal ak kontreband Boulos se chanpyon. Ak politik enpòtasyon li kanpé anfas tout jefò pou ogmanté pwodiksyon agrikòl. Ak asosyé l ki nan gwoup de boudon Boulos gen gwo enfliyans sou sektè bankè a koté yo te konn devalyé goud la pou fè plis kòb, monté enflasyon sa vlé di lavichè pou fasilité destabilizasyon pandan yap volè diaspora a nan to de chanj. Sou chak dola vèt yo chanjé an goud yo fè 4 goud olyé de 3 santim. Yap pezé sousé pèp la toupatou. Gadé la ⬇️:
a. https://x.com/Stanleylucas01/status/1370528331439955974
b. https://x.com/Stanleylucas01/status/1137735303244984321
c. https://x.com/Stanleylucas01/status/1219300400370798592
d. https://x.com/Stanleylucas01/status/1179163944985997317
Boulos finansé violans politik a travè gang, lidè politi SDP-MOPÒD, AAA, Pitit Desalin elatryé, lòt lidè politik ak palmantè
Boulos kréyé chèf gang nan sité solèy tankou ti hougan ak ti Gabriel. Branch G-9 Simon Pelé travay pou li. Chèf gang Site Solèy Mikanò pran lòd nan men li yon bò epi Aristide yon lòt bò. Mikanò ap sèvi 2 mèt. Boulos gen relasyon avèk Barbecue chèf gwoup téworis Viv Ansanm. Li gen anplwayé l Didi ki bazé nan sité militè ki vann zam pou li patikilyèman mitrayèt AR-15. Pa ekzanp tout zam nèf chèf gang Sité solèy genyen se Didi ki vann yo pou Boulos bay Mikanò pa egzanp. Lè lapolis ak lajistis arété Didi, Boulos voyé gang krazé prizon an e lagé Didi.


Lè chèf gang ti hougan té desidè remèt 45 zam li té genyen bay komisyon dezameman léta lè Prezidan Jovenel Moïse té la, Boulos té rélé ti Hougan pou dil eske li konnen pri zam ki nan men li yo pou l désidé konsa al remèt yo? Poutèt sa ti Hougan désidé pat remèt zam yo Boulos té bali. Apré Boulos pral péyé 500 mil goud e fè fizyé ti Hougan pou li pa palé. Boulos fon nan gang nan péyi dayiti. Boulos fonksyone ak André Michel, Youri Latortue, Arnel Belizaire, Pierre Espérance, Samuel Madistin elatryé.https://haitieconomie.com/wp-content/uploads/2021/08/Liste-des-enquetes-realisees-Transmise-aux-Parquets-4-aout-2021-PDF-1.pdf


Menm Moïse Jeanchal Pitit Desalin te voyé mandé l kòb tou. Li rélé chèf gang yo ajan devlopman. Boulos ak André Michel touyé militan Ti Blan Tatou ak Badou epi yo pran pòz nan laprès se pouvwa Jovenel Moïse la ki touyé. Se te manti, référans yo piba.
Apré reyinyon sa ⬆️ lòt video sa ⬇️ ki sou twitè sé an Novanm 2019 lè Reginald Boulos té voyé Arnel Belizaire menasé eksplozé lekòl ameriken Union School an Ayiti. Se menm Reginald Boulos sa ki distribyé zam nan katyé popilè pòtoprens pou fè san pèp la koule. Gadé la ⬇️:
https://x.com/Stanleylucas01/status/1199143794052141062
Men kèk reférans
1. https://youtu.be/LNkPExSfT5I?si=umkB8pOybS5U8T3h
2. https://youtu.be/dKQyMWfeE6Q?si=17UteqO9yY813RUu
3. https://youtu.be/yzDyPj9v5Xg?si=rRjmqS7wwHOozlE7
4. https://youtu.be/FqTy_i3ixgU?si=bAylPLTTf0WF12pn
5. https://youtu.be/Ra8pMRecqeI?si=MhwohcrlvXI3yTTi
6. https://x.com/Stanleylucas01/status/1183024550449176576
7. https://x.com/Stanleylucas01/status/831595277165481985
8. https://youtu.be/62udFbOpUbs?si=J06Bj2DCZuoglLSg
Koripsyon Boulos nan léta sé yon bagay siperyè
Boulos kaptiré plizyè enstitisyon leta. Li gen sou kontwòl li plizyè senatè, kou siperyè dèkont, finans, ONA, FDI, BNC, ladwann, DGI, plizyè Jij elatryé. Gen de koté yo rélé l parenn, gen lòt koté yo rélé l doktè Mengelé. Nan ONA Boulos pasé la 5 fwa li pran 2 milya 975 milyon goud plis 1 milyon dola vèt to lajan retrèt travayè péyi dayiti. Li mété nan biznis li El Rancho 700 milyon goud, yon lòt 700 milyon goud nan Delimart, 700 milyon goud nan biznis machine li e 875 milyon goud pou te vann afilye ONA manjé ak medikaman 30% mwen chè. Li pran kòb la pwojè sa pa janm fèt. Li réfizé péyé ONA e fè direktè a kase fèy kouvri sa pou li. Unite lit kont koripsyon (ULCC) fè rapò detaye sou koripsyon sa. Li fè anplwayé l Bernard St Vil dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens klase rapò sa nan tiwal. Gadé la ⬇️:


a. https://x.com/Stanleylucas01/status/1298472637870542848
b. https://x.com/Stanleylucas01/status/1179163944985997317
c.
https://x.com/Stanleylucas01/status/1137575211405103109
Boulos fè gwo kontra pou achté materyèl lou pou léta tankou grédè, traktè, roulo konprésè elatrye. Lè moman rivé pou fè livrezon final dezyèm lo materyèl lou yo ki vo 70 milyon dola vèt bay léta, Boulos peté koken e té vlé kenbe kòb la san li pa livré léta materyèl yo. Prezidan Jovenel Moïse fè l komprann si li pa réspekté angajman li a léta lajistis ap rélel. Prezidan Jovenel Moïse te menm di se dezyèm lo materyèl sq ki fè li manké tonbé. Boulos té chaché mété l atè poutèt kòb sa li té vlé volè.
Boulos tèlman pwuisan lè palman finn voté bidjè peyi dayiti, Boulos monte lakay li, li korije bidjè sa epi se bidjè li korije a ministè finans ap ekzekité.
Boulos gen menm konpòtmam sa nan plizyè lòt enstitisyon leta. Se sa yo rélé kaptiré léta ke Prezidan Jovenel Moïse tap konbat e rétiré manmèl léta a nan bouch oligak yo.
Men 3 référans ⬇️:
1. https://youtu.be/GHvDCduhvvE?si=lyXUTQWtrrEoyu6-
2. https://youtu.be/G1MYqVx5kZk?si=dQ2bcvT7_B-XNojt
3. https://youtu.be/SWKZwMle8Aw?si=CONMu_PhGLcf6eTq
Boulos e asasina Prezidan Jovenel Moïse
Prezidan libanè dominiken Luis Abinader te gen pwojè pou édé Boulos yon libanè ameriken vinn prezidan dayiti. Pwojè a krazé pou plizyè rézon. Pèp la rejeté pati Boulos kréyé an 2019 ki rélé mouvman twazyèm vwa (MTV). Pèp la bay MTV 2 lòt ti nom, mouvman tout volè oubyen mouvman tout violans.
Boulos té pran pòz li rejeté nasyonalite meriken epi peyi a dekouvri se té manti. Lalwa etazini 26USC6039G oblije léta ameriken pibliyé nan Register ki se jounal ofisyèl leta meriken nom tout moun ki remèt nasyonalite meriken yo. Sòti 2019 rivé 2025 nom Réginald Pierre Boulos pa janm parèt nan le Register. Li bay peyi a manti. Li pa janm remèt nasyonalite meriken li. Poukisa yon séri de jounalis ayisien ap palé de TPS aloske Boulos toujou sitwaywen meriken? Eske se yon operasyon mockingbird pou fè l parèt tankou yon moun yap pèsékité?
Pèp la toujou gadé Boulos tankou yon espyon ameriken. Dayè plizyè kab WikiLeaks té pibliyé montré misyé se yon ajan yo fè konfyans pou avanse enterè ameriken an Ayiti. Kab anbasad meriken ki fèt an 2005 e 2009 montré sa. Anpil ayisien mamdé eske se pousa apré asasina Prezidan Jovenel Moïse li bénéfisye de SSP ki vlé di State Secret Privilege kote afè sekrè lèzetazini gen priorité sou lajistis? Se yon fason pou kase fèy kouvri sa pou moun ki nan entelijans I fè krim.
Plizyè fwa pandan Prezidan Joe Biden te la, komisè gouvènman Miami ki te sou dosyé asasina Prezidan Jovenel Moïse te an plizyè fwa klase dè kakachat sekrè, konfidansyèl pou lajistis pat rive sou asasen yo. Jiskaprezan se ti pwason yo lajistis meriken kondané. Gwo réken ki enpliké nan gwo krim sa nan lari toujou.
Boulos finansé e patisipé ak Dimitri Vorbe nan tout violans manifestasyon Petrocaribe, peyi lòk, plizyè tantativ koudeta jiskaske yo touyé Prézidan Jovenel Moïse. Nap rapelé Dimitri Vorbe maryé ak fi yon Boulos. Apré Boulos echwé nan tout tantativ li yo, li te fè menas sou lavi Prezidan Jovenel Moïse.https://youtu.be/mv7yX2JIEFQ?si=ubN7VTkwuX-chfIM
Pandan krim nan pral fèt li sòti twit koté li anonsé sakpralfèt pandan li tap lòby Washington pou enstalasyon yon prezidan pwovizwa aloske te gen yon prezidan konstitisyonèl ki la. Boulos rankontre nan réyinyon planifikasyon ak plizyè asasen ki enpliké nan krim sa.
Apré asasina Prezidan Jovenel Moïse lajistis voyé manda pou Boulos 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon l nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Li pa mété pyé.

Boulos ak Vorbe pral sèvi ak Ariel Henry e Bertho Dorce yo mete minis lajistis pou pran kontwòl pouvwa jidisyè a. Yo pral mété 6 moun pa yo nan CSPJ, 8 moun pa yo nan kou kasasyon epi Bernard St Vil dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens pral édé yo fè disparèt dosyé.
Manda kont Boulos, Vorbe pral disparèt. Rekizitwa denfomé sipletif ki enplike Ariel Henry nan krim nan pral disparèt. Oligak yo pral voyé gang kase pakè plizyè fwa ak kolaborasyon otorité jidisyè yo pou fè dokiman disparèt.
Jij Walther Wesser Voltaire ki fè ankèt, rapò 60 paj e òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse se restavèk yo ki sòti nan rézo pati Verite-Inite. Se Paul Denis manm fondatè Inite ki te nonmem Voltaire lè li te minis jistis. Metada rapò Jij Walther Wesser Voltaire montré de pa li sèlman ki ékri rapò sou asasina Prezidan Jovenel Moïse ki chita sou koripsyon.
Asasen yo ap ésayé sèvi ak Jij nan kou dapèl Emmanuel Lacroix, Fremont Damesi ak Denis Cyprien pou kase fèy kouvri sa. Men pèp la wè klè. Nouvèl arestasyon sa se yon kalòt nan figi Jij kou dapèl pòtoprens yo. Tandé Prezidan Jovenel Moïse kap palé de koripsyon jidisyè ak Jij oligak mété nan koudeta
Plizyè Jij koupyon nan rézo koudeta sa. Jij Jean Roger Noëlcius, Jij Jean Wilner Morin, Jij Bernard St Vil, Jij Ivickel Dabrésil, Jij Joseph Mecène, Jij Wendelle Coq, Jij Brédy Fabien, Jij Walther Wesser Voltaire elatryé. Mafya jidisyè sa ki osèvis oligak se yon sous violans, enstabilite politik e reprezanté yon gwo blokaj a avansman péyi dayiti. Pou infliyansé CSPJ, desizyon lajistis Boulos genyen André Michel, Samuel Madistin, Pierre Espérance elatryé ki sé zouti li
Oligak sa yo tèlman awogan menm jounalis yo manké déga e trété tankou restavèk yo. Pou plis détay tandé sa ⬇️:
https://youtu.be/sS5IR-nSJls?si=QETz19V1FpTHpzju
Kisa Anbasad Dayiti Washington pral fè?
Lionel Delatour Anbasadè dayiti se yon gwo alyé oligak yo. Li te fè lobby pou yo nan Washington pandan 30 an. Li se bofrè Leslie Voltaire ki mété li nan pozisyon sa. Delatour te nan konsèy administrasyon Haiti Democracy Project ke Boulos té kréyé nan Washington. Li klè Delatour pa gen lòt opsyon ke sèvi ak infliyans li poul édé Boulos amwens ke Fils-Aime pa ta dakò nan kad koudeta lap paré kont KPT a.
Ki kote nou pralé?
Jodia nan péyi etazini 86 milyon ameriken voté pou Prézidan Donald Trump mété lòd nan peyi yo. Yap mété imigran ilegal deyò. Si ou gen rézidans ou fouré bouch ou nan zafè politik péyi etazini wap dépòté. Menm ameriken natiralizé pa alabri. Moman an rivé pou Ayisien sèvi ak modèl sa pou mété lòd lakay nou. Pousa fèt Ayiti paka gen otorité léta ki restavèk nan pouvwa ékzékitif, jidisyè ak léjislatif. Lè a rivé pou tout patriyòt mété tèt ansanm pou mété lòd nan dezòd pou rédrésé e fòtifyé leta panou.
