Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nan emisyon radyo Alo Senatè, Edo Zenny fè 5 Jiyè 2025 ki pasé sou chanèl YouTube tripotay lakay, li deklaré li konnen nan ki bank Sendomeng 20 milyon dola vèt ki itilize pou touyé Prezidan Jovenel Moïse pasé e li konnen tou nan ki bank Ayiti 20 milyon dola vèt sa sòti. Tanpri tandé Edo la ⬇️:

Nòmalman si Jij Emmanuel Lacroix, Frémont Damesi, Denis Cyprien nan kou dapèl pòtoprens tap fè travay ankèt jidisyè pou jwen tout lavérité sou asasina Prezidan Jovenel Moïse yo tap fè 2 bagay. Premyèman, yo tap konvoké Edo Zenny pou bay plis détay. Dezyèman yo tap mande bank santral bayo yon rapò detaye sou sa. Dayè ta sanblé gen anketè ayisien té déja jwen enfòmasyon sou transfè sa yo. Jij enstriksyon koupyon Walther Wesser Voltaire ki sòti nan pati politik Verite-Inite kase fèy kouvri sa. Eske se vré jan lari a dil sé yon fanm ki té yon ansyen minis oligak yo ta itilize pou fè transfè kòb yo?


Dépi 48 mafya jidisyè ki enplike nan touyé Prezidan Jovenel Moïse réfizé pozé kesyon kiyès ki finansé krim sa? Mafya jidisyè réfizé tou chaché ki koté manda ilégal asasen yo itilize pou fè tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse nan Tibwa 7 Fevrier e touyé l 7 Jiyè 2021 sòti.

Yon lòt fwa komisè gouvènman devan kou dapèl pòtoprens Claude Jean, Carlet Vincent ak Rocky Pierre ki réfizé fè rekizitwa sipletif sou baz sa yo rélé nan domènn jiridik denonsyasyon nouvèl èv montré yo kowonpi jis nan zo. Se 3 komisè gouvènman sa yo ki té pwotéjé 3 brakè KPT a Emmanuel Vertilaire, Gérald Gilles ak Smith Augustin nan koripsyon 100 milyon goud yo volè nan bank nasyonal krédi. Toulè 3 gentan résévwa pwomosyon pou sa. Komisè gouvènman Carlet Vincent résévwa pwomosyon kòm sisbstiti komisè gouvènman devan kou kasasyon aloske komisè gouvènman Claude Jean ak Rocky Pierre résévwa pwomosyon kòm komisè gouvènman nan lakou kasasyon.

Sé Emmanuel Vertilaire ki reskonsab dosyé jistis nan KPT a ki enstrimantalizé pwomosyon sa yo a travè rankont séparé li fè ak otorité jidisyè ke Ariel Henry ak Bertho Dorce te nonmen. Imajine nan ki labou Ayiti tonbé lè yon volè tankou Vertilaire reskonsab jistis nan konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT).https://www.facebook.com/story.php?story_fbid=865110458973935&id=100064249677209

Batonye okap fèk avili Vertilaire nan yon lòt tantativ koripsyon nan vil Okap, tandé sa ⬇️:

Nan deklarasyon Edo fè yè nan emisyon li, ou dékouvri poukisa Edo ak lòt oligak yo rayi Prezidan Jovenel Moïse. Se poutèt li té anpéché yo manjé nan asyèt léta a. Prezidan Jovenel Moise té koupé tout fo kontra e tout kote oligak yo tap vòlè kòb léta. Prezidan Jovenel te koupé 300 milyon dola vèt oligak yo tap vòlè nan blakawout pa ané, 350 milyon dola vèt oligak yo tap vòlè nan gaz pa ané, 407 milyon dola vèt nan telefon 4G, 100 milyon dola vèt nan konstwui wout chak ané e plizyè lòt koté nan bwa léta. Tandé 2 ti videyo sa yo kote Prezidan Jovenel tap palé de sa ⬇️:

Edo Zenny te vinn rayi Prezidan Jovenel Moïse paske li te di l fòk li péyé taks ladwann menmjan ak ti machann ak diaspora a pou komès yap fè. Edo gen yon komès koté lap vann machine zo réken ak motosiklèt. Li te fè entèvansyon bò koté Prezidan Jovenel pou li pat péyé taks li dwé péyé ladwann. Prezidan Jovenel Moïse te réponn li paka fè entèvansyon sa pou li. Prezidan an te di fòk li péyé ladwann taks li dwé. Dépi lè sa Edo rayi prezidan an. Li pral rélé prezidan an pi gwo trèt an politik poutèt prezidan an mandé l péyé ladwann menmjan ak Tout moun. Dépi lè sa yap fwapé Prezidan Jovenel Moïse, madanm li Martine Moïse e jodia pitit li Joverlein Moïse. Tandé pawòl Edo la ⬇️:

Oligak peyi dayiti vlé kenbe sistèm pezé sousé a koté yap piyé léta. Yon bò, yo volè apeprè 1 milya dola vèt léta pa ané a travè gwo kontra léonien. Yon lòt bò, yap piyé léta ak pèp la a travè tout monopòl komèsyal yo genyen tankou monopòl diri, farinn, sik, siman, angrè, machine, motosiklèt, imobilyé, asisrans, konpayi avyon, kontreband sou fwontyè a elatrye. Yo réfizé péyé taks ladwann.

Dépi gen yon prezidan oubyen yon premye minis ki egzije oligak yo bay patisipasyon nòmal e legal yo nan devlopman peyi dayiti, yo réfizé. Lè otorite leta mandé yo péyé sa yo dwé, oligak yo péyé palmantè, Jij, lidè politik ak kèk jounalis restavèk pou fè destabilizasyon. Lè sa pa sifi yo péyé pou fè manifestasyon violans pou voyé premye minis ou prezidan alé. Kòm tout bagay sa yo pat maché sé pousa oligak yo touyé Prézidan Jovenel Moïse. Tandé sa ⬇️:

Dépi 48 mwa pèp la ap goumen pou krazé sistèm sa Prezidan Jovenel Moïse té kòmanse detwui. Sistèm nan a travè KPT, kasasyon, Montana, gang yo ap reziste. Men viktwa final la se pou pèp la ki dwé yé.