Ak konplisite politik, militè ak finansye gwoup dominiken yo,
katèl meksiken Sinaloa a gen yon estrikti refij ak operasyon nan tout nivo nan Sendomeng. Katèl dwòg sa trafike plizyè milye tòn kokayin nan peyi Etazini. Réyalité sa monté kòlè DEA, FBI ak depatman lajistis meriken. Narko-politisyen dominiken yo pa konn kijan pou yo jéré kolè sa.
Ayiti dwé pran dosyé sa oseryé. Ayiti dwé gadé eske Leslie Voltaire ki gen manda debou kont li devan lajistis pou trafik dwòg gen koneksyon ak katèl dwòg Sinaloa ki Sendomeng? Eske monté désann li tap fè kolonbi se pou rekonstwui rézo dwòg Aristide té genyen lè li té reprezanté chèf katèl dwòg Pablo Escobar an Ayiti? Eske se pou trafik dwòg ak kolonbi li louvri pò senlwui a nan depatman sid péyi dayiti? Eske se pousa KPT a nonmen lavalas Fritz Longchamp Anbasadè Sendomeng? Ki wòl gang Viv Ansanm ap jwé nan zafè trafik kokayine sa? Péyi a sonjé déga Izo ki nan Viv Ansanm te fè nan vil sodo Pou dwòg li ki te disparèt. Eske atak vil Mibalè ak Lascahobas pa gang yo gen rapò ak trafik dwòg lè peyi a konnen wo e ba plato santral gen gwo dwòg dilè?
Ayiti dwe fè ankèt tou sou Prezidan Luis Abinader. Deklarasyon yon detektif dominiken ki rélé Angel Martinez di ke li plen foto ak vidéo Prezidan Abinader ki avèk yon bann dwòg dilè. Se sak fè Abinader fè aretél. Misye mété verite yo deyò. Li mande pou Abinader vinn bay pèp dominiken an esplikasyon sou rapò li genyen ak dwòg dilè. Depi lè yo te site nom Abinader nan koripsyon dosye Panama papers yo té lese komprann misyé nan dwòg. Kòm Sendomeng se son peyi kowonpi eske se sak fè yo poko jijel?




Pou plis détay sou operasyon katèl dwòg Sinaloa Sendomeng gadé la ⬇️: https://www.diariolibre.com/usa/actualidad/2025/07/03/deard-no-sera-un-refugio-del-cartel-de-sinaloa/3171660
Pou plis détay sou trafik dwòg Aristide té konn fè ak chèf katèl kolonbi Pablo Escobar gadé la ⬇️:
https://youtu.be/lETvLisi8T0?si=nNWphxPfFQCkBhlD