Kòm oligak yo wè KPT ak Fils-Aime echwé, kòm yo wè tou lòt koudeta yo té paré pou rédwui KPT, koudeta kasasyon, koudeta Montana pap kapab atéri yap gadé si yo ka fè yon koudéta pou enstale Jocelerme Privert.

Pèp péyi dayiti ak diaspora a pa vlé tandé palé de Jocelerme Privert pou plizyè rézon.

Sé Privert kòm minis enteryè Aristide ki te konn distribyé zam bay gang lavalas kréyé nan sité solèy, nan bwa nèf e plizyè katyé popilè pòtoprens.

Privert patisipé nan masak lasiri nan Senmak ak Biron Odigé ki té nan gang balé wouzé, gadé sa ⬇️:
https://haiticonsciencecitoyenne.wordpress.com/devoir-de-memoire-9-11-fevrier-le-massacre-de-la-scierie/

Pa bliyé se Vorbe ki té achté vòt palmantè pou fè Privert prezidan pwovizwa an 2016. Li sé restavèk total Vorbe gwoup blakawout ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Lè Privert vinn prezidan pwovizwa an 2016 li fè touyé Willems Edouard ki te direktè jeneral près nasyonal enstitisyon leta ki pibliyé tout dokiman ofisyèl leta. Privert fè touyé Willems Edouard pou li pat palé sou krim li té témwen. Edouard té témwen lè Privert kòm senatè te falsifyè amandman konstitisyon an andedan près nasyonal. Pita Stevens Benoit te konfimé nan radyo se Privert ki te fè falsifikasyon sa ki se yon gwo krim kont nasyon an. Gadé sa ⬇️:
https://lenouvelliste.com/article/218306/willems-edouard-mon-ami-poete-assassine

Pandan li prezidan pwovizwa Privert péyé Pierre Espérance 1 milyon goud nan BMPAD pou fè rétiré rapò RNDDH sou wòl li nan masak lasiri ak distribisyon zam bay gang.

Pandan Privert ki sòti nan lavalas, Verité, Inite té prezidan pwovizwa li te fè solda dominiken pilé tè péyi dayiti. Se pèp Ayisien ki té levékanpé kont kou trèt sa ki fè solda dominiken kouri kité péyi dayiti.

Privert kòm prezidan pwovizwa fè rantré 7 kagézon zam ak bal pou réamé gang yo nan pòtoprens nan péryòd 2016-2017.

Privert kòm prezidan pwovizwa té séparé kòb ak résous léta ak oligak e politisyen volè e kriminèl, tandé ⬇️:
https://youtu.be/-oKLnI9KEtE?si=7KlzW4hR2cwhQklh

Privert se asosyé dominiken Capellan nan Codevi e yon ansyen minis dominiken agrikilti. Se Privert kap édé dominiken sa yo volè tè péyizan nan nòdès nan plènn maribarou. Sé Privert tou ki a travè manipilasyon voyé kòb BID débloké pou Ayiti bay oligak ak asosyé dominiken nan Codevi.

Privert kòm restavèk Vorbe yo té fè sèman lap touyé Prézidan Jovenel Moïse an 2018 poutèt li té anilé 4 Milya 500 milyon dola vèt kontra koripsyon Privert té siyen. Privert fè gang touyé nèg épé a kèk jou apré li fè deklarasyon sa sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, gadé video sa ⬇️:

Ofansiv pou tantiv koudeta gwoup blakawout ak Privert kòmanse nan yon operasyon de cham jodia 30 Jen 2025 nan emisyon Impasse sou Scoop FM.

Pèp pa vlé tandé palé de Privert ditou kòm restavèk oligak e kòm moun ki fon nan gang, nan koripsyon e kap bay Ayiti kou trèt ak dominiken. Lè pèp la tandé nom Privert li di sa déranj