Pa Anbasadè Stanley Lucas

Pouvwa ékzékitif ak pouvwa jidisyè nan men oligak ak politisyen asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse dépi 48 mwa. Sa fè 48 mwa yap batay kont yon kadav ki pa la pou défann tèt li. Konsyans popilè kenbe kadav Prézidan Jovenel Moïse vivan. Dépi 48 mwa malédiksyon nan do asasen yo. Kanta pou lanati li prézan nan chak kafou asasen yo mété pyé yo. Wa di malè ap chaché yo. Jistis pou Prézidan Jovenel Moïse!!!

Istwa yon manda ilegal asasen
Men istwa manda ilégal mafya jidisyè a kréyé pou fè tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse an Fevrier e touye l 7 Jiyè 2021…

Jij enstriksyon Chavannes Etienne tap fè enstriksyon dosyé masak la Saline. Selon lalwa lè yon Jij enstriksyon ap travay sou yon dosyé oken lòt Jij paka rantré ladanl tou otan li pa remèt rapò ak òdonans li oubyen désezi de dosyé a. Pandan Chavannes Etienne té reskonsab dosye lasaline nan, san li pa okouran Pierre Espérance ak André Michel pasé sou koté yo péyé Jij koupyon Jean Roger Noëlcius 30 mil dola vèt pou fè yon manda ilégal kont Prezidan Jovenel Moïse. Tout moun konnen konstitisyon an tabli yon pwosédi espésyal si yap jijé yon prezidan repiblik dayiti ki sé wot kou jistis. Yon Jij poukont li paka lévé e fè yon manda kont yon prézidan. Apré Jij Noëlcius fè manda ilegal la Espérance fè lal kaché Montréal Canada. Pierre Espérance pral bay Mario Beauvoir avoka konsiltan RNDDH misyon pou itilize manda ilégal sa ke li tal dépozé l nan anbasad ameriken pòtoprens. Biwo afè kriminèl DCPJ té jwen kopi manda ilégal sa ak tout diskou li tapral fè nan men Jij koupyon Ivickel Dabrésil lajistis te arété apré eshèk tantativ koudeta pou touyé prezidan an nan abitasyon Vorbe yo nan Tibwa. Men kopi manda ilégal sa ⬇:

Swuiv détay yo. Oligak Dimitri Vorbe ak Jean Marie Vorbe pral sèvi ak manda ilégal sa pou monté yon koudéta kont Prezidan Jovenel Moïse nan abitasyon yo nan tibwa. Yo pral sèvi ak Jij Ivickel Dabrésil, Mario Beauvoir, Marie Louise ak Marie Antoinette Gauthier elatryé pou fè tantativ koudeta sa. Enspektè jeneral lapolis Marie Louise Gauthier té rélé kòmandan USGPN Dimitri Herard pou préparasyon koudeta sa.
Pou tandé konvèsasyon sa pezé la⬇:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=e3-QAIMPwZ7U1azX

Mafya jidisyè mété ak mafya dwazimen pou fè lagé 18 poutchis yo
Tantativ koudeta sa té échwé lapolis ak lajistis te arété 18 pouchis ki té planifyé touyé Prezidan Jovenel Moïse. Men list pouchis lajistis té mété anbakòd:
1 – Maître Yvickel Dabresil juge à la Cour de Cassation de la République
2 – Renard Dabresil, (35 ans) cousin de Yvickel Dabresil.
3 – Romain Dabresil (35 an) kouzen Yvickel Dabresil
4 – Roosevelt Cinéus (33 an) kouzen Yvickel Dabresil
5 – Marie Louise Gauthier, enspektris jeneral lapolis;
6 – Steven Herard (34 an), Ajan III lapolis (sékirité Jij Yvickel Dabresil)
7 – Nacius Fleirant (36 an) Ajan II lapolis
8 – Dachelin St-Ford (25 an) Ajan I lapolis;
9 – Robenson Jean (29 an) Ajan I lapolis;
10 – Marie Antoinette Gauthier, doktè ki té enpliké nan volè ti bébé Nahoune Myrthil lopital jeneral pou Aristide te fè sérémoni pilon;
11 – Louis Buteau, Agronòm
12 – Claude Veillard (75 an), Sosyològ
13 – Bertis Loubert, (58 an)
14 – Wesner Dantes (45 an)
15 – Fritnet Saint Cyr (40 an) chofè Yvickel Dabresil
16 – Wany Yves, (44 an), anplwayé Vorbe yo nan Tibwa;
17 – Hija Djennicka Philippe (21 an)
18 – Chantale Saintime (37 an).

Ak sipò dwazimen Pierre Espérance ak mafya jidisyè a ak alyé yo nan laprès ki té nan koudeta a fè gwo présyon pou lagé pouchis yo.

Tòl kay ki plen twou ka twompe solèy men l pa l pa ka twonpe lapli
Dosye jidisyè afè la Saline nan : anpil mastèbrenn men manipilasyon yo byen klè. Me kijan
7 Jiyè 2021 oligak, politisyen restavèk ak mafya jidisyè a sèvi ak solda mèsenè kolonbi pou touyé Prézidan Jovenel Moïse e blésé Premyè Dam Martine Moïse lakay yo nan Pélerin. Apré krim nan, asasen yo pran kontwòl pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè manipilasyon yo pral kontinye. Étan doné gen plizyè moun ki té fè apèl onivo lajistis nan dosye la Saline nan, dosyé a rivé nan kou kasasyon. Pou manda ilégal ki touyé Prezidan Jovenel Moïse pa reparèt ankò Pierre Espérance pral sèvi ak Jij koupyon Jean Wilner Morin e Walther Wesser Voltaire pou toufé manda ilégal la. Jij koupyon Morin pral fè yon rapò ak òdonans tèt anba. Menm bagay la fèt ak Jij koupyon Verite-Inite Walther Wesser Voltaire ki fè tantativ antéré dokiman prensipal ki kozé asasina Prezidan Jovenel Moïse ki sé manda ilégal. An regadé ansanm ti pa ti pa dosyé la Saline lan pou nou konprann pi byen manda ilégal ki itilize pou fè tantativ touyé epi touyé Prezidan Jovenel.

Gen yon ensidan ki rivé la Saline 13-14 Novanm 2018. Apré 1 Desanm Pierre Espérance sòti yon rapò koté li fabriké yon pakèt manti pou réglé afè politik li e afè politik opozisyon radikal la ki te bezwen bay Prezidan Jovenel Moïse koudeta. Esperance kréyé yon istwa ke sakpasé a se yon masak léta fè poul té ka itilizé sa kont prezidan an. Alépòk se Roudy Arly ki té minis jistis.


Lajistis péyi dayiti pran kontwòl dosyé la Saline 4 Janvye 2019 koté dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens Bernard St Vil mété Jij enstriksyon Chavannes Etienne sou dosyé a. Jij Etienne nan ankèt lap mennen té gentan endéksé 98 moun épi areté 5. Lè sa sé Eroncé Villard ki té komisè gouvènman pòtoprens. Pandan Jij enstriksyon Chavannes Etienne ap fè ankèt, André Michel, Pierre Espérance pasé sou koté yo péyé Jij Jean Roger Noëlcius 30 mil dola vèt Boulos bayo pou fè yon tribinal premyè enstans paralèl epi fè yon manda ilégal kont Prezidan Jovenel Moïse sou baz manti. Rapò manti RNDDH la fèt ak moun pa yo André Michel tal chaché la Saline. Jij koupyon Jean Roger Noëlcius pral ekri manda ilégal sa pou yo 18 Février 2019. Se mèt Mario Beauvoir avoka konsiltan RNDDH Espérance pral bay misyon fè jesyon politik manda ilégal sa pou yo.

Le 18 Janvier 2021 Mario Beauvoir ékri anbasadèz Amerikènn Michèle Sison pou di men manda ki fèt kont Prezidan Jovenel Moïse pou jistifyé tantativ koudeta yo pral fè pou touyé prézidan an nan abitasyon oligak Vorbe yo nan Tibwa 7 Fevrier 2021. Anbasad meriken an Ayiti akize résépsyon.
Men kopi lèt la ⬇:

Lajistis e nan paj 23 rapò DCPJ sou asasina prezidan an konfimé sa, yo pral jwen manda ilégal sa tou nan men James Solages youn nan konspiratè ki planifyé e patisipé ak CTU ki sèvi ak solda mèsenè kolonbi pou touyé Prezidan Jovenel Moïse.

Anpil kesyon pou Bernard Saint-Vil, dwayen tribinal premyè enstans, ekspè nan « kase fès kouvri sa
Kesyon pou Bernard St Vil dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens ki jéré tout Jij enstriksyon yo, kijan fè pandan Jij Chavannes Etienne reskonsab ankété sou dosye la Saline nan gen yon tribinal premyè enstans paralèl ilégal ki monté an sekrè san Jij Chavannes Etienne pa okouran ak Jij koupyon Jean Roger Noëlcius kap fè travay sal Pierre Espérance? Lèt tèt anba Bernard St Vil fè pa bay répons a tout kesyon ki genyen sou tribinal paralèl sa.

Menmjan tou mèt Eronce Villard ki té komisè gouvènman devan tribinal premyè enstans pòtoprens alepòk gen pou li réponn kesyon kijan fè gen yon tribinal paralèl ilégal ki monté sou dosyé la Saline nan epi li pa di anyen?
Eronce Villard pral chèf kabinè minis jistis, minis koupyon e trèt teritwa pèdi Emeline Prophète ki siyen akò avèk ameriken ke peyi dayiti pa okouran. apré asasina prezidan an. Se oligak Dimitri Vorbe ki patisipé nan touyé Prezidan Jovenel Moïse ki mété avoka li Bertho Dorce minis jistis apré asasina a pou al saboté e manipilé ankèt la.

Kòman fè andédan rapò DCPJ a gen tout enfòmasyon klé sa yo épi jij koupyon Walther Wesser Voltaire fè blakawout total sou manda ilégal sa ki se éléman klé ki itilizé asasina prezidan an? Ki asasen Walther Wesser Voltaire ap pwotéjé? Pat gen oken mwayen pou ékaté manda ilégal sa ki se potomitan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Poukisa Jij koupyon Walther Wesser Voltaire fè koripsyon sa? Poukisa Jij koupyon Walther Wesser Voltaire kité Pierre Espérance, André Michel ak Samuel Madistin édé l ékri rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse ke li siyen? Poukisa Jij koupyon Walther Wesser Voltaire pa ankété sou òdonans bidon Jij koupyon Jean Wilner Morin fè pou Pierre Espérance nan dosyé la Saline nan ki chita sou rapò manti RNDDH te fè pou brouyé pist yo? Kanta pou poze kesyon kiyès ki depansé 20 milyon dola vèt pou òganize asasina Prezidan Jovenel Moïse mafya jidisyè ki restavèk oligak pa vlé pèson pozé kesyon sa.

Pèp la limenm pap gen kase fèy kouvri sa.

Gen yon bagay ki klè : fò n pa bliye l
Jodi a, tou sa k pase nan kou dapèl la, ki iyoré fè ak reyalite sa yo, démontré yon bagay ki klè : se menm mafya jidisyè ki fè tantativ pou touye Prézidan Jovenel Moïse, se menm mafya jidisyè sa a k ap kontinye magouye. Jis jodi a, an Jen 2025 yo, gen tantativ koudeta toujou, ak Jij koupyon kou kasasyon, ke premye minis Ariel Henry té nonmen, ki enpliké nan touyé Prezidan Jovenel e ki nan gang Viv Ansanm ap fwapé toujou tandé ⬇:

Pou Ayiti ka jwenn lapè, lajistis kowonpi a fèt pou réfòmé e sistèm sa dwé kraze.
*🛑 Pou plis détay sou koripsyon mafya jidisyè kriminèl nan asasina Prezidan Jovenel Moïse gadé la ⬇️:*
https://youtu.be/H3HHxYCNQT8?si=VWzMhvX2xV9JheM5 *Oubyen gadé la ⬇️:*
https://youtu.be/ukUpzn-LJYc?si=q8lN7JIZj8UugTL-