Pa Anbasadè Stanley Lucas

Lè latino tap sibi lesklavaj se Ayiti ki te bayo zam, solda ak lajan pou libéré yo. Se konsa nou édé Simon Bolivar libéré Venezuela, Kolonbi, Bolivie, Pérou, Ekwatè ak Panama anba lesklavaj. Tandé ekstrè yon ti konvèsasyon ant Bolivar e neve li Camacho sou sa. Li nan film ki sou Netflix ⬇️:
https://x.com/Stanleylucas01/status/1149464418247294976

Poutan apré nou libéré yo lè latino yo pral fòmé òganizasyon eta ameriken (OEA) an 1948 yo pat envité nou paske nou té twò nwa. Politik racist fè yo te bay Ayiti kenbe kòd long. Ayiti pral rantré nan OEA an 1889. Premye fwa yo pral louvri biwo pòtoprens se an 1956.

Òganizasyon eta ameriken regwoupe 34 peyi amerik latine ak karayib la. Se OEA ki kwafé sistèm entèameriken. An 1962 òganizasyon an te ekskli Cuba ki se yon manb fondatè. An 2009 OEA te sispan eksklizyon sa men Cuba désidé li pap retounen. Andedan OEA ou jwen konsèy pèmanan an se li ki pran gwo desizyon yo, asanblé jeneral la, konferans minis afè etranjè, sekretarya jeneral. Gen tou ajans spesyalize tankou komisyon entèameriken dwa moun, tribinal entèameriken dwa moun, òganizasyon panamériken lasanté, enstiti entèameriken timoun, tribinal administratif, komisyon entèameriken kominikasyon, komisyon entèameriken kont teworis, komisyon entèameriken sou dwòg, somè amerik. Bank entèameriken devlopman (BID) fè pati de sistèm entèameriken menmsi li pa fòmèlman fè pati de OEA. Desizyon chak jou e jesyon òganizasyon an se yon sekretè jeneral asisté de yon sekretè jeneral adjwen ki fè l. Yo chwazi yo a travè eleksyon ki fèt nan konsèy pèmanan. Pou la premyè fwa an 2025 gen yon moun nwa ki sòti nan karayib la, Suriname, Albert Ramdin ki vinn sekretè jeneral OEA.

Nan fonksyonnman OEA se reprezantan 33 léta yo ki gen priorité menmsi gen kèk fenèt ki louvri pou sosyété sivil. Lè sekretè jénéral OEA a pral pran pozisyon sou yon péyi, premye bagay li fè li pran kontak ak anbasadè peyi sa poul konnen pozisyon l sou sijè li vle palé kòm sekretè jénéral. Si sa nesesè sekretè jénéral la ka mandé anbasadè peyi a mété l an kontak ak minis afè etranjè, prezidan oubyen premye minis peyi sa pou plis présizyon sou sijè li vlé palé piblikman. Nan 99% ka ki prezante deja sekretè jénéral toujou palé nan sens otorité léta peyi sa patajé ak li. Sa konn rivé tou ke sosyété sivil patikilyèman dwazimen bay opinyon yo tou a travè komisyon entèameriken dwa moun.

Sa vlé di lè sekretè jénéral OEA piblikman di bay jounal sant refkeksyon dialogue koté oligak yo infliyan, li pa ékaté posibilite negosye ak gang yo. Sa ta vlé di Anbasadèz dayiti nan OEA Myrtha Désulmé oubyen anbasadè oligak yo Washington Lionel Delatour, premye minis défakto Alix Didier Fils-Aime, minis afè etranjè Arvel Jean Baptiste ak kèk konséyé andedan KPT a bali otorizasyon pou fè sa.

Andedan KPT a eske se Smith Augustin ki te vizite OEA resaman ki fè sa? Eske se Gérald Gilles oubyen Fritz Jean ki mandé OEA fè pwomosyon dialòg ak gang yo?

Li posib tou ke demand sa fèt via komisyon entèameriken dwa moun, nan ka sa se tap Pierre Espérance ki gen relasyon ak yo. Pandan premyè semènn mwa Jen 2025 Pierre Espérance te di nan yon interview li paré pou négosyé ak gang yo pou yo rann tèt yo. Eske sa vlé di sé li? Tandé la pou w kouté pawòl ekzak Espérance nan montaj li ak Roudy Sanon kap travay enfòmèlman pou primati a⬇️:

Nap rapelé moun ki nan KPT jodia se ak violans gang yo, yo te reyalize peyi lòk pou destabilizasyon gouvènman konstitisyonèl Jovenel Moïse. Se avèk chèf gang Vitelhomme Innocent e òganizasyon teworis Fantòm 509 yo te vlé touyé Prezidan Jovenel Moïse 20 jen 2021 lè li tap retounen soti péyi Turquie. Se ak gang yo manb KPT ki la jodia té voyé Ariel Henry alé pou pran pouvwa a. KPT te voyé kòb bay gang yo via militan Dikson Oreste.

Pa bliyé lè lajistis ak lapolis tap chaché Youry Chevry youn nan chef òganizasyon teworis Fantòm 509 se Fritz Jean ki édé l sové alé Sendomeng pandan li te gen avi de rechèch dèyèl. Lè rézo sa finn touyé Prezidan Jovenel Moïse se yo ankò san okenn desizyon lajistis ki enpoze Chevry nan tèt méri pòtoprens. Lè Chevy rivé nan méri a li té esayé édé fè gang rantré kanapevè se brigad de défans zònn nan ki té bloké l. Anpil moun sispèk lè li débaké semènn sa nan vil Pignon ak Fritz Jean pou rankontré brigad défans vil Mibalè. Kèlkeswa kote w viré an Ayiti ou jwen otorité léta sa yo nan gang.

Premye minis Fils-Aime réyini plizyè fwa ak chèf gang yo. Fils-Aimé ap fonksyone avèk gang yo depi lè li te kandida pou sena lwès pou pati Verite-Inite. Bwa dwat Fils-Aimé se John Joel Joseph chèf gang Site Solèy ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2022 e bwa gòch li se Renée Momplaisir chèf gang bwa nèf.

Pa bliyé se chèf kabinè Fils-Aimé nan primati a ansyen dépité Axène Joseph ki te kònn kowòdoné aktivité gang yo pandan opérasyon violan péyi lòk pou te bay Prezidan Jovenel Moïse koudéta. Konséyé premye minis défakto ki sé Antonio Chèramy ak Nènèl Cassy fon nan gang depi 2006. Dayè lòtjou lè premye minis défakto Fils-Aimé fè aranjman ak minis jistis Pelissier ak komisè gouvènman pòtoprens Frantz Montclair pou fè tantativ ilégal pou blanchi Nènèl Cassy ki nan gang, chèf gang Krisla pral mandé Fils-Aimé ki konnen l byen pou l fè menm bagay li fè pou Nènèl la pou fè l pou li. Gadé Avi rechèch Nènèl e kouté chèf gang Krisla sou videyo sa ⬇️:

Pèp la poko janm padoné mové jé CARICOM ki dérèspékté konstitisyon peyi dayiti nan koré koulèv 9 tèt sa ki rélé KPT ak tout premye minis lan e gouvènman sa ki nan gang e nan volè kòb léta. Konstitisyon peyi dayiti pa gen KPT, li pa gen kasasyon ni montana ladanl. Atik 149 la di si prezidan an pa kapab ekzèsé fonksyon li, su pa gen palman pou mété yon prezidan pwovizwa se yon premye minis ak gouvènman li ki dwé dirijé pouvwa ekzekitif jiskaske eleksyon fèt.

Yon bagay ki klè apré tout krim odye gang yo fè a travè peyi dayiti, gran majorité pèp peyi a pa dakò pou négosyé ak gang. Okontrè pèp la sou batay kont gang, kont KPT e kont Fils-Aimé. Se pousa gen anpil gang ki pran bwa kalé. Lè pèp la wè otorité léta nan gang vré depi 3 mwa lap chaché yon jan pou voyé KPT ak Fils-Aime ki alé.

Depatman nò a prèske eksploze apré pasaj Kemi Seba e poutèt oligak yo bezwen volè tè lisé ekselans Prezidan Jovenel Moïse tapral konstwui nan katye Morin, tande ⬇️:

Pèp la kwè si gen yon premye minis ak yon gouvènman ki pa nan gang yo ka krazé 4 etaj ensekirite péyi dayiti ak konkou lamé, lapolis ak BSAP.