Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nan pran ayisyen pou egare, Reginald Boulos ap chèche fè yon move dekabès
Sa fè lontan otorite konstitisyonèl leta ak pèp Ayisien an kenbe oligak Reginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe elatrye nan koripsyon sa vlé di volè kòb ak byen leta e nan aksyon teworis violans kont pèp la ak politisyen, palmantè e gang yo distribye zam bayo. Sa fè lontan 4 etaj ensekirite a yo bati ap fè san koulé nan peyi dayiti.

Jodia mwa Mai 2025 nan premye etaj ensekirite a ou genyen 7 sou 9 manb konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) ilegal la ki nan gang. Premye Minis defakto Fils-Aimé nan gang depi 2015. Bwa dwat li se te John Joel Joseph chèf gang Site Solèy ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse ke yo kondane a prizon avi Florida pousa. Bra gòch li se Rene Momplaisir chèf gang bwa nèf ki toujou avè l. Nan gang sa ou te gen Dimitri Vorbe, Kato elatrye

Nan premye etaj la gen tou gouvènman defakto Fils-Aime a ki gen plizyè minis ki nan gang tankou minis jistis Patrick Pelissier ki té avoka òganizasyon teworis Fantòm 509, Sinal Bertrand minis santé piblik elatrye. Toujou nan premye etaj ensekirite a ou gen Jij kou kasasyon ki nan gang. Se kèk nan Jij sa yo ki prepare diskou 18 Novanm 2024 nan pou chèf gang Viv Ansanm Barbecue. Gen tou 3 ansyen prezidan ki nan premye etaj ensekirite a ki nan gang, se Aristide, Martelly ak Privert.

Nan dezyèm etaj ensekirite a ou gen oligak ki nan gang Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Mary Vorbe, Baussan, Acra, Deeb, Barrau, Bigio elatrye

Nan twazyèm etaj ensekirite a ou jwen lidè politik, ansyen palmantè, 2 eleman dwazimen tankou Kato, Nènèl, Rika, Beauplan, Moïse, André Michel, Esperance, Gédéon elatrye. 3 premye etaj ensekirite a poté nom gang a kravat.

Katryèm etaj la se gang a sapat yo. Gen 27 nan katye popilè rejyon metropolitènn pòtoprens e gen 4 nan depatman latibonit. Se oligak yo ak politisyen ki restavèk oligak ki kréyé gang a sapat yo nan distribye zam ak bal nan katye popilè pòtoprens e nan latibonit. Kòm gang a sapat ou gen Barbecue, Izo, Vitelhomme Innocent, Mikanò, Krisla, Didi élatrye Nènèl Cassy té esayé konstwui yon rézo gang a sapat soti nan nip rive kafou, Komisè gouvènman Muscadin détwui tout rézo a. Lapolis té menm arété Nènèl Cassy. Présyon politik fè yo lagel.

Lè leta sòti pou goumen kont gang yo e pou mete tout oligak teworis e volè sa yo anbakòd, oligak yo finansé asasina Prezidan Jovenel Moïse. Yo touyé l 7 jiyè 2021. Dépi lè sa leta a nan men oligak yo. Detèminasyon pèp la ki levekanpe kont asasina Prezidan Jovenel Moïse e kap goumen dépi 46 fè ke oligak teworis yo paka ranfòse sistèm pezé sousé a e yo paka antéré nan tribinal yo kontwòlé dosyé asasina prezidan an malgré yo gen kontwòl pouvwa ekzekitif ak jidisyè.

Pou jere pèp la e anpéché li pran lari oligak teworis yo ogmanté violans gang yo sou sosyété a pandan yap konpoze ak prezidan domiken Luis Abinader yon libanè dominiken pou fè solda kolonbi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel débaké Ayiti. Malgré tout violans oligak teworis yo mete ak gang yo toupatou Ayiti, pa réyisi kase rézistans ak rézilyans pèp la kap goumen pirèd a travè brigad défans yo bati.

Tout moun remake dépi Prezidan Donald Trump désidé mete gang Viv Ansanm ak Gran Grif sou list teworis oligak, lidè politik, palmantè, Jij, ansyen prezidan, otorite ki nan KPT ak gouvènman Fils-Aime a panike.

Apre otorite meriken yo deziye Viv Ansanm kòm òganizasyon teworis èske Reginald Boulos ki santi li menase, poutèt relasyonl ak gang G-9 dépi lontan, kozé boule biznis Automeca pou li ka fè yon dekabès? Eske se Boulos ki enfòme teworis Barbecue ke se Laurent Tesserot ke Fils-Aimé bay kontra dròne kap tonbe sou yo? Eske se li tou ki bay adrès prive Tesserot ki se youn nan envestisè nan Automeca? Tout moun dakò sa k fèt nan Automeca a sanble yon montaj politik, yon bagay ki planifye, sitou lè nou konnen relasyon Boulos ak gang yo. Boulos gen kontwòl tout gang nan zònn sa. Kijan Automeca fè boule? Moun ap mande tou ki kont kap réglé ant oligak teworis yo, ki enterè kap defann paske Automeca gen kòb Tesserot ak Sogebank? Yo fè konnen se Tesserot ki jwen kontra dròne yo nan men Fils-Aimé san apèl dòf. Koze ki a maché nan pétyonvil, an echanj pou kontra sa, Tesserot gen pou l achté yon bel kay Miami pou Fils-Aimé. Eske se vré? Sanblé gen oligak kap sèvi a gang pou bay lòt oligak kou. Spageti sa danjere. Bagay yo brital anpil. Pa anba ti pè a, Aristide, anbachal, ap fwapé tou.

Devlopman sa yo fè anpil moun poze tèt yo 2 kesyon. Èske tout violans kap fèt pou oligak yo se pou fasilite e foure nan gòj peyi dayiti yon misyon militè Latino ki pwòch dominiken yo ki fè jenosid sou Ayiti an 1937. Pa bliyé lè dominiken yo fè jénosid an 1937, yo touye 30 mil Ayisyen. Anplis yo gen dosye pandan nan komisyon entèameriken dwa moun sou apatrid yo. Sanblé tou solda kolonbi ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse ka entégré misyon sa? Sa ta lawont total pou yon péyi solda li touyé prezidan dayiti Jovenel Moise ap chaché entégré yon misyon militè latino. Sa ta rèd.

Li klè si solda dominiken ak kolonbi ta pèmèt mete pye yo sou tè Dessalines nan se pa tout Ayisien kap vale manke déga sa ki tap sal souverenete nou. Gen anpil nan solda sa yo ki tap mouri an Ayiti.

Èske Ayiti ap pran nan koutba ke teworis Boulos ki nan konplo ak Luis Abinader ap pare kont pèp Ayisyen?
Pa bliye Ayiti pran kou nan men Latino deja. Se Ayiti ki bay Bolivar, Miranda tout èd militè, kòb, solda pou libere peyi latino ameriken yo. Poutan apré peyi latino sa yo liberé tèt yo ak èd Ayiti te bayo, lè yal fè reyinyon Panama pou konstwui òganizasyon rejyonal OEA yo pat envité Ayiti paske nou te twò nwa. Pa bliye tou dominiken yo retire kò yo nan CARICOM paske yo twò nwa. Yal jwen pito peyi amerik santral ke yo pansé ki pi pre blan. Se ekstrèm dwat rasis dominiken los vinchos, orden Antigua elatrye ki infliyanse chwa sa yo. Yo kwè se blan yo ye. Rézo sa pa vlé wè moun nwa dayiti e yap pare yon jénosid kont nou. Yo panse moman sa pwopis pou sa fèt. Konplo a tèlman grav minis afè etranjè Kenya chita jodia 13 Mai 2025 ak otorité dominiken nan konplo kont Ayiti. Li pran pòz se sipò medikal lap chache Sendomeng.

Lè jodia oligak kowonpi apiye sou blan globalis kowonpi pou fè pwomosyon nan mitan desidè politik nan Washington yon plan entèvansyon militè latino Ayiti, sitwaywen yo dwe vijilan. Objektif la se pou ranfòse sistèm pezé sousé oligak yo mete pou prije Ayiti, se tou pwoteje gang a kravat yo pou finalman vinn volè sak anba tè peyi dayiti.

Twaka libanè ayisyen yo pa rasis men Boulos chaje ak prejije
Oligak kowonpi Reginald Vorbe se yon degre siperyè nan mouvman teworis gang yo, nan touye Prezidan e nan koripsyon peyi dayiti. Boulos se yon libanè ayisien ki rasis jis nan mwèl. Li frekante moun nwa men li panse l siperyè. Se sa k dikte relasyon l a moun nwa e enstitisyon peyi dayiti. Poutan gwo majorite libanè ayisyen pa rasis e yo fyè yo Ayisyen. Se lè Ayiti ap jwé yon match foutbòl pou wè yo Ayisyen nan fon kè yo e nan nanm yo. Men Boulos ak ti minorite oligak ki nan rezo pa l la, yo pa konsa. Pou w komprann sistèm Boulos ak lòt oligak kowonpi yo enstale pou prije peyi a gadé 2 video sa yo ⬇:

Yon mafya oligak ki pi fò pase leta !
Mantalité rasis sa Boulos genyen dikte yon konpòtmam ki fè peyi dayiti anpil domaj. Boulos kwè li se leta andedan léta. Li kwè li siperyè a otorite leta. Li pa poukont li nan filozofi sa a. Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe elatrye aji menmjan.

Men kijan oligak yo sèvi ak Jocelerme Privert
Prezidan Jovenel Moise te eksplike kijan palman finn vote bidjè pou peyi a, Boulos menm li rantre lakay li e li korije l. Epi se vèsyon korije pa Boulos ministè finans lan ekzekite. Se yon bagay ou pa ta kwè men se sa ki fèt. Se sa k Boulos la. Se konsa sistèm li mete a fonksyone.
Se mantalité sa a k a pral kreye konfli ant oligak kowonpi, rasis e vyolan ak Prezidan Jovenel Moïse.

Prezidan Jovenel Moïse eksplike kòman li te genyen eleksyon yo depi an 2015 men, paske li pa t vle aksepte yon seri de kontra malatchong, oligak yo sèvi ak restavèk politik yo pou gate eleksyon an e yo òganize yon nouvo gouvènman pwovizwa avèk Jocelerme Privert (14 fevriye 2016-7 fevriye 2017).

Oligak Vorbe yo ap achté vòt yo nan palman an pou mete Privert prezidan pwovizwa. Privert pral remèt leta ak oligak e restavèk politik oligak yo. Li pral fè siyen anpil kontra malatchong ki vo anpil milyon dola vèt. Pou rafréchi mémwa w sou anbyans gato leta ki tap separe pandan tranzisyon neo-lavalas Privert, tandé la ⬇️:

Dosye Boulos pi enpòtan pase dosye prioritè leta…
Lè Prezidan Jovenel Moïse deside li pral ranfòse kapasite léta pou bati wout, konstwui pon ede agrikilti elatrye, gouvènman an apré pwosedi administratif nòmal désidé kòmandé materyèl lou tankou traktè, gredè elatrye nan men konpayi Boulos la. Pou montre w kontwòl enstitisyonèl oligak kowonpi a gen sou enstitisyon leta, dosye Boulos la antre maten nan kou siperyè dèkont, li sòti demen, alòske dosye prioritè gouvènman pou mete kouran, bati wout, konstwui lekòl elatrye te bloke plizyè mwa nan kou dèkont san yo paka sòti.

Boulos pa respekte kontra materyèl lou pou leta : fwa sa a, mal konte, mal kalkile.
Boulos te remèt leta yon pati nan materyèl lou a, apresa li te panse li ta pral kenbe rès 70 milyon dola vèt nan pòch li, san l pa remèt leta rès materyèl lou yo. Prezidan Jovenel Moïse bali presyon plizyè fwa pou l remèt rès materyèl lou ke l te dwe leta. Jovenel fè l komprann si yo pa remèt leta materyèl lou yo, l ap mete l anbakòd. Jou Prezidan Jovenel Moïse t ap prezante rès materyèl sa yo bay pèp la devan palè nasyonal la, li te di pèp la men materyèl ki fè yo te vle jete l kòm prezidan. Pou Boulos te ka kenbe e volè lajan an, li tal finanse manifestasyon violans ak tantativ koudeta pou voye Prezidan Jovenel Moïse alé sa pat mache. tandé ⬇:

Men kijan Boulos pran abitid piye ONA
ONA a (Ofis Nasyonal Asirans-Vyeyès) te kreye pa dekrè en 1965, lalwa vinn fikse l en 1967. Li gen yon konsèy Admimistrasyon kawos pou sipèvizel. Pa bliye koripsyon Boulos toupatou nan leta. Yonn nan dosye ki te fè gwo skandal se dosye ONA a. Boulos rantre nan ONA kote lajan retrèt travayè chita. Yon premye fwa, li pran 700 milyon goud, ke l mete nan biznis li, otèl El Rancho. Yon dezyèm fwa li pran yon lòt 700 milyon goud nan ONA a, li mete l nan yon lòt biznis li Delimart.Boulos retounen yon twazyèm fwa li pran yon lòt 700 milyon goud ke l mete nan biznis machine li Automeca. Yon katryèm fwa li retounen ankò, li pran 875 milyon goud nan ONA, pou li te monte yon biznis kote l ta pral vann manje ak medikaman 30% mwen chè bay tout afilye ONA. Li pran kòb la, men 2 lané apre pwojè a pa t janm fèt…

Abitid se vis.

Boulos retounen yon senkyèm fwa li pran 1 milyon dola vèt ONA, pou l konstwui lojman sosyo. Men pwojè a pa janm fèt… Nan ONA sèlman Reginald Boulos pran 1 milya 975 milyon goud plis 1 milyon dola vèt !

Apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la, kòm oligak yo a travè restavèk politik yo pran kontwòl pouvwa ekzekitif e pouvwa jidisyè, èske Boulos fè ONA efase dèt sa yo pou li? Antouka dépi oligak asasen yo finn touyé Prezidan Jovenel Moïse koudèkont ki restavèk oligak yo bèbè. Pou plis enfòmasyon, koute sa a ⬇:

Chak fwa ULCC fè rapò ki montre nivo koripsyon Reginald Boulos anndan leta, oligak kowonpi sa a toujou achte jij pou montre klèman lajistis pa pou li. Men videyo lè ULCC tap remèt lajistis rapò sou koripsyon Boulos ⬇:

Sak rèd, apresa Boulos jwen Bernard St Vil pou retirel anba pat lajistis. Chak fwa peyi a kenbe Boulos nan krim li achté Jij. Gadé la:

Judge Bernard Sainvil Shields Boulos from Anti-Corruption Unit’s Probe

Apré Boulos touyé Prezidan Jovenel Moise lajistis voyé manda bali 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon li nan krim nan gadé ⬇:

Poutan 46 mwa apre oligak kowonpi e asasen Reginald Boulos pa janm prezante devan lajistis. Li se leta, li kontwòlé KOT, Fils-Aimé e li achté pouvwa jidisyè a ki restavèk li. Gadé la:

Assassinat de Jovenel Moise : Réginald Boulos, Dimitri et Jean-Marie Vorbe boudent l’invitation du parquet de Port-au-Prince

Boulos chita sou tout pyès motè leta ayisyen an. Pou Ayiti jwen lapè ò k pèp la dwe deboulonnen oligak kowonpi e asasen Réginald Boulos ak tout parèy li yo.

Nan kad dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse jodi a, se pa de manipilasyon Boulos ap fè nan kou dapèl pòtoprens ak sipò restavèk li yo Pierre Espérance, André Michel ak Samuel Madistin. Plis jou ap pasé se plis li klè Boulos ak Espérance jwe yon wòl santral nan touyé Prezidan Jovenel Moise. Nan 46 mwa ki sot pase la, Espérance sèvi ak dwazimen e lapolis pou elimine moun kap mande jistis pou Prezidan Jovenel Moise. Anmenm tan li travay a kowalisyon ki nan tèt leta a pou plase moun ki t ap konbat Prezidan Jovenel Moïse, tankou Jean Wilner Morin e asasen tankou Enold Florestal li mete nan tèt komisyon dézameman.

Oligak kowonpi Reginald Boulos se yon chanpyon nan destabilizasyon, koripsyon e violans politik an Ayiti. Li nan jete premye minis, minis e nan tout tantativ koudeta kont prezidan. Boulos fon nan gang:

Chèf gang Viv Ansanm, Barbecue, depil plizyè ané gen relasyon seré ak oligak kowonpi Reginald Boulos. Li gen relasyon tou a plizyè lòt chèf gang tankou ti hougan, ti Gabriel elatrye.

Gang yo gen relasyon pwofon ak oligak yo ki itilize yo pou boule, krazé, kidnape, piyé e touyé. Se nan fè operasyon violans pou oligak yo gang yo vinn pran endepandans ekonomik e vinn gen anpil infliyans politik.

Nan youn nan video li yo, lè li santi pouvwa ekonomik li chita, chèf gang Barbecue pale de relasyon li genyen ak oligak Reginald Boulos e plizyè lidè politik. Anmenm tan li fè moun komprann ke se pa paske li vinn gen kòb, ke tout sa yo ba l fè, l ap dakò pou l fè l, pa rapò a sa l te konn fè pou yo, tande ⬇:

Boulos gen kontwòl sou tout G-9 la. Lè òganizasyon teworis Fantòm 509 t ap boule, kraze, brize nan pòtoprens, se branch gang G-9 la, nan Simon Pelé ki te parèt pou al pwoteje biznis patron yo Boulos.

Chèf gang yo te rele Ti Hougan an te pale twòp. Men kijan Boulos fè l pe…
Lè gouvènman Prezidan Jovenel Moise t ap fè program dezameman a travè CNDDR, yon chèf gang, ki te rele ti hougan, te dakò pou remèt zam li yo. Boulos rele ti hougan e l mande l èske li konnen pri 45 zam li vle remèt bay CNDDR pou l deside remèt yo? Poutèt sa chèf gang ti hougan deside fè bak. Li di CNDDR li pap remèt zam yo ankò. Kòm ti hougan te kòmanse pale twòp, Boulos fè fizye ti hougan 2 semèn apré, pou 500 mil goud. Se Boulos tou ki bòss gang Ti Gabriel. Tandé gang kap pale sou relasyon Boulos a chèf gang ti hougan ⬇:
https://youtu.be/LNkPExSfT5I?si=rq0iMSogSyuxp5Ga

Otèl El Rancho ki pou Boulos se yon santral reyinyon gang ak destabilizasyon demokrasi pou mete dezòd ak violans. Pandan prezidans Jovenel Moïse la, Boulos te chita tou ak Arnel Belizaire pou simaye violans soti Gressier rive Senmak an pasan pa pòtoprens. Men yon ti ekstrè ⬇️:

•https://x.com/Stanleylucas01/status/1375623250437361666

Se Boulos ki te dèyè yon pakèt vyolans nan manifestasyon li te peye pousa, epi li pran pòz se brigad pou lapè. Tande tantativ Boulos pou maske vyolans li yo ⬇:

Hougan Awousa Nago te komprann mastèbrenn Reginald Boulos ki fon nan violans gang teworis Ayiti, tandé ⬇:

Oligak kowonpi Reginald Boulos t ap finansé plizyè gang. Li te rele yo ajan de devlopman.
Kanta pou jounalis Boulos pa respekte yo. Li pran yo pou ti restavèk ke li rele yo machann mikro. Lè nenpòt analyst politik ap pale nan emisyon radyo de déga, violans, koripsyon oligak Boulos, Vorbe fè nan peyi dayiti, yo rélé péyé pou anpéché moun sa yo pale. Tande frekansite Boulos ⬇:
https://youtu.be/sS5IR-nSJls?si=m7mR3k-I3ZN5NvhQ

Abinader, Boulos ak Vorbe : 3 lougawou lajan k ap manje resous leta ayisien.
Apre Luis Abinader yon libanè dominiken vin fcixiaxnn prezidan Sendomeng Boulos ki libanè ayisien e ki frekante menm inivèsité ke li nan Boston deside y ap monte ansanm yon konplo pou li te ka vinn prezidan dayiti. Li pwomèt Abinader l ap byen pwoteje enterè dominiken an Ayiti. Boulos di li pral balanse bagay yo pou dominiken paske sa pa nòmal gen 5 prezidan dominiken ki te gen orijin ayisien. Prezidan dominiken sa yo se, Gregorio Luperón, Ulises Heureaux, Pedro Santana, Rafael Leónidas Trujillo ak Joaquín Balaguer. Yo pretann ke manman ansyen Prezidan Leonel Fernandez gen orijin Ayisiènn men yo poko konfime sa.

Kandida Pena Gomez ki te manke prezidan sendomeng te gen orijin ayisièn. Balaguer alé trè lwen nan politik racist li nan sal li ékri lè li palé dayiti li pale de menas afrikènn. Pou bon relasyon ant ayisien e dominiken li ta enpòtan pou gen yon rechèch ki fèt poukisa yon seri de ansyen prezidan e lidè politik ale alekstrèm pou rejete orijin afriken e ayisien yo genyen. Gadé sa ⬇️:

Rezo Boulos-Vorbe tèlman byen konekte ak Abinader ke li te deplase al nan inogirasyon biznis oligak kowonpi ki rele konpayi Velas. Se yon biznis ki te monte ak kòb leta Ayiti Vorbe volè nan BNC sou Preval nan blakawout. Yo touyé Guito Toussaint prezidan BNC paske li mande remèt kòb yo dwe.

Abinader ak ultranasyonalis dominiken te enkyete, poutèt transfòmasyon ke pwojè Prezidan Jovenel Moïse yo t ap fè nan tout peyi dayiti. Yo te enkyete tou, paske si Prezidan Jovenel Moïse te kontinye ogmante pwodiksyon agrikòl la, konstwui enfrastrikti peyi dayiti li pa t ap bon ekonomikman pou ekspòtasyon dominiken ke Jean Bertrand Aristide te ranfòse poutèt anbago ekonomik li te mete sou pwop peyi li an 1992. Se anbago Aristide la kapral kréyé monte egemonik dominiken yo yo sou Ayiti onivo ekonomik. Lè Aristide kraze lame dayiti an 1995 e vann dominiken zam lamé dayiti se te dènyé kou ki te touye koukou a nan relasyon politik ant Ayiti e Sendomeng.

Ranfòsman leta dayiti sou Prezidan Jovenel Moïse pa t bon ditou pou dominiken. Pou ede ajanda dominiken Boulos kreye yon pati politik ki rélé MTV pou vanse ak plan an. Pèp la limenm pral bay pati MTV Boulos la 2 nom, mouvman tout volè oubyen mouvman tout vyolans. Pou w ka komprann pi byen gade sa a ⬇:

Prezidan Jovenel bare vòlè, vòlè touye Jovenel
Kidonk Boulos rantre nan yon pwojè pou afebli e destabilize léta dayiti ak dominiken Abinader. Prezidan Jovenel te goumen pou kraze sistèm piyajè sa a oligak yo tabli Ayiti. Se yon sistèm pezé sousé ki te chita la depi oligak yo te touye Dessalines. Pou édé peyi a komprann Prezidan Jovenel te enstale yon dialòg byen kanpe ak pèp la sou sistèm blokaj ke oligak yo reprezante. Anplis de sa entèvansyon 2 analyst politik fè plizyè fwa nan radyo sou réyalité sa prezidan an tap diskité e ideyoloji nwarism demokratik vinn kraze pwojè rasis Boulos la nèt. Tandé Prezidan Jovenel Moïse la ⬇️:

Lè Boulos wè destabilizasyon pou mete prezidan péyi dayiti atè paka maché, se pousa Boulos pral rantre nan vyolans, li pral destabilize leta, jiskaske li touye Prezidan Jovenel Moïse. Gadé sa ⬇️:

Boulos rantré nan tout tantativ pou détwui Prezidan Jovenel. Li fè plizyè menas sou lavi prezidan an. Boulos, Dimitri Vorbe ak kèk lòt oligak pral kore, finanse, manifestasyon violans, plizyè tantativ koudeta, plizyè tantativ pou touyé l… Yo pral alimanté gang yo ak zam e bal. Moun k a pral vann mitrayèt tou nèf AR-15 bay chèf gang Mikanò se Didi e lòt gang ki travay pou Boulos se Didi nan site militè. Lè lajistis maré Didi mete l nan depo, Boulos fè krazé prizon an pou lage l. Si Espérance pa t ap pwoteje bòss, Boulos t ap anbakòd depi 4 an. Ayiti pa t ap la jodi a. Yon ti video 4 lane desa ⬇:

Finalman apre anpil konplo oligak kowonpi sa yo, avek restavèk politik yo, tankou André Michel, Nènèl, Kato, Youri, Beauplan elatrye, yo touye prezidan an 7 Jiyè 2021.

Apre 46 mwa krim kap fèt apre asasina prezidan an, kote oligak yo ak restavèk politik ap simayé violans, yap fè san koulé, yap volè, yap boulé konstate pèp la rézistans yo vlé ak sipò dominiken ak Kenya tabli yon okipasyon militè ak blan globalis kowonpi e latino ki enplike nan touyé prezidan nou. Kòm blan globalis ap ap pwoteje oligak asasen peyi dayiti se ayisien ki dwe kòmanse aji kont teworis sa yo ki reprezante yon kansè pou Ayiti.

Solisyon an se pa nan men ayisyen li ye.pa gen okenn blan globalis konwonpi kap vin regle anyen pou Ayiti.