Pa Anbasadè Stanley Lucas

Tribilasyon migran ayisyen dominikani: trafik ògann,  Yo nan trafik zam tou paske an 2024 gouvènman dominiken Luis Abinader nan asosyasyon ak oligak Vorbe-Boulos voyé 900 mil bal bay gang téworis peyi dayiti.kidnape timoun, vyole fanm

Gouvènman Prezidan libanè dominiken Luis Abinader nan asosyasyon li genyen avèk libanè ayisyen rasis yo tankou Reginald Boulos, Dimitri Vorbe elatriye trété migran nwa ayisyen yo pi mal je esklav sou plantasyon pandan koloni.

Otorite ak rezo milis sivil dominiken volè timoun Ayisyen yo pou fè trafik imen ak ògann. Anplis de sa CDN òganizasyon leta ki okipe afè timoun sendomeng konfime nan radyo yo gen 982 timoun nan men yo san yo pa konnen kote paran yo ye. Paran yo ap chache yo san yo paka jwen yo. Anpil moun nan mond lan estomake lè yo wè video trètman Ayisien ak violans sa yo ⬇️:

Lè yo pa fè violans sou yo milis sivil ki akonpayé ajan migrasyon dominiken toupizi e vyolé fanm ayisiènn.

Otorite dominiken pa gen oken pitye pou fanm ayisyènn ansent ki prèt pou akouche!
Sou lòd Prezidan Abinader, otorite dominiken yo anpeche fanm ansent ki pare pou akouche rantre lopital. Fanm ki rive lopital ki bloke yo sètoblije akouche atè nan lari devan lopital. Gadé ⬇️:

Otorité dominiken yo mete deyò nan lopital e depòte yo
fanm ansent ki fèk fè sezaryènn yon jou apre san ti bébé yo. Bagay sa yo chokan e vyole valè de baz tout sosyété kote moun se moun, gadé ⬇️:

Otorite leta, manb sektè prive met ansanm ak milis sivil dominiken pou prije migran ayisyen


Otorite dominiken ap krazé zo, tòtire epi touye anpil jèn de fason bosal ak yon violans ki gen anpil rayisans ladanl. Otorite ak milis sivil dominiken piyé, volè tout byen ki nan kay ayisyen migrasyon dominiken ranmase nan lari. Migran ayisien yo arete nan lari, otorite migrasyon dominiken bati yon rézo pou volè motosyklèt a machine migran sa yo e tout lòt byen yo genyen. Gadé ⬇️:

Se yon mafya migwatwa òganize kap vyole tout prensip legal léta dominiken mete anplas.

Sektè privé dominiken volè kòb retrèt ak sekirite sosyal travayè Ayisien ki pase 50 an ap travay nan endistri sikriyè a kote yo vyolé tout dwa yo, dwa a lasanté, edikasyon, lojman elatrye. Sa k pirèd la, sanksyon etazini te mete sou antreprenè dominiken sa yo, poutet vyolasyon dwa Ayisyen, sa leve san Anbasadè dayiti nan Washington Lionel Delatour pa pwoteste. Sa rèd nèt, se afè oligak k ap regle nèt al kole.

Abinader ap maché nan lonbraj Trujillo
Nan dènye chapit Compère général soleil (1955), Jacques Stephen Alexis t ap dekri jan yo te maltrete ayisyen dominikani, li t ap pale de masak aysyen Dominikani en 1937 : « Ce jour-là, il y eut de telles horreurs, sous la pluie battante que la bouche avait un goût de cendres, que l’air était amer à respirer, que la honte oppressait le cœur, que la vie avait une saveur de dégoût. » (p. 319)

Politik rasis kont moun nwa Abinader tèlman rive lwen menm Dominiken ki nwa soufri desa. Non sèlman otorite migratwa arete yon pakèt dominiken nwa nan operasyon yap fè, rasis yo menm fè kanpay sou rézo yo kont yon sitwaywen dominiken ki minis konseye nan nasyonzini poutèt li nwa, gade foto dominiken sa ⬇️:

Politik rasis sa kòmanse gen enpak trè negatif nan baz lame dominiken ki gen yon majorite moun nwa ladanl. Gen plizyè sektè nan mitan sosyété dominiken ki rejeté politik rasis sa

Gen omwen 6 konvansyon entènasyonal otorite dominiken yo vyole
Trètman violans, ki pa imen, otorite dominiken yo ap afiche vyole 6 konvansyon entènasyonal. Men konvansyon. Konpòtmam rasis vyolan sa yo vyolé:

  • konvansyon sou dwa moun
  • konvansyon entèameriken dwa moun;
  • konvansyon sou dwa fanm
  • konvansyon sou dwa timoun
  • konvansyon sou dwa a lasanté
  • konvansyon sou dwa migran Òganizasyon dwazimen Ayiti ak magouyè KPT ak primati : je fèmen, bouch kadnase
    Li pa nòmal fas a tout vyolasyon sa yo, pa gen okenn òganizasyon dwa moun Ayiti ki fè yon rapò detaye sou krim sa yo, epi voye rapò sa a bay wo komisarya dwa moun Genève, òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM), komisyon entèameriken dwa moun (CIDH), OEA, CARICOM, unyon ewopeyen elatrye. Kisa komisyon enteministeryèl ki okipe afè dwa moun nan primati a ap regle? Apa afè vwayaj perdiem kisa minis afè etranjè ap regle?

Kanta pou pou brakè KPT e brakè ki nan primati a ki nan tèt leta dayiti se oligak libanè ayisien Boulos ak Vorbe, se oligak gwoup Macaya ki mete yo se pousa yo paka defann enterè pèp e peyi nou. Yap defann enterè oligak kowonpi. Ni Anbasad ni konsila dayiti Sendomeng, yo yonn pa pwoteste nan ministè afè etranjè Sendomeng kont vyolasyon sa yo. Minis afè etranjè Ayiti Arvel Jean Baptiste kòm restavèk oligak pa janm konvoke Anbasadè dominiken nan ministè afè etranjè peyi dayiti. Konpòtman sa a, pa rapò a anbasad dominiken Ayiti, se yon veritab wont.
Gouvènman Ayisyen pa janm pote dosye sa ni devan OEA, ni devan CARICOM ni nan nasyonzini, okenn kote nan entènasyonal la. Brakè sa yo ki nan KPT e gouvènman Fils-Aime ap trayi pèp la e pa défann dwa yo ki poutan se yon devwa konstitisyonèl. Kòm makiyaj yo di yo voyé kèk bis Sendomeng pou rapatriye kèk Ayisien. Poutan se pa yo vré. Se inisyativ privé sitwayen konsekan. Pèp la ak diaspora a kondane konpòtmam brakè sa yo ki nan tèt leta a ki refize défann sè ak frè yo.

Abinader fè twòp abi : li nan trafikan zam, li nan konstwy mi
Rapò ofisyèl nasyonzini montré Sendomeng voye 900 mil bal bay gang peyi dayiti an 2024. Sa pa ka fèt san otorizasyon prezidan domiken Luis Abinader. 900 mil bal sa yo lakòz 27 mil Ayisyen mouri an 2024, 6 mil mouri nan pran bal, 11 mil k ap sové pou ensekirite mouri nan lanmè e gen 10 mil ensekirite a touye nan grangou.
Otorité leta dayiti te dwe mande nasyonzini aplike rezolisyon 2653 kont Luis Abinader, yo pa fè sa. Rezolisyon sa a di depi wap voye zam ak bal bay gang Ayiti fòk ou sanksyone. Lè Abinader wè diskisyon fèt sou sa, li kouri fè yon teyat jije 2 ofisye dominiken pou entènasyonal la pa rive sou li.

Gen 15 jou de sa Luis Abinader anonse li pral bati 13 kilomèt mi sou fwontyè a. Kòm Ayiti gen bònn sou fwontyè a ke yo rekonèt entènasyonalman, otorite leta te dwe delege ministè enteryè pou verifye si mi k ap konstwy a respekte bònn yo. Anmenm tan se pou yo te mande yon sipèvizyon entènasyonal pou fè respekte bònn GPS yo, pandan mi sa ap konstwy. Se yon fason pou dominiken pa volè tè Ayisien e pou evite konfli. Trèt ak brakè ki nan leta a pa fè sa.

Nou dwe veye tou rantre soti yon seri de ansyen ofisyèl meriken ki pat regle anyen pou Ayiti lè yo te chèf nan zòn kanal Prezidan Jovenel Moïse te kòmanse bati sou fwontyè a. Rantre sòti sa yo gen yon ajanda kaché nou poko wè. Véyé yo!

Lòt danjé a sèke peyi dayiti gen kòm Anbasadè Sendomeng Fritz Longchamp yon ansyen minis afè etranjè ki te konn ede Aristide nan mande okipasyon militè dayiti e vann nou tankou ti sale bay blan. Misye pap janm defann enterè Ayiti ak Ayisien. Prezans li Sendomeng kòm ofisyèl leta reprezante yon menas pou tout Ayisien.

Fas a konplo blan globalis kowonpi ap fè, pèp ayisyen an dwe pran tout menas sa yo oserye e mete anplas yon strateji pou nou defann enterè nou. Li klè pa gen anyen serye ki ka regle ak KPT e Fils-Aimé ki fon nan gang.

Lè a rivè pou Ayiti retounen nan manman lwa peyi a nan mete kòm tèt ekzekitif la yon premye minis ak 12 minis ki pa nan gang, ki pa pè blan, ki pa restavèk oligak e ki gen kouraj ak konpetans pou vin retabli sekirite epi òganize eleksyon pou lòd konstitisyonèl ka tounen.