Pa Anbasadè Stanley Lucas

Pèp la manke bwakale André Michel, yon asasen gang a kravat

Kòm lajistis e pouvwa leta nan men asasen yo ki fè yo entouchab, pèp la fè tantativ e manké bay André Michel bwa kale nan wanament poutèt li itilize gang pou kraze peyi dayiti pandan 8 lane koté limenm ak ékip li, SDP, MOPÒD, lavalas, Verité-Inité pou oligak tap boule, touye, kidnape, kraze, brize ak gang yo jiskaske yo touye Prezidan Jovenel Moïse. Gade 3 video jan yo t ap sèvi ak gang pandan violans peyi lòk pou volè e fè abi sou malere pou défann enterè Joel Deeb, Dimitri Vorbe, Reginald Boulos, Jean Mary Vorbe, Beaussan, Acra, Bigio, Barrau elatrye ⬇:

  1. https://youtu.be/gB6koRUYHis?si=_MS1vYEb8GmAkgrb
  2. https://youtu.be/64lsT0Fj3t0?si=hzR9l01G-And8IDl
  3. https://youtu.be/lojZdrbbpZI?si=hN-jm2YFj_TK3gwg

Apre asasina Prezidan Jovenel Moïse SDP, MOPÒD, Verite-Inite, Pitit Desalin, lavalas, PHTK, Fusion, oligak yo elatrye siyen yon akò an septanm 2021 pou yo ka piye leta ansanm. Pou plis detay gadé la ⬇️:
https://youtu.be/kWUNTxdaEMs?si=Njo2OBBCovYGrILn

Menmjan yo te fè l pandan violans peyi lòk, apré asasina prezidan an, atoufè Verite-Inite, lavalas, MOPÒD kontinye voye gang pou maspinen malere e fè san yo koule. Pandan y ap vòlè kòb leta e maspinen pèp la, yomenm y ap pran plezi e bwè tafya nan petyonvil. Men 2 référans ⬇:

  1. https://youtu.be/kWUNTxdaEMs?si=OHaPbmdeVRodxZDA
  2. https://youtu.be/in7VNk4-K8U?si=Hw39iT_0xYgNWpX3

Tantativ bwa kale sa pèp la fè kont André Michel avoka oligak yo, panike 2 gwo lòt gang a kravat ki se Nènèl Cassy ak Antonio Cheramy alias Kato. Pou rafrechi memwa w sou abi André Michel fè malere a péyi a gade la ⬇:

  1. https://youtu.be/pF6BAgBsV-4?si=Yt8Sao0nTU_jETXL
  2. https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=SNRSQ7DdFczUjsXM

Pa bliye tou nouvèl k ap sikile se André Michel ak Madistin ki ékri pou Jij koupyon Walther Wesser Voltaire rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pou pwoteje tèt yo ak oligak. Bagay kriminèl nèt.

Move plan pou Evalière Beauplan : latè glise pou « nèg lwil la »


Pòs resan Evalière Beauplan alias nèg lwuil la ki te kònn fè menm kalte vyolans sou pèp la pandan li kache Orlando montre li panike tou. Gade la ⬇:

Nan jefò rafrechi memwa pèp la sonje pandan violans peyi lòk Evalière Beauplan yon nonm mechan te mande chimè ak gang ki tap kore yo pou yo lage lwuil toupatou sou tout wout peyi dayiti. Se pou sa Beauplan pote nom nèg lwuil la. Zak malonèt e kriminèl Beauplan té koze plizyè aksidan machine ki te lakòz anpil moun mouri ak blésé. Zònn ki te gen pi gwo aksidan poutèt lwuil ki te lage nan lari a se te kanapevè. Se menm Evalière Beauplan sa ki te menase touye Prezidan Jovenel Moïse. Li te di prezidan an si li pa pote pouvwa a bali nan 2 èdtan l ap monte al pran prezidan an. Gade 2 videyo rafrechi memwa sou nèg lwuil la⬇:
https://youtu.be/OTvx83IOw7k?si=pLrfKhMJl-bP0VML

Antonio Cheramy (Kato) ak nènèl Cassy : 2 move bèt malfezan teworis
Dépi lontan 2 chen anraje sa yo, Kato ak Nènèl ap simaye tout kalte violans nan peyi dayiti. Zèfèyis sa yo nan tout move zafè touye, kidnape, kraze, brize, sipòte gang, vòlè kòb leta elatrye. Kato te menm mete non chèf gang ti makak nan chante kanaval li.

Kato ak Nènèl itilize iminite palmantè yo pou simaye violans toupatou san lajistis pa kapab manyen yo. Yo te mete anpil gang nan sekirite palmantè yon bagay ki te fasilite monte desann yo nan lari pòtoprens ak plak ofisyèl ou san plak. 2 towo sa yo nan koripsyon andedan leta, ak oligak e yo nan touye moun. Yo se gwo restavèk oligak tankou Dimitri Vorbe ak Joel Deeb.
Kato ak Nènèl toujou sèvi ak kontak e kontwòl yo genyen nan lapolis e lajistis pou kase fèy kouvri sa, pou fè disparèt dosye jidisyè ak koripsyon ki gen sou yo. Lè apwòch enstitisyonèl sa pa mache yo voyé gang kase pakè oubyen kabinè enstriksyon pou fè dosye disparèt.

An gade ansanm dosye 2 zenglendo a kravat sa yo ki malouk, sinik, vyolan e odasye anpil. Ann kòmanse pa Antonio Chèramy alias Kato apre na pase men pran Nènèl Cassy.

Asasina Prezidan Jovenel Moïse: Kato panike
Dépi kou dapèl kote teyat ap fèt konvoke Kato pou enplikasyon li nan asasina Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021, Kato panike malgré boss li oligak Dimitri Vorbe ak patnè li Boulos gen kontwòl minis jistis la Patrick Pélissier ansanm ak konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ). Se Ariel Henry (Verite-Inite) ak avoka Vorbe Bertho Dorce ki te bay oligak kontwòl sa a travè nominasyon yo te fè kòm premye minis e minis jistis nan CSPJ, kou kasasyon elatrye. Vorbe fè djòlè li kontwolé 2 nan 3 Jij kou dapèl yo ansanm a 3 Komisè Gouvènman ki se ministè piblik nan kou dapèl. Malgré tou, Kato pè pou oligak Vorbe ki bòss li pa sakrifye l nan tribinal la. Oligak sa yo trèt anpil. Se pousa pou pa pran chans, Kato ap fè demach pou jwen yon ofisyèl nan tribinal la li ka peye dirèkteman pou chape kò l.

Nan semènn ki sòt pase la a chèf gang Antonio Chèramy alias Kato ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise fè live sou rézo sosyo yo koté li ekspliké li pat janm palé ni ak Félix Badio Joseph ni ak Dimitri Hérard nan asasina Prezidan Jovenel Moïse. Menmsi sa dwe verifye, pou wè kiyès ki te jere kanpay elektoral kandida John Joel Joseph ak Alix Didier Fils-Aime pou sena lwès, pèsonn pa janm mande Kato kesyon sou sa. Poukisa li kouri pale de Badio konsa? Asasen yo tèlman enkyè li fè yon dezyèm live ak oligak teworis asasen Dimitri Vorbe kote, Vorbe dépalé anpil sou asasina Prezidan Jovenel Moise. Pou plis détay gadé la ⬇️:
https://sefirot24.com/2025/04/29/menas-sanksyon-anti-teworis-gouvenman-meriken-fose-oligak-teworis-dimitri-vorbe-reparet-sou-facebook-46-mwa-apre-li-in-patisipe-nan-touye-prezidan-jovenel-moise/

Mè veritab kesyon Kato dwe reponn
Kesyon Kato dwe reponn pou pèp la se kisa li te gentan planifye ki fè li té deklare piblikman nan mikro radyo « Prezidan Jovenel Moïse p ap wè yon lòt 18 Novanm »? ⬇️:

Ki planifikasyon Kato te fè ak bòss li yo oligak Dimitri Vorbe ak Jean Mary Vorbe pou touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021? Ki wòl Kato jwe nan tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse sou abitasyon Vorbe yo nan Tibwa le 7 Fevrier 2021? Ki rapò li te genyen ak John Joel Joseph nan asasina 7 Jiyè a:

?https://www.journaldemontreal.com/2021/02/07/une-tentative-de-coup-detat-dejouee-en-haiti

Kisa Kato te vle di nan twit 5 Mas 2021 lè li di bagay la senp wi, wap fann nan kann nan, ou dekoupe nan banann nan épi tchèk de bouboum DEA @Ret fokis. Twit sa ki fèt 3 mwa alavans se ekzateman jan solda mèsenè kriminèl kolonbi yo pral opéré pou touyé Prézidan Jovenel Moïse. Pou plis détay gadé la ⬇:

Kato ta dwe eksplike tou bay pèp la ki rapò twit li a genyen ak twit bòss li te fè 13 Jen 2021 kote Dimitri Vorbe di nan twit la: Fokis!!! Mango a mi!!! Gade la ⬇:

Kòman fè Dimitri Vorbe fè twit a 1è di maten pase ekzateman lè y ap touye Prezidan an kote li ékri:  » Sa n tap chache a nou jwen li… Men pa w, kale kò … Messi cheri !!!!!! » ⬇️:

Kiyès ki cheri a? ⬇️:

Lè ékip Verite-Inite Dimitri Vorbe finn pran kontwòl leta ak kowalisyon politik ki touye Prezidan Jovenel Moise 5 Septanm 2021 nan yon langaj klè sou wòl li nan asasina a li ékri avèk awogans:  » Rout la te long menl pat difisil ke sa li te gen pikan move dlo ampil voye vèt pay kann tap pike kò nou dlo bannan tap gate rad nou men nou ta gen pasyans paske yon jou soley la te gen poul reklere ankò lalin te gen poul remonte sou poto ankò ayiti cheri nap vini . » ⬇️:

Jan pèp la ap chache oligak Dimitri Vorbe depi 7 Jiyè 2021 pou enplikasyon li nan touye Prezidan Jovenel Moïse 42 mwa apre twit sa Vorbe nan mawon li paka vini mete pye ayiti pou jan li te pansé li te ka antéré dosyé asasina prezidan an nan sistèm jidisyè a ki anba men e kontwòl oligak.

Asasen sa yo touye Prezidan Jovenel Moïse ak kolaborasyon Michel Martelly ki livré l bayo a travè sekirite Prezidan Jovenel li te kontwòle ak Dimitri Herard epi yo vle pran pèp la pou bouki ki pa komprann. Toulè 3 inite polisyè USGPN, Cat Team ak USP ki te dwe pwoteje prezidan an pap tire menm yon bal pou pwoteje l. Si se pa Martelly ak Dimitri Herard kiyès ki bay polisye yo lòd livré Prezidan Jovenel? 47 mwa apre Martelly voyé Dimitri Herard fè dilatwa sou YouTube pansan ke nan asosyasyon yo genyen ak oligak e lòt sektè politik nan fè krim sa yo ka fè yon koudeta kasasyon pou antéré dosye asasina sa. Yo twonpe tèt yo!

Apre asasen sa yo touye Prezidan Jovenel Moïse yo tout te chita ansanm ak Ariel Henry ap manje sou tab koripsyon leta gras a akò politik yo te siyen anvan krim nan nan mwa jen 2021 e apré krim nan an septanm 2021 Gade e tande ⬇:

  1. https://cardh.org/wp-content/uploads/2021/09/ACCORD-POLITIQUE-DU-5-JUIN-2021-VERSION-FINALE-AVEC-SIGNATURES.pdf
  2. https://www.haitilibre.com/docs/Accord-Politique-pour-une-Gouvernance-Apaisee-et-Efficace-de-la-Periode-Interimaire.pdf Yon kowalisyon kravat
    Pou ranfòse kontwòl yo sou leta a kowalisyon ki touye Prezidan fè yon lòt koudeta 3 Avril 2024 apre yo sèvi ak gang yo pou pouse do Ariel Henry l. Panzou sa a fèt nan yon akò ki mete pye sou kou konstitisyon an. Yo kréyé KPT yon prezidans 9 tèt ki pa ekziste nan manman lwa péyi a. Kowalisyon gang a kravat sa a monte ansanm sou tab koripsyon léta ankò ak CPT, Conille, Fils-Aimé, gang yo épi CARICOM koté globalis kowonpi yo ap jéré pa dèyè avèk Jamaique, Bahamas ak Trinidad. Gwo jwèt dwèt long sou do Ayiti. Gade la a:
    https://www.haitilibre.com/docs/accord-politique-pour-une-transition-pacifique-et-ordonnee.pdf

Kòm Gary Conille t ap bay kowalisyon kriminèl sa pwoblèm andedan léta a, yo sèvi ak gang yo voyé l alé.

Kato nan anpil move ka
Apre koudeta sa, Kato, Nènèl, Pierre Espérance jwé yon gwo wòl pou mete Alix Didier Fils-Aime premye minis. Yo mété tou plizyè minis nan gouvènman sa. Oligak teworis Dimitri Vorbe pa dèyè te gwo majò jon nan rale fisèl sa yo. pou plis detay tande la ⬇️:
https://youtu.be/H_yqFqOR0E8?si=k0EyqYv54uW_qJA8

Kato vinn konseye premye minis defakto Fils-Aime nan primati a ansanm ak Nènèl Cassy. Chèf kabinè Fils Aime se dépité Axène Joseph ki te konn voyé gang boulé komisarya lapolis pandan péyi lòk. Li mété sou koté l tou nan primati a Rene Momplaisir chèf gang bwa nèf.

Nan kowalisyon sa atoufè Verite-Inite fè youn ak PHTK. Yo tout sou tab la ansanm ap devore kòb leta epi yo nan voye gang atake pèp la pou fè san l koule.

Pèp la sonje relasyon Kato ak plizyè gang tankou Kenpès, Krisla, Ti makak, Izo, John Joel Joseph, Renée Momplaisir, G-Pèp, Fantòm 509 elatrye. Gang a kravat sa toujou sèvi ak mikro Roudy Sanon, Romanès Samedi elatrye ki p ap pozé l bonjan kesyon sou asasina prezidan an e relasyon l ak gang yo. Nan interview sa yo, yo menm ofril opòtinite pou pran pòz li pa nan gang. Ti komedi sa a se pou lè pèp la kòmanse kraze gang a sapat yo pou yo menm gang a kravat ka di yo pat ladanl l. Chèf gang Krisla gentan di li pa dakò ak stratéji sa e desizyon pou CPT ak Fils-Aimé sové tèt yo ak gang a kravat pandan y ap sakrifye gang a sapat pou sové tèt yo devan blan k ap bay presyon. Krisla di gang a kravat e gang ak sapat se menm bagay yo yé kidonk yo dwe benefisye menm avantaj nan leta a. Li di se swa yo sove ansanm oubyen y ap disparèt ansanm tande ⬇:

Antonio Chèramy alias Kato enplike nan touye jounalis Jacques Roche, Tande ⬇:
https://youtu.be/RGGCkUvb5hw?si=TmdFPUtHPzAYD6Vr

Kato fè gang baz Cameroun atake palman an septanm 2019. Kato sèvi ak manb gang ki te fè pati sekirité palmantè pou té fasilite atak gang baz Cameroun sou séna a. Kato te sèl senatè ki té prézan nan sal la ki t ap kowòdone atak gang sa. tande ⬇:
https://youtu.be/1arlVV19f2E?si=Qg9SkpPDW0pgQkRN

Se ekip Kato, Nènèl Cassy, Evalière Beauplan ak Rika Pierre ki voye gang boule plis pase 13 mache piblik ak machandiz ti machann. Yo te boule maché yo a machandiz ti machann pou yo te ka mété enstabilite politik nan fòse yo pran lari. Yo boule mache sa yo nan kowòdinasyon avèk oligak Dimitri Vorbe ak Jean Mary Vorbe ki te rayi Prezidan Jovenel Moïse paske li tap bloke tout kote oligak sa yo tap vòlè nan kouran e nan konstwui wout. John Joel Joseph chèf gang Site Solèy, Renee Momplaisir chèf gang bwa nèf te patisipe nan violans teworis sa yo. Se pousa atis ki fè karikati politik fè 2 karikati sa yo sou Kato ⬇

Kato ak rezo teworis li yo fè gang boule plis pasé 17 komisarya lapolis pandan peyi lòk la.
Me kijan gang a kravat Kato, Nènèl Cassy, Rika Pierre, Evalière Beauplan kreye òganizasyon teworis Fantòm 509 pou fè violans politik ak touye Prezidan Jovenel Moïse. FBI etazini mete avi rechèch pou teworis Vitelhomme Innocent. Tande chèf gang kraze barye Vitelhomme Innocent ap eksplike jan yo monte òganizasyon teworis sa ⬇:

  1. https://youtu.be/_2LWGECBQiE?si=q5-yxPBfjlvKyORs
  2. https://www.youtube.com/live/HHQcWNEPSOU?si=UMxbqAFwyUcCb8Fo

Senatè gang sa yo te voye Fantòm atake prizon pou lage gang. Men referans ⬇:
https://x.com/Stanleylucas01/status/1372387208393592833

Nan mwa jen 2019 men kijan ekip gang ak kravat sa t ap kraze Ayiti. Gade twit sa ki date 9 jen 2019 ⬇:

  1. https://x.com/Stanleylucas01/status/1137575211405103109
  2. https://x.com/Stanleylucas01/status/1372280051908108297

Se menm gang a kravat sa yo ki voye gang atake komisarya polis gran ravine 15 jen 2021, men referans:
https://x.com/Stanleylucas01/status/1361424646449618944

Yo boule komisarya Montrouis ak sant fomasyon pwofesyonèl lajenès nan Milot. Men piblikasyon sou sa alepòk⬇:
https://images.app.goo.gl/HS7ArCW3yufR8Npb6

Kato se yon veritab asasen pwofesyonèl, li restavèk Vorbe yo tou
Kato touye tou militan politik Antoinette Duclair. Lè Antoinette aprann ekip Vorbe la ak Kato ap planifye pou touye Prezidan Jovenel Moise, Madan Duclair pat dakò. Pou anpeche Antoinette pale de plan pou asasinen Prezidan Jovenel Moïse, ke li pat dakò, Kato touyé Antoinette Duclair.

Efektivman Kato patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Men menas Kato fè kote li garanti Prezidan Jovenel Moïse pap fè yon lòt 18 Novanm⬇:

Kato se restavèk oligak Dimitri Vorbe ak Jean Mary Vorbe. Kòm restavèk ki se òm de men Vorbe yo ki la pou touye, kidnape, kraze, brize, bloke pou yo. Li se youn avèk chèf gang John Joel Joseph, Renée Momplaisir ki reskonsab fè violans politik pou pati Verite-Inite 2 oligak Vorbe yo kontwole.

Yo gen yon ekip asasen pwofesyonèl ki tire moun ki anfas yo nan tèt. Men yon ekzanp video nan tiyè Verite-Inite ki travay pou Kato bay yon jèn Site Solèy yon bal nan tèt paske li pat dakò avèk politik Verite-Inite. Apré sa yo mete kò a nan kamyonèt e ale ak kadav la ⬇:

Me kijan Nènèl Cassy trafike lajistis


Nènèl Cassy, kòm li se chèf gang a kravat, li se mèt lajistis, koudèkont ak 4 jounalis. Nènèl Cassy se yon senatè lavalas, restavèk oligak Joel Deeb. Nènèl fon nan violans ak koripsyon. Li toujou fè sa l kapab pou li mete minis jistis, direktè jeneral lapolis epi grese pat gwo fonksyonè leta tankou nan koudèkont. Pa ekzanp Nènèl sèvi a kontak li avèk Jocelerme Privert e Ariel Henry pou mété Michel Ange Gédéon ak Frantz Elbé direktè jénéral lapolis. Li sèvi ak relasyon li avèk Ariel Henry, Fils Aimé e Dimitri Vorbe pou li mete Bertho Dorcé ,yon dilè dwòg, e Patrick Pelissier avoka òganizasyon teworis Fantòm 509 minis lajistis. Ministè lajistis tounen kabinè avoka prive Nènèl Cassy. Depi lè premye minis défakto Fils-Aimé te mete avoka pèsonèl li Patrick Pelissier minis lajistis se Nènèl Cassy a Dimitri Vorbe ki te mande l mete l menmjan yo te mete Bertho Dorce minis jistis pou trafike lajistis e ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Fò n pa bliye : Pelissier, Fils-Aimé, Fantom 509, Nènèl Cassy, Dimitri Vorbe, se menm ekip la
Lè an 2019 oganizasyon teworis Fantòm 509 tap ataké ministè lajistis, ministè finans, atake bis ki pote seleksyon foutbòl yon peyi karayib la, boulé e detwui FAES, Dimitri Vorbe ak Fils-Aime te voye Patrick Pelissier al defann kriminèl yo. Kidonk jodia se teworis Fantòm 509 sa ki alatèt ministè lajistis. Se Pelissier k ap kore gang Fantòm 509 andedan lapolis ki ap pataje enfòmasyon operasyon polisyè ak gang e livré blende, zam ak bal lapolis bayo. Rezo Fils-Aime, Pelissier, pakè ak meri pòtoprens nan gang. Lè pakè pòtoprens voye lèt bay gang a kravat Nènèl Cassy, tout peyi a konprann se komedi k ap fèt.

Komedi a tèlman byen enstale ke chèf gang Krisla mande zanmi li premye minis defakto Fils-Aimé pou fè menm bagay pou li, tandé⬇:

Fas a komedi ke premye minis défakto Fils-Aimé ak Minis Jistis òganize ak konplisité Komisè gouvènman pòtoprens lan nan pakè a pou Nènèl Cassy pèp la reaji trè Mal. Tandé ⬇️:

Depi lè Prezidan Jovenel Moise te la Nènèl Cassy, Kato, Beauplan, Rika te nan operasyon gang avèk chèf gang kraze baryè a Vitelhomme Innocent. Tandé chèf gang sa k ap bay detay⬇:

  1. https://youtu.be/8EWysDTLEbI?si=_w92U5m91MfSzF5H
  2. https://youtu.be/6twdXOgmLfE?feature=shared
  3. https://youtu.be/PG7wQbsBUNk?si=GDTT57yXIYznL1I-

Yo kenbe Nènèl nan gang nan Mariani, Gressier elatrye. Nènèl senatè pwuisan chèf gang lajistis pa kapab manyen l. Tande ⬆

  1. https://youtu.be/5ZidBxW0SD4?si=f9SE51YiAmnFPTfc
  2. https://youtu.be/s3XKi-x4SV8?si=m8gU9tdgsD8RNAek
  3. https://www.facebook.com/watch/?v=1027354825679991&vanity=jounallakay509

Nan dosye asasina Matilus Pierre, Nènèl Cassy voye chèf gang Izo kase pakè a pou disparèt dosye. Lè DCPJ te konvoke l nan dosyé sa a, li montre ke li pi chèf pase DCPJ.

Menm Izo yo voye l boule radyo karayib, paske yo t ap bay twòp verite sou koripsyon ak relasyon Fils-Aime ak gang yo. Tande⬇
https://youtu.be/lySzB7TCWPk?si=u0mfjPDldSEIpsHE

Tout vil k ap livré bay gang se rezilta lese fwape ant KPT yon bò kote Fritz Jean bay DG lapolis Normil Rameau lòd arété Nènèl Cassy epi yon lòt bò Vorbe, Fils-Aime, Pélissier, Kato, Nènèl ki bezwen mete KPT atè pou primati Fils-Aime a rete poukont li nan tèt leta a pou réglé kont politik yo. Nan batay sa ou deja wè militan dwa moun, aktè politik ak jounalis ki chwazi kan pa yo aloske toulède kan sa yo nan gang. Pou ede l nan batay sa Fils-Aimé lagé anpil kòb atè a nan men kèk manb KPT, Viv Ayiti e nan kèk mikro k ap fwape pou li. Lòt jou anpil moun sézi wè youn nan mikro sa yo non sèlman ap defann ajanda Fils-Aime men tounen avoka chèf gang a kravat Nènèl. Anpil moun fou sézi!

Pap anba Jij kou kasasyon yo ki bezwen fè koudeta pa yo nan asosyasyon yo genyen avèk rézo gang Viv Ansanm kontan lésé fwapé sa yo nan lespwa yo ka ateri. Pèp la pa nan kozé koudeta kasasyon ditou pou 2 rezon. premyèman konstitisyon amande a pa pèmèt Jij kou kasasyon vin prezidan pwovizwa ankò. Dezyèman twòp Jij nan konplo, gang, tantativ koudeta e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Pou pèp la lajistis kowonpi jis nan zo.

Avni peyi a, retablismam sekirite, retou lapè se nan brigad défans pèp la ki kanpe anfas gang an mòd de bwa kalé ke sa ye.