Pa Anbasadè Stanley Lucas
Menas sanksyon kont teworis ayisien gouvènman meriken anonsé fòse yonn nan asasen Prezidan Jovenel Moïse ki se oligak teworis Dimitri Vorbe ki nan gang reparèt sou Facebook 46 mwa apre krim nan ak kèk esklav de mezon tankou chèf gang Antonio Chèramy alias Kato ki patisipe nan krim nan tou. Nap rapelé anpil Ayisien nan diaspora a p poze kesyon kiyès k ap pwoteje Dimitri Vorbe nan peyi Etazini paske legalman li pat dwe rezide nan peyi sa. Vorbe sové kite Ayiti paské lajistis tap chaché l poutèt kòb leta li volè nan kouran an fonksyon rapò leta fè ekziste sou koripsyon sa. Lwa ameriken ki rele Magnitsky akt pa pèmèt yon kowonpi konsa kaché etazini.

Teworis Dimitri Vorbe fon nan gang depi 2001 a travè patisipasyon li nan operasyon bagdad I & II. Li finanse tout violans k ap fèt ak gang yo depi 2018. Vorbe patisipe tou nan touye Prezidan Jovenel Moïse menmsi Jodi a l ap di li pa ladanl. Lajistis gen manda pou Dimitri Vorbe dépi 9 Jiyè 2021 pou enplikasyon l nan touye Prezidan Jovenel Moïse. LI nan mawon ⬇️:


Dimitri Vorbe nan manti sou Facebook
Oligak teworis Ayiti Dimitri Vorbe ak restavèk li chèf gang Antonio Chèramy alias Kato fè yon live sou Facebook ki chita sou asasina Prezidan Jovenel ak koripsyon oligak blakawout la. Odepa, nan live la Dimitri Vorbe bay manti. Li fè yon twit 7 Jiyè 2021 a 1è pase di maten, pandan asasen yo tap touye Prezidan Jovenel Moise kote li ékri avèk awogans » Sa n t ap chache a nou jwenn li ». … ect ⬇️:


Nan live Facebook 27 Avril 2025 Dimitri Vorbe fè sou paj Kato a, li di l al dòmi, epi se lè l leve a 5è nan maten li sézi aprann yo touye prezidan an. Se manti! Twit Dimitri Vorbe fè a 1è pase di maten sou asasina prezidan an li efase li vè 2:30 nan maten poutèt anpil moun te gentan ap reaji e di se misye ak Boulos ki touye Prezidan Jovenel Moise. Erezman gen moun ki te gentan fè kopi twit sa a, anvan li te efase l. Gen plizyè lòt manti teworis Vorbe bay nan live sa a kote tribinal ta dwe poze l kesyon sou yo. Nan live sa teworis asasen an pran pòz ti Jesus nan po krab ki pa t nan anyen, epi li pran tout peyi a pou egare.
Gen 3 rezon ki fè rezo teworis Dimitri Vorbe, Kato elatrye enkyè reparèt sou rézo sosyo pou fè live:
1-Gouvènman ameriken an anonse yo pral revele non anpil teworis ki fè pati de 4 etaj ensekirite a an Ayiti. Oligak ki se majò jon kap telegide aksyon kriminèl gang yo gen kè sote. Y ap esaye pran pòz yo pa ladan l



2-Malgre kontwòl rezo teworis sa a genyen sou pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè, sou Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire, infliyans sou 2 nan 3 Jij kou dapèl, infliyans sou Komisè gouvènman ak dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens, sou Komisè gouvènman devan kou dapèl, malgré infliyans ak manipilasyon jidisyè yo, pèp la ap mande depi plizyè semènn poukisa zotobre kou dapèl pa janm poze kesyon kimoun ki finanse asasina Prezidan Jovenel Moïse la? Malgré manipilasyon l ap fè poutèt enplikasyon li nan krim sa a, Felix Badio Joseph tounen yon pwoblèm nan kou dapèl pòtoprens pou rezo oligak teworis sa yo. Odio Badio sòti an 2022 te di klèman li p ap kite yo sakrifye l poukont li. Fas a reyalite sa a oligak teworis yo bezwen touye l anvan li pale paske nan pwen dosye a rive malgre blokaj yo, Badio p ap ka lage jan Ariel te pwomèt li. Lè yo rekòmanse seyans yo Boulos bò pal pare nouvo manipilasyon nan kou dapèl. Anpil kòb distribye.
3-Oligak teworis yo te mete yon enfrastrikti pou koudeta pèmanan pou 5 an pou yo te ka fè 6 tranzisyon. Plan makab sa sou wout pou l krazé. KPT ak Fils-Aime prèske pran bwa kale. Koudeta enkonstitisyonèl gang Jij kou kasasyon ki se asosye gang Viv Ansanm bloke depi mwa Novanm 2024 e paka ateri. Kanta pou koudeta Montana sa pa gen avni. Divèsyon abityèl yo nan mikro paka maché ankò. Tandé chèf gang Viv Ansanm k ap di yo pral enstale Jij kasasyon ki fon nan gang⬇️:
Ann rafrechi memwa tout moun sou strateji oligak yo
Anplis memwa pèp la bon. Pèp la sonje aksyon teworis kriminèl k ap fè san l ak san fanmi li koule depi kèk lane. An rafrechi memwa yo: Prezidan Jovenel Moïse te eksplike plizyè fwa sou video menas lanmò ke li tap resevwa poutèt refòm li tap fè nan tèt leta ⬇️:
Li te mete yon pwen final nan 1 milya dola vèt pa ane oligak teworis ki nan gang tap vòlè leta nan kouran, gaz, wout, sistèm telefon 4 G, ladwann elatrye;
•Pou jete prezidan an oligak teworis Vorbe, Boulos elatrye mennen yon kanpay medyatik pou sal karaktè li ak madanm li nan radyo pandan yo te voye gang teworis yo boule, kraze, kidnape e touye;
•Yo eseye fè koudeta enstitisyonèl nan palman e lajistis pandan yo te voye gang simaye violans sou pèp la pandan péyi lòk. Sa pa mache;Oligak teworis Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Pasha Vorbe ak Reginald Boulos finanse kanpay kòt kòb petrokaribe a akonpaye de violans gang aloske 82% kòb petrokarib a pase nan men konpayi prive ki pou oligak teworis yo. Oligak yo tèlman kaptire enstitisyon leta vol yo fè nan kòb pétrokaribé pa parèt nan rapò kou siperyè dèkont. Menm nom Robert Marcelo prezidan komisyon mache leta Ayisyen oligak yo ak lidè Verite-Inite touye pou 80 milyon dola vèt petrokaribe pa soti nan rapò trafike sa.

• Youn nan restavèk bandi oligak yo Nènèl Cassy té di nan ranmase li pral envesti nan prezidan koudèkont lan Boisguene. Yon fason pou l te di li ki pral dikte sak dwe nan rapò koudèkont la;https://youtu.be/B_DEFwW9-vY?si=xe2p51TnQYsEUrnE
• An 2019 léta a travè rapò koripsyon kenbe Dimitri Vorbe nan vòlè plizyè santènn milyon dola vèt pèp la nan kouran, nan konstwui wout e nan volè gaz ak asfalt pétrokaribé nan BMPAD. Lè lajistis konvoké Dimitri Vorbe pou koripsyon li kouri sove Miami;

• Lè li te vivan Dimitri Vorbe ak akolit li yo tankou Kato elatriye fè anpil menas kont lavi Prezidan Jovenel Moïse.https://youtu.be/e9eXlGSvVbQ?si=6IqLRG7b1GeZzyX8
• Teworis Dimitri Vorbe finanse plizyè koudeta ak tantativ asasina kont Prezidan Jovenel Moise. 2 dènye tantativ yo se 7 Fevrier 2021 nan pwopriete privé li nan abitasyon Tibwa ak tantativ ki te dwe fèt 20 jen kont lavi prezidan an ak teworis Fantòm 509 yo nan aewopò pòtoprens lè li tounen sòti nan péyi Turquie. Premye a echwe. Dezyèm nan pat rive fèt e pral repòte pou 7 Jiyè;

• Dimitri Vorbe a Kato voye gang atake sena péyi dayiti an septanm 2019 pou bloke ajanda refòm ekonomik Prezidan Jovenel Moise;https://youtu.be/1arlVV19f2E?si=xTuQezfg5Xde4r6Z
• Se teworis Dimitri Vorbe ki kréyé òganizasyon teworis Fantòm 509 ki fòmé de polisye revoke nan lapolis pou aktivite kriminèl ak chèf gang Vitelhomme Innocent ki bay anpil detay sou jan sa te fét sou YouTube.Objektif la se te afebli lapolis e sabote atak Prezidan Jovenel Moise te mande lapolis fè kont gang vilaj de Dieu. Se Teworis Dimitri Vorbe ki sèvi ak yon komisè lapolis ki patisipe nan kreye mouvman teworis Fantòm 509 ki saboté operasyon sa e fè 5 polisye mouri asasinen pa gang Izo.
Vorbe ak Espérance te men fè twit pou kanpé kont operasyon lapolis nan vilaj de Dieu kont gang Izo;https://m.facebook.com/watch/?v=792829392158437&vanity=100031896924533
• Teworis Dimitri Vorbe te sèvi ak plizyè gang pou fè destabilizasyon nan vilaj de Dieu, Kafou, Matisan, Site Solèy elatrye;
• Rezo ki fè lyen ant teworis sa e gang yo se John Joel Joseph chèf gang Site Solèy ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise. Se Rene Momplaisir chèf gang bwa nèf, Antonio Cheramy chèf gang baz Cameroun ki te gen kontwòl tou sou G-Pèp, Didi ak ti makak. Youry Chevry ki nan Fantòm 509 ke Vorbe fè nonmen nan tèt meri pòtoprens jodia. Ti Tony ki gen kontwòl Chen méchan. Epi finalman ou gen Jocelerme Privert ki se sekretè prive Jean Mary Vorbe e ki nan gang depi lè li te minis enteryè sou Aristide. Privert ki fè pati de rezo teworis Vorbe yo. Privert te sèmante depi 2018 bay nèg épé a li tap touyé Prezidan Jovenel Moise kanmenm ⬇️:
• Se ak gang yo teworis sa Vorbe fè violans péyi lòk kote yo boule 17 komisarya lapolis, 13 mache a machandiz ti machann, 8 méri, 7 tribinal. lekòl, sant fomasyon pwofesyonèl elatrye ⬇️https://youtu.be/FsVDKWe6sJ4?si=HCvy9Ogy7Tofx7a_
• Rézo teworis sa gen ladanl kèk atis ki sèvi kòm mesaje lè teworis Vorbe bezwen voye mesaj bay chèf gang yo. Yon fason pou blan kap veye l paka swiv aksyon teworis li;
• Lè Antoinette Duclair vinn okouran ke teworis sa yo gen plan pou touyé Prezidan Jovenel Moïse li pat dakò. Pou li pat pale Kato touye Antoinette Duclair menmjan li touye jounalis Jacques Roche;https://youtu.be/5QwenW-k6TU?si=xWj032MDhnnQ_sgO
•Finalman oligak teworis Vorbe, Reginald Boulos ak politisyen ki restavèk yo touyé Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021;
• Lè lajistis kòmanse chache asasen ki touyé Prezidan Jovenel Moïse, teworis Dimitri Vorbe fè revoke Minis Jistis Rockefeller Vincent ak Komisè gouvènman Bedford Claude pou bloke ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Apré Vorbe mete Ariel Henry (Verite-Inite) Premye Minis, li mete avoka l Bertho Dorce yon dilè dwòg minis jistis pou saboté ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise;
•Apre pati politik kriminèl Vorbe ki se Verite-Inite pran kontwòl pouvwa ekzekitif la, toujou pou bloke e saboté ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e pwoteje gang yo, yo nonmen 6 malandren nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ), 8 malandren nan kou kasasyon, 54 lòt jij. Menm Jij ki fè ankèt sou asasina Prezidan Jovenel, Jij Walther Wesser Voltaire se nan Verite-Inite li sòti. Se Paul Denis fondatè Inite kòm minis jistis ki te mete Jij Voltaire nan sistèm nan. Nom Paul Denis site nan konplo pou touyé Prezidan Jovenel Moïse. Moun okay di se yon manb kabinè Ariel Henry ki anpwazone l e touye l nan yon ji yo bali pandan li te sou tab avèk li. Eske se vre?



•Enfòmasyon k ap sikile pòtoprens òdonans asasina prezidan an se André Michel pou primati a ak Samuel Madistin pou Boulos ki ékri yo epi jij Walther Wesser Voltaire siyen. CSPJ k ap pran lòd nan men oligak pa fè okenn ankèt sou sa.
•Jij koupyon Walther Wesser Voltaire ansanm a Bertho Dorce fè anpil obstriksyon a lajistis.Yo sabote plizyè dosye ekstradisyon, yo fè disparèt manda pou Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Reginald Boulos, Jerry Tardieu elatrye. Yo fè disparèt rekizitwa sipletif enfòme Komisè Bedford Claude ak yon pakèt lòt dosye ki gen rapò a asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Toujou pou sabote ankèt sou asasina Prezidan Jovenel e pwoteje gang kriminèl yo rézo teworis sa pral nonmen avoka gwoup teworis Fantòm 509 Patrick Pelissier minis jistis;

•Jodi a rezo kriminèl ak teworis sa a ap fè gwo manipilasyon ak komisè gouvènman devan kou dapèl e 2 nan Jij ki sou panèl la kap jéré dosyé asasina prezidan an. Rézo teworis sa gangsterize leta onivo pouvwa ekzekitif e pouvwa jidisyè;
•Pou kontinye piye leta teworis Vorbe fè Fils-Aime nonmen anpil moun pou li nan komisyon mache leta Ayisien. Rezo teworis Verite-Inite sa te touye prezidan komisyon sa Robert Marcelo paske li pat dakò rantre nan koripsyon 80 milyon dola vèt rézo teworis kriminèl volè Verite-Inite sa; Teworis Dimitri fè nonmen yon pakèt restavèk li tou nan komisyon dézameman pou pwoteje gang. Pa ekzanp youn nan kriminèl ki nan komisyon sa se Enold Florestal ki patisipe nan touyé etidyan Frantzy Duverseau ⬇️;
• Apre asasina Prezidan Jovenel Moïse oligak teworis sa yo rekòmanse volè kòb leta nan konstwui aéwopò vil okay, nan vizit Prézidan Pétro nan Jacmel elatrye. Oligak teworis sa yo rekòmanse piye pèp la nan gaz. Baril petròl la désann a 58 dola vèt sa vlé di galon kerozènn ak dizèl té dwe vann 161 goud e galon gazoline 200 goud. Poutan yo kouté 3 fwa la valè. Oligak yo sèvi ak kòb sa yo pou kowonpi Jij, polisye ak lòt moun nan sosyété a e pwotéjé sistèm nan;
• Rezo teworis kriminèl sa pa gen ni moral, yo san konsyans e yo san santiman. Yo sinik e odasye. Yo pa respekte anyen. Kriminèl pase yo pa genyen.
• Se odas kriminèl sa ki fè yo nonmen yon dirijan òganizasyon teworis Fantòm 509 Youry Chevry nan Meri pòtoprens. Ki fè yo te vle mete kriminèl Printemps Belizaire ki di li abitye touye e rache moun delege lwès. Chevry fè tantativ louvri biwo meri a pou fè gang rantre kanapevè, pèp la reziste. Se odas sa ki fè yap nonmen kriminèl toupatou nan leta a pou pwoteje gang.
Sanksyon kominote entènasyonal la pa regle anyen. Gen sanksyon ki jistifye men kominote entènasyonal la pa janm voye dosye sanksyoné yo ayiti. Dezyèman sanksyon yo gen règleman de kont ladan yo. Otorité leta ki gen zanmi blan pwofite pou réglé kont a moun yo te gen pwoblèm. Fonksyonè entènasyonal ki te gen kont ak ayisien ki frékan tou pwofite pou réglé kont yo genyen ak moun sa yo a travè sanksyon. Kominote entènasyonal la dwe mété lòd nan afè sanksyon yo. Anpil nan nominasyon KPT ak Fils-Aime ap fè se rekòmandasyon moun ki sanksyoné yo.
Fas a rezo teworis sa yo ki kontwole pouvwa ekzekitif ak pouvwa jidisyè pou kore gang, pèp la kòmanse òganize brigad défans yo ak sipò polisye, solda ak BSAP ki pa nan gang. Se sèl jan sistèm sa ka kraze paske otorite pouvwa ekzekitif ak jidisyè nan gang e yo sou kontwòl oligak teworis.