Pa Anbasadè Stanley Lucas

Moman n ap viv la otorité léta ta dwe travay nan tèt ansanm pandan y ap chache tout konpetans ak kapasite peyi a ak diaspora a genyen pou kraze gang yo ak 4 etaj ensekirite a. Se pa sakapfèt. Primati a tounen yon nich gang e yo vlé lapolis tounen yon nich gang. Lit infliyans ant Fils-Aime k ap peyé kèk manb KPT pou l rive mete yon atoufè mouvman teworis Fantòm 509 nan tèt lapolis pou gangsterize l nèt malsen. Si gen pou revoke se tout ékip sekirite nasyonal la ki dwe revoke. Sa vlé di Fils-Aimé, Paul Antoine Bien-Aime, Patrick Pélissier, Mario Andresol, Normil Rameau elatrye.

Yon istwa imoral ki la lontan : kraze lapolis pou pwoteje bandi


Olye li te fokis sou goumen kont gang, Premye Minis Fils-Aimé te deside sabote travay lapolis nasyonal yon jan pou li te ka mete plizyè manb mouvman teworis Fantòm 509 nan pozisyon kle nan kòmandman lapolis la. Nan yon premye tan Fils-Aimé pa t bay lapolis mwayen pou fè travay li. Li fè yon move montaj ak Kato e ak Renée Momplaisir, chèf gang Didi pou atake Kenscoff. Yo di Nènèl patisipe nan konplo sa tou poutèt avi rechèch lapolis via DCPJ mété dèyè l pou krim li fè ⬇️:

Montaj sa a te dwe sèvi pou revoke tout kòmandman lapolis la. Malerèzman sa pa t pase konsa paske nan montaj la Fils-Aimé fè 2 erè. Premye erè a, li di nan yon pwen de près primati a te okouran alavans gang t a pral atake Kenscoff. Malgre li te okouran alavans Fils-Aimé pa fè anyen pou deplwaye lame ak lapolis pou defann Kenscoff. Menm ministè enteryè li pa t mobilize pou voye Casec yo avèti moun ki te andanje. Tandé la⬇️

Dezyèm erè Fils-Aimé fè nan kou li te vle bay la, nan òganize konsèy dè minis li pa t avèti manb KPT yo alavans li te vle kraze kòmandman lapolis la. Se pousa konsèy dè minis li te òganize pou bay kou sa echwe e li fini apre 30 minit. Bagay sa vinn ogmante tansyon ant primati e KPT e ant primati a kòmandman lapolis la. Prezans Patrick Pélissier (ki te avoka òganizasyon teworis Fantòm 509) kòm minis jistis jodi a vin mangonmen bagay yo. Sa k konplike sitiyasyon an plis ankò, se ke direktè kabinè premye minis lan, ak plizyè nan konséyé l yo, sèvi ak gang pou boulé 17 komisarya lapolis pandan péyi lòk.

Yonn nan chèf de gang Verite-Inite ki toujou akote premye minis lan se Renée Momplaisir ki te chèf gang bwa nèf. ⬇️:

Sitiyasyon sa vinn dégrade apre sendika lapolis fè 2 manifestasyon devan primati a pou mande premye minis Fils-Aime pou bay lapolis zam ak mwayen pou yo ka fè travay yo. Tandé la ⬇️:

Strateji met mangous nan poulaye
Fils-Aimé deside vinn ak yon lòt strateji pou efase kòmandman lapolis la. Li pral nonmen Mario Andresol yon pwòch Verite-Inite ak oligak blakawout yo depi sou Preval a travè yon arete ki mete l Sekretè Deta sekirite piblik. Men li fè de li yon kòmandman apa de lapolis, li poukont li. Olye nominasyon sa ranje bagay yo, li vinn paralize travay lapolis la pi rèd ankò. Lè kòmandan an bay yon lòd, Andrésol pase sou kote, li bay direksyon yo lòd pa l… Yon lòt konplikasyon nan nominasyon sa, sèke lè Mario Andresol te kandida pou prezidan se Barbecue ki te reskonsab kanpay li nan ba Delmas.

Mete sou sa, Pierre Espérance rantre nan jwèt la tou, kote l ap rale fisèl pa l andedan lapolis ansanm ak kèk lòt konsiltan konseye Fils-Aime te nonmen. Si ou bezwen komprann manipilasyon politik Esperance yo koute emisyon pòtpawòl li Roudy Sanon sou YouTube. Jesyon sekirite peyi a tounen bagay timoun gate pétyonvil paran pa leve byen, bagay amatè nèt ⬇️:

Fils-Aimé pa respekte sakrifis polisye yo
Lè bagay sa vinn twò lèd Fils-Aimé al monte yon task force nan primati. Yo pral lage drone kamikaze sou chèf gang Barbecue, apre sa sou Izo. Apre yo finn lage premye dròne malfini yo, Fils-Aimé pibliye yon kominike pou laprès ki di operasyon sa a se primati ki fè l. Yon fason pou yo te pran tout krédi e blaze polisye yo kòmsi pa gen anyen lapolis t ap regle. Kominike sa a te lèd anpil. Se tankou li krache sou sakrifis tout polisye ki tonbe mouri nan goumen kont gang. Sa kréyé yon santiman révòlt nan lapolis kont Fils-Aimé ki pa konnen anyen nan zafè sekirite nasyonal e goumen kont gang.

Politik drone : primati ap fè move komedi, pandan gang ap fè san koule


Kòm pa t gen yon stratéji klè sou itilizasyon drone yo, anpil moun te kòmanse poze kesyon poukisa drone yo se nan primati a yo ye? Poukisa yo pa nan men enstitisyon teknik ki ta dwe jere yo ki se lame ak lapolis? Bagay la te vinn jenan lè li te klè pou tout moun ak kèk aktè kominote entènasyonal la, se politik ki t ap fèt a dròne yo nan primati, se pa t goumen kont gang a ensekirite. Lè Fils-Aime wè l ap sot lèd l al monte yon operasyon desepsyon. Li fè foto a direktè jeneral lapolis Normil Rameau pandan li t ap pilote yon dròne. Foto a se te pou fè moun kwè ke primati a remèt lapolis drone kamikaze yo ⬇️:

Yon kominike piblik pral sòti sou rezo yo 3 jou apré pou presize lapolis pa janm resevwa drone yo. Anpil moun sezi akoz de sa. Sitwayen move paske tout jwèt desepsyon politik sa yo ap fèt, pandan gang ap fè san yo koule. Vil Mibalè se yon bon ekzanp ki montre Fils-Aime pa konnen anyen nan zafè sekirite. Pandan 24 jou gang Lanmò 100 ataké, boule, touye e piyé vil Mibalè lame pat resevwa lòd pou mobilize. An 24 jou Fils-Aime pa lagé yon grenn drone sou gang k ap piyé Mibalè. Se tankou li t ap livré vil Mibalè bay gang. Pandan menm peryòd sa Fils-Aime lage kòb primati nan 3 emisyon pou ataké kèk manb KPT ak kòmandman lapolis.

Enkonpetan malonèt jwenn ak iresponsab : egal festival magouy


Fils-Aime, ki konstate nivo enkonpetans li nan lari, te monte yon strateji pou fè Smith Augustin, yonn nan brakè yo vinn kowòdoné KPT nan plas Fritz Jean. Ak kout kòb li te konvenk Vertilaire, Gilles ak St Cyr pou rantré nan strateji sa. Kou sa a echwe malgre kòb ki depanse. Pou li pa pran nan kou siprann, kote Fritz Jean ka ramplase l, Fils-Aime finanse 3 brakè yo ak St Cyr, pandan Fritz Jean li menm t ap kore Kòmandman lapolis.

Lè sa pa maché Fils-Aimé achté 4 mikro pou fè kanpay pou li kont kòmandman lapolis, limenm ak oligak Vorbe voye Rony Timothé de gwoup Viv Ayiti ataké kòmandman lapolis la, anplis li voye yon chèf gang senmak Biron Odige (ki te nan masak lasiri) atake lapolis tou. Li kòmandé yon pakèt flyers sou teritwa pèdi pou distribye sou rézo yo. Li voye rezo Kato, Nènèl, Chevry, Roudy fwape pou li tou.

Nou pa ka kite sekirite nasyonal nou nan men yon pakèt kreten ki nan gang !


Sekirite nasyonal se yon bagay twò enpòtan pou KPT a kite jwèt timoun gate sa yo ap fèt ak lavi moun. Gen desizyon ki dwe pran. Desizyon ki ta dwe pran, se revoke tout ekip sekirite nasyonal sa nèt. Fils-Aime ak tout moun li yo pa kapab. Se yon pakèt kreten! Jan bagay yo yé la si sa kontinye menm KPT a sou wout pou li alé. Kòm konstitisyon an pa pèmèt mete yon prezidan pwovizwa péyi a ta dwe kòmanse mete sou tab la 5 nom moun kòm kandida pou premye minis pou nou ka fè konsansis sou youn. Moun sa kapral premye minis pa dwe gen oken relasyon ak gang, fòk li gen karaktè, fòk li pa pè blan, fòk li pa pè oligak e fòk li gen kouraj ak konpetans pou fè travay la. Yon bagay ki sèten avèk ou san desizyon andedan léta a, pèp la pral sòti pou pran desten li anmen._

Reyaksyon jeneral sou analiz sa ⬆️_


Moun ki réaji a analiz sa poze kesyon eske pèp la dwe kontinye defann lapolis apre tout masak ki fèt yo?

Anpil moun di fè atansyon a pyèj Fritz Alphonse Jean pandan peyi dayiti dwe denonse tou Alix Didier Fils Aime ki ta dwe démisyoné ou revoke. Reyaksyon yo fè konnen:
– Fritz Alphonse Jean, Lesly Voltaire, atravè lobiyis lavalas ak Gwoup Montana, dèyè plizyè sanksyon entènasyonal pou réglé kont pèsonèl ak moun e pou yo te ka vin gagote nan pouvwa;

– KPT a pase yon lane ap gagote e pwouve enkonpetans yo. Jwèt la mare nan men yo jodia;

– Fritz Jean fè alyans ak Rameau, Youri Chevry, Pierre Espérance pou sove pouvwa l;

– Pierre Esperance kòmanse rale kòl sou KPT akoz li santi blan yo ap lage KPT a ofiramezi;

– Roudy Sanon, kòm pòtpawòl Pierre Esperance, se bawomèt pou mezire si gen  panik nan mitan KPT. Diskou misye chanje depi Babekyou fin denonse l aprè sakpase Pacot a kote yo asasinen 5 nan brigadye Kanapevè yo. Roudy Sanon tonbe dépalé depi lè sa a;

– Sponsò gang yo toupatou nan leta. Yo nan KPT, yo nan primati e yo nan pouvwa jidisyè a tou kote Jij kou kasasyon maré sosis yo ak Viv Ansanm;

– Sel jan pou Ayiti sòti nan twou kote li ye a se a travè nominasyon yon premye minis e 12 minis ki pa nan gang pou dirije pouvwa ekzekitif la.