Pa Anbasadè Stanley Lucas

Ki stil moun ki nan gang a kravat yo?


An Ayiti gen 2 kategori de gang. Gen gang a kravat e gang a sapat. Gang a kravat la ka yon oligak, yon lidè politik, yon ansyen palmantè, yon jij, yon minis, premye minis, avoka, majistra eltarye.

Nènèl Cassy, Antonio Cheramy alias Kato, Youry Chevry, Rika Pierre, Evalière Beauplan, Printemps Belizaire elatrye konsidere kòm gang a kravat.

Kijan yo òganize e kòman yo fonksyone?


Gen yon yerarchi enfòmèl ki ekziste antre yo. Gang a sapat la, se yon chèf gang ki gen plizyè solda kap viv nan ghetto. Se yo ki kidnape, boule, touye pou gang a kravat yo.

Gang a kravat la se li ki fè lyezon ant otorite leta e gang a sapat yo. Yo fè lyezon tou ant oligak yo e gang a sapat yo. Gang a kravat yo gen bon relasyon a 3 jounalis e 3 militan dwazimen yo peye byen pou pwoteje yo nan rapò ak interview yo fè nan radyo. Kidonk gang a kravat yo gen pwoteksyon otorite leta ki nan KPT, gouvènman Fils-Aime, lajistis, 3 militan dwazimen ak 3 nèg ki di yo jounalis ke tout moun konnen.

Konplisite ak privilèj pou Nènèl Cassy


Men yon ka ki montré pwuisans gang a kravat. Direksyon Polis Jidisyè (DCPJ) mete yon avi rechèch dèyè gang a kravat Nènèl Cassy pou krim li fè. Apre DCPJ fin pibliye avi de rechèch sa, premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Jistis Patrick Pélissier ki nan òganizasyon teworis Fantòm 509 òganize pou Nènèl yon reyinyon prive nan pakè pòtoprens a travè komisè gouvènman Frantz Monclair. Reyinyon sa a fèt anbachal, tout pòt fèmen, sa vle di an sekrè ant ti zanmi. Aprésa Nènèl sòti alèz devan pakè al pale ak jounalis li te bay randevou. Lè pèp la apre aprann sakpase yo pat kontan. Tandé reyaksyon yon sitwaywen ⬇️:

Pou dat sa fin pase nan pakè pòtoprens lan, peyi a pa konnen si avi de rechèch lapolis mete dèyè Nènèl la, si l toujou la ou si l tonbe. Apre montaj sa a, Pierre Esperance militan dwazimen ki gen bon relasyon ak anpil gang a kravat gentan parèt nan laprès pou fè konnen DCPJ paka arete Nènèl Cassy ankò, tande ⬇️:

Sa vlé di depi ou nan kowalisyon gang a kravat ki nan tèt leta, oubyen ou gen bon koneksyon, oubyen ou se brakè ou tiyè, Kèlkeswa krim ou komèt, lapolis ak lajistis pa kapab manyen w.

Yon chèf gang a sapat ap mande pwoteksyon premye minis tou!


Apre koripsyon jidisyè sa a ki fèt nan pakè pòtoprens lan, reyaksyon videyo sou rézo yo ke chèf gang a sapat Krisla pibliye mete reyalite koripsyon enstitisyonèl lajistis e otorité léta piklè nan figi tout moun. Sou videyo sa a, chèf gang Krisla mande zanmi li, premye minis defakto Alix Didier Fils-Aime menm koripsyon ke li te fè nan pakè pòtoprens lan pou édé Nènèl pou li fè menm bagay tou pou li Krisla. Anpil moun choke. Bagay sa a afebli DCPJ anpil. Men videyo kote chèf gang Krisla ap pale ak premye minis défakto Fils-Aimé ke li di ki konnen l byen ⬇️:

Menm ka sa prezanté pou Youry Chevry Fantòm 509 ki gen avi de rechèch sou li poutan otorité leta ki nan gang yo enstale l kòm majistra pòtoprens.

Lè lapolis ak lajistis t ap chaché Chevry se kowòdonatè aktyèl KPT a Fritz Jean ki te seré l e édé l sové. Plen lòt ekzanp konsa ak moun ki nan gang, nan volè kòb léta e nan touyé Prezidan Jovenel Moise.

Yon gouvènman gang


Jodi a li klè pou tout moun KPT a ak manb gouvènman Fils-Aime a nan gang e nan koripsyon jidisyè. Yo gen yon rézo gang a kravat ki se sèvitè yo. Ka asasina militan politik Dikson Oreste montre sa klèman. Kanta pou oligak yo menm yo entouchab. Tou otan pa gen yon levekanpe kont sistèm sa Ayiti p ap ka mache byen.