Pa Anbasadè Stanley Lucas

Rezo sosyo yo kase monopòl enfòmasyon gwo medya yo

Rézo sosyo yo sa vlé di YouTube, Twitter, Facebook, Instagram, Tiktok, WhatsApp élatrye revolisyoné e démokratizé aksè ak distribisyon enfòmasyon. Mass pèp toupatou nan mond lan gen aksè imédya san filtè a tout enfòmasyon sosyal, ekonomik, politik e kiltirèl k ap dévelope sou telefòn yo, iPad ou laptòp yo. Réyalité sa diminyé anpil infliyans médya tradisyonèl yo.

Nan kad péyi dayiti gen yon nouvo jenerasyon jènn ki poko gen 30 lané ki okipé yon espas konsiderab sou rézo yo. Pami yo ou jwen:

-Fouko sou Tak 509Info

-BerthoJimmy sou Afè Bon TV

-Busta John TV

-Tripotay Lakay

-Ak plizyè lòt…

Oligak yo rayi endepandans youtoubè yo
Oligak yo rayi emisyon endépandan YouToubè tankou Fouko ki sou Tak 509, Info Bertho, Jimmy Afè Bon TV, Busta John TV, Tripotay elatrye paské yo pa rété ak pèson e yo di bagay yo tou kri san filtè. Pèp la renmen sa.

Youtoubè yo pa nan mandé oligak ak pèson pèmisyon sou sa yo ka ou paka palé. Youtoubè yo se yo ki mèt tèt yo. Yo pa rété a pèson. Nan emisyon tradisyonèl yo gen kèk ladan yo se oligak ki mèt yo, patron yo, bòss yo.

Lè oligak yo santi enpak Youtoubè yo wè pou kontrekaré Youtoubè yo, oligak yo té mété 3 emisyon medya tradisyonèl yo kontwòlé anfas Youtoubè yo pou diminyé enfliyans yo. Sa pa maché. Aprésa oligak yo te voyé 3 jounalis tradisyonèl enfiltré Youtoubè yo pou saboté yo andédan. Yo echwé. Aprésa yo esayé ralé Youtoubè yo nan regwoupman pou valé yo sa pa maché. Finalman oligak yo voyé kèk gang a kravat tankou Kato vinn menasé touyé yo ak gang. Lè yon gang a kravat Ayiti di sou radyo poukisa ou pa vinn atè a, se yon menas dirèk sou lavi w e lavi fanmi w yo fè. Gang a kravat sa yo kriminèl anpil.

Ti jènn Youtoubè sa yo entélijan anpil yo te gentan wè démach magouyè mikro ki vann konsyans yo bay oligak. Yo komprann menas yo tou. Lè tout kou sa yo pa maché oligak yo voyé youn nan chen de gad yo genyen nan mikro kap reyabilité gang a kravat tankou Chevry, Nènèl, Kato ataké Youtoubè yo.

Oligak yo sèvi ak lajan pou kontwole emisyon radio yo

Ajeneral oligak yo an fonksyon de kòb yo péyé e kontra yo fè ak kèk emisyon sou radyo tradisyonèl, oligak yo gen otorité pou detèminé ki tèm ki dwé diskité nan mikro, oligak yo désidé tou kiyès émisyon yo dwe envité e kiyès yo pa dwé envité nan emisyon kap fèt sou radyo. Pa ekzanp radyo ak emisyon oligak kontwòlé nèt ak kout kòb pa kapab gen déba kontradiktwa nan yo. Émisyon sa yo pa janm gen oken pozisyon de prensip, pa gen eta dam, se kòb oligak bay ki detèminé pozisyon yo. Sa tèlman chokan lè sa fèt oditè yo sézi e wè anba yo menm lè yo fè jwèt malen. Gen emisyon pa ekzanp ki pap janm envité Stanley Lucas ki pananrans ak oligak kriminèl kap krazé Ayiti.

Yon lòt ekzanp kontwòl oligak yo se emisyon ki pap janm diskité jistis pou Prezidan Jovenel Moïse menmjan yo paka diskité pri baril petròl la ki désann a $59 dola vèt jodia menmjan yo paka diskité, analizé wòl oligak Réginald Boulos, Dimitri Vorbe, Gilbert Bigio, Jean Mary Vorbe, Edouard Baussan, Joel Deeb, Barrau, Acra elatrye nan violans e koripsyon jodia nan peyi dayiti.

Emisyon oligak kontwòlé lè yo pa fè pwomosyon koudeta kasasyon dwé sal kòmandan Samuel ak kòmandan Guy Philippe. Emisyon oligak kontwòlé toujou fokis sou révokasyon Rameau nan tèt polis la pandan yap pwotéjé Fils-Aimé ak St Cyr pitit oligak yo.

Youtoubè yo tounen yon pwoblèm pou oligak yo e sistèm apartheid enfòmasyon yo mété an Ayiti. Youtoubè yo krazé tout filtè ak blokaj enfòmasyon ak analyst oligak yo mété.

Atak machann mikro yo sou Youtoubè yo se paske oligak yo pa gen oken kontwòl ekonomik e politik sou yo.

Endepandans youtoubè yo

Youtoubè yo gen endepandans total, yo diskité sijè yo vlé, jan yo vlé e lè yo vlé san oken infliyans oligak. Youtoubè yo envité tou moun yo vlé e lè yo vlé jan yo vlé. Endepandans total sa Youtoubè yo genyen déranjé oligak yo ak sistèm nan ki abitye fè montaj nan radyo. Se nan montaj péyé sa sa yo ki fèt nan mikro pou oligak ke yo té fè tout tantativ nou konnen pou té sal karaktè Prezidan Jovenel Moïse yon fason pou yo te ka touyél 7 Jiyè 2021. Oligak yo té mété anpil kòb atè pou kanpay medyatik la te fèt kont Prezidan Jovenel Moïse. Se menm kontwòl medyatik sistèm oligak yo itilize pou bay manti pou saboté ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise. Apré asasina prezidan an oligak yo simayé manti nan mikro yo achté pou envanté istwa krim lan fèt poutèt larisi. Yon bagay ki fo.

Lè sa pa maché yo bay yon lòt manti, yo jwen 54 milyon dola vèt dwòg lakay prezidan an. Yon bagay ki fo tou. Aprésa yo envanté tout kalté manti sou fanmi prezidan an ak madanm li. Dokiman tribinal Miami montré manti bouwo yo kont fanmi prezidan an e madanm li. Oligak fè mikro ranjé kabann pou koudeta KPT 3 Avril 2024. Apré oligak achté Jij Walther Wesser Voltaire, pran kontwòl kou dapèl elatrye, mikro ranjé sa pou yo.

Youtoubè yo pa janm rantré nan lojik kòb ak bay manti nan mikro pou oligak.

Youtoubè yo toujou akonpayé pèp la ak diaspora a nan revandikasyon yo. Youtoubè yo toujou ap mété limyè sou manti oligak ak politisyen restavèk a bay e kondane krim yap fè kont sosyété a. Radyo ak emisyon endépandan pap janm ataké Youtoubè ak rézo sosyo koté déba demokratik ap fèt menmsi li pa pafè.

Gen 6 rezon ki fè oligak yo ta renmen elimine youtoubè yo

Men kèk rezon ki fè oligak yo voyé chen de gad yo tankou Roudy Sanon kap travay pou Dimitri Vorbe, Youry Chevry, Kato, Nènèl ak Espérance ataké YouToubè yo:

  1. Konviksyon Youtoubè yo nan demokrasi, lajistis, chanjman rété fè m e pa janm chanjé;
  2. Youtoubè yo maché ak jistis e revandikasyon pèp la chak jou nan chak emisyon;
  3. Youtoubè yo pa achtab menmjan a machann mikro. Yo réfizé pran dikté oligak;
  4. Verité Youtoubè se yon iritan pou tout pwojè koripsyon ak totalitè oligak ak sistèm nan;
  5. Youtoubè pa fè pati de sistèm nan oligak kontwòlé. Yo endepandan;
  6. Oligak yo paka kontwòlé ni sansiré Youtoubè paské rézo sosyo yo demokratize enfòmasyon.

Pèp la dwe batay kont oligak gwoup blakawout ak gwoup de boudon kap chaché tabli yon réjim baboukèt kap vyolé dwa ekspresyon, dwa lapawòl ke konstitisyon an bannou.