Pa AnbasadĂš Stanley Lucas
RĂ©zo sosyo yo sa vlĂ© di YouTube, Twitter, Facebook, Instagram, Tiktok, WhatsApp Ă©latrye revolisyonĂ© e dĂ©mokratizĂ© aksĂš ak distribisyon enfĂČmasyon. Mass pĂšp toupatou nan mond lan gen aksĂš imĂ©dya san filtĂš a tout enfĂČmasyon sosyal, ekonomik, politik e kiltirĂšl kap dĂ©velopĂ© sou telefĂČn yo, iPad ou laptĂČp yo. RĂ©yalitĂ© sa diminyĂ© anpil infliyans mĂ©dya tradisyonĂšl yo.
Nan kad péyi dayiti gen yon nouvo jenerasyon jÚnn ki poko gen 30 lané ki okipé yon espas konsiderab sou rézo yo. Pami yo ou jwen:
- Fouko sou Tak 509
- Info Bertho
- Jimmy sou AfĂš Bon TV
- Busta John TV
- Tripotay Lakay
- Ak plizyĂš lĂČtâŠ
Oligak yo rayi emisyon endépandan YouToubÚ tankou Fouko ki sou Tak 509, Info Bertho, Jimmy AfÚ Bon TV, Busta John TV, Tripotay elatrye paské yo pa rété ak pÚson e yo di bagay yo tou kri san filtÚ. PÚp la renmen sa.
YoutoubĂš yo pa nan mandĂ© oligak ak pĂšson pĂšmisyon sou sa yo ka ou paka palĂ©. YoutoubĂš yo se yo ki mĂšt tĂšt yo. Yo pa rĂ©tĂ© a pĂšson. Nan emisyon tradisyonĂšl yo gen kĂšk ladan yo se oligak ki mĂšt yo, patron yo, bĂČss yo.
LĂš oligak yo santi enpak YoutoubĂš yo wĂš pou kontrekarĂ© YoutoubĂš yo, oligak yo tĂ© mĂ©tĂ© 3 emisyon medya tradisyonĂšl yo kontwĂČlĂ© anfas YoutoubĂš yo pou diminyĂ© enfliyans yo. Sa pa machĂ©. AprĂ©sa oligak yo te voyĂ© 3 jounalis tradisyonĂšl enfiltrĂ© YoutoubĂš yo pou sabotĂ© yo andĂ©dan. Yo echwĂ©. AprĂ©sa yo eseyĂ© ralĂ© YoutoubĂš yo nan regwoupman pou valĂ© yo sa pa machĂ©. Finalman oligak yo voyĂ© kĂšk gang a kravat tankou Kato vinn menasĂ© touyĂ© yo ak gang. LĂš yon gang a kravat Ayiti di sou radyo poukisa ou pa vinn atĂš a, se yon menas dirĂšk sou lavi w e lavi fanmi w yo fĂš. Gang a kravat sa yo kriminĂšl anpil.
Ti jÚnn YoutoubÚ sa yo entélijan anpil yo te gentan wÚ démach magouyÚ mikro ki vann konsyans yo bay oligak. Yo komprann menas yo tou. LÚ tout kou sa yo pa maché oligak yo voyé youn nan chen de gad yo genyen nan mikro kap reyabilité gang a kravat tankou Chevry, NÚnÚl, Kato ataké YoutoubÚ yo.
Ajeneral oligak yo an fonksyon de kĂČb yo pĂ©yĂ© e kontra yo fĂš ak kĂšk emisyon sou radyo tradisyonĂšl, oligak yo gen otoritĂ© pou detĂšminĂ© ki tĂšm ki dwĂ© diskitĂ© nan mikro, oligak yo dĂ©sidĂ© tou kiyĂšs Ă©misyon yo dwe envitĂ© e kiyĂšs yo pa dwĂ© envitĂ© nan emisyon kap fĂšt sou radyo. Pa ekzanp radyo ak emisyon oligak kontwĂČlĂ© nĂšt ak kout kĂČb pa kapab gen dĂ©ba kontradiktwa nan yo. Ămisyon sa yo pa janm gen oken pozisyon de prensip, pa gen eta dam, se kĂČb oligak bay ki detĂšminĂ© pozisyon yo. Sa tĂšlman chokan lĂš sa fĂšt oditĂš yo sĂ©zi e wĂš anba yo menm lĂš yo fĂš jwĂšt malen. Gen emisyon pa ekzanp ki pap janm envitĂ© Stanley Lucas ki pananrans ak oligak kriminĂšl kap krazĂ© Ayiti.
Yon lĂČt ekzanp kontwĂČl oligak yo se emisyon ki pap janm diskitĂ© jistis pou Prezidan Jovenel MoĂŻse menmjan yo paka diskitĂ© pri baril petrĂČl la ki dĂ©sann a $59 dola vĂšt jodia menmjan yo paka diskitĂ©, analizĂ© wĂČl oligak RĂ©ginald Boulos, Dimitri Vorbe, Gilbert Bigio, Jean Mary Vorbe, Edouard Baussan, Joel Deeb, Barrau, Acra elatrye nan violans e koripsyon jodia nan peyi dayiti.
Emisyon oligak kontwĂČlĂ© lĂš yo pa fĂš pwomosyon koudeta kasasyon dwĂ© sal kĂČmandan Samuel ak kĂČmandan Guy Philippe. Emisyon oligak kontwĂČlĂ© toujou fokis sou rĂ©vokasyon Rameau nan tĂšt polis la pandan yap pwotĂ©jĂ© Fils-AimĂ© ak St Cyr pitit oligak yo.
YoutoubĂš yo tounen yon pwoblĂšm pou oligak yo e sistĂšm apartheid enfĂČmasyon yo mĂ©tĂ© an Ayiti. YoutoubĂš yo krazĂ© tout filtĂš ak blokaj enfĂČmasyon ak analyst oligak yo mĂ©tĂ©.
Atak machann mikro yo sou YoutoubĂš yo se paske oligak yo pa gen oken kontwĂČl ekonomik e politik sou yo.
YoutoubÚ yo gen endepandans total, yo diskité sijÚ yo vlé, jan yo vlé e lÚ yo vlé san oken infliyans oligak. YoutoubÚ yo envité tou moun yo vlé e lÚ yo vlé jan yo vlé. Endepandans total sa YoutoubÚ yo genyen déranjé oligak yo ak sistÚm nan ki abitye fÚ montaj nan radyo.
Se nan montaj pĂ©yĂ© sa sa yo ki fĂšt nan mikro pou oligak ke yo tĂ© fĂš tout tantativ nou konnen pou tĂ© sal karaktĂš Prezidan Jovenel MoĂŻse yon fason pou yo te ka touyĂ©l 7 JiyĂš 2021. Oligak yo tĂ© mĂ©tĂ© anpil kĂČb atĂš pou kanpay medyatik la te fĂšt kont Prezidan Jovenel MoĂŻse.
Se menm kontwĂČl medyatik sistĂšm oligak yo itilize pou bay manti pou sabotĂ© ankĂšt sou asasina Prezidan Jovenel Moise. AprĂ© asasina prezidan an oligak yo simayĂ© manti nan mikro yo achtĂ© pou envantĂ© istwa krim lan fĂšt poutĂšt larisi. Yon bagay ki fo.
LĂš sa pa machĂ© yo bay yon lĂČt manti, yo jwen 54 milyon dola vĂšt dwĂČg lakay prezidan an. Yon bagay ki fo tou. AprĂ©sa yo envantĂ© tout kaltĂ© manti sou fanmi prezidan an ak madanm li. Dokiman tribinal Miami montrĂ© manti bouwo yo kont fanmi prezidan an e madanm li. Oligak fĂš mikro ranjĂ© kabann pou koudeta KPT 3 Avril 2024. AprĂ© oligak achtĂ© Jij Walther Wesser Voltaire, pran kontwĂČl kou dapĂšl elatrye, mikro ranjĂ© sa pou yo.
YoutoubĂš yo pa janm rantrĂ© nan lojik kĂČb ak vay manti nan mikro pou oligak. YoutoubĂš yo toujou akonpayĂ© pĂšp la ak diaspora a nan revandikasyon yo. YoutoubĂš yo toujou ap mĂ©tĂ© limyĂš sou manti oligak ak politisyen restavĂšk a bay e kondane krim yap fĂš kont sosyĂ©tĂ© a. Radyo ak emisyon endĂ©pandan pap janm atakĂ© YoutoubĂš ak rĂ©zo sosyo kotĂ© dĂ©ba demokratik ap fĂšt menmsi li pa pafĂš.
Men kÚk rezon ki fÚ oligak yo voyé chen de gad yo tankou Roudy Sanon kap travay pou Dimitri Vorbe, Youry Chevry, Kato, NÚnÚl ak Espérance ataké YouToubÚ yo:
- Konviksyon YoutoubÚ yo nan demokrasi, lajistis, chanjman rété fÚ m e pa janm chanjé;
- YoutoubÚ yo maché ak jistis e revandikasyon pÚp la chak jou nan chak emisyon;
- YoutoubÚ yo pa achtab menmjan a machann mikro. Yo réfizé pran dikté oligak;
- Verité YoutoubÚ se yon iritan pou tout pwojÚ koripsyon ak totalitÚ oligak ak sistÚm nan;
- YoutoubĂš pa fĂš pati de sistĂšm nan oligak kontwĂČlĂ©. Yo endepandan;
- Oligak yo paka kontwĂČlĂ© ni sansirĂ© YoutoubĂš paskĂ© rĂ©zo sosyo yo demokratize enfĂČmasyon.
PĂšp la dwe batay kont oligak gwoup blakawout ak gwoup de boudon kap chachĂ© tabli yon rĂ©jim baboukĂšt kap vyolĂ© dwa ekspresyon, dwa lapawĂČl ke konstitisyon an bannou.
PĂȘp pa konn pĂšdi Batay………..La JenĂšs An avan….Se avni pa nou ki an danje.
JâaimeAimĂ© par 1 personne