Akoz degradasyon sitiyasyon sekirite a nan peyi a, kote anpil wout bloke ak zak vyolans ap miltipliye, konpayi Sansousi anonse li pran desizyon pou l mete fren sou tout aktivite li yo jiskaske gen amelyorasyon.

Nan yon nòt li mete deyò, konpayi an fè konnen li dispoze reprann sèvis li yo le pli vit ke kondisyon sekirite yo pèmèt sa.

Pou raple, Ayiti ap travèse youn nan pi gwo kriz ensekirite nan listwa li, kote gang ame pran kontwòl plizyè katye nan kapital la epi gaye nan kèk vil pwovens. Leta, ki parèt depase pa sitiyasyon an, oblije abandone kèk zòn kote bandi yo deja enstale.

Konpayi Sansousi presize tou ke tout tikè kliyan te achte depi 22 mas 2025 ap toujou valab lè sèvis yo reprann.

Delson Délice