Pa Anbasadè Stanley Lucas
Yon oligak se yon pèsonaj pwuisan ki fè pati de yon oligachi.
Oligachi a se yon réjim politik kote tout pouvwa nan men yon ti gwoup moun, endividi pou fanmi ki fè pati de klas dominant yon peyi. Yo gen anpil kontwòl sou pouvwa ekonomik e pouvwa politik. Sistèm sa chita sou eksklizyon ak eksplwatasyon ekonomik majorité a, tande sa ⬇️ :
- https://youtu.be/gkxq_Uohvu4?si=bFnrTmNeQQfNyoDz
- https://youtu.be/jRPUngIx-mo?si=aZ4Tlg-B-RsP9i7N
- https://youtu.be/-eVAlu-3ZhY?si=ZIbIiy1buwxoKrcf
Oligak Ayiti yo fè pati de 13 fanmi ki gen kontwòl sou 3 pouvwa leta e yo kontwòle 95% aktivité ékonomik peyi dayiti. Yo kontwòlé twaka kòb léta e yo gen tout monopòl ekonomik e komèsyal yo. Men 2 ekzanp ⬇️:
1-https://youtu.be/SWKZwMle8Aw?si=Np0si_KibYC4cLVo
2-https://youtu.be/bLadubUZevI?si=UfCc0Z0-K-mBmDBN

Anpil nan fanmi sa yo rich a travè rakèt, kontreband, maché nwa, trafik dwòg, volè kòb ak byen leta, trafik zam ak bal, trafik moun, kidnaping, blanchi kòb kokayine, manipilasyon to de chanj, touyé, kidnapé, krazé, brizé, boulé elatryé. Yon oligak se yon atoufè, yon kriminèl terib. Oligak yo gen yon grenn moral se fè kòb e tout mwayen bon pou fè kòb. Pagen anyen yo pap fè pou kòb. Yap boule, kraze, brize, kidnape e touye pou kòb. Nasyonalite yo se kòb menm lè yo gen plizyè paspò etranjé anplis de pasopò Ayisien yo genyen. Bondye yo se kòb. Fanmi yo se kòb. Si sa nesesè menm peyi dayiti ak tout richès ki ladanl yap vann yo pou kob.
Yo san santiman. Yo pa gen emosyon. Yo kanzo, yo sinik. Gen kèk ladan yo ki sikopat. Afè drapo, souverenete, Dessalines, Toussaint, Capois, Christophe, 18 Novanm, 1 Janvier, 18 Mai kitémélé yo. Se pousa nan jefò pou détwui valè sosyete a kwè ladan yo, oligak yo voyé chimè, gang restavèk al boulé, krazé, brizé jou sa yo ki sakré pou ou tankou jou fèt endepandans, mò Dessalines, fèt drapo. Yap sal nou tout avèk awogans.

Oligak san santiman sa yo pap janm kapab gade ni komprann malere kap soufri nan lari a. Oligak yo pap janm gadé yo tankou moun. Pou yo maléré se yon machandiz jan atik 44 kòd nwa ki se baz lesklavaj défini sa.

Kontwòl politik oligak Ayiti
Oligak yo gen yon relasyon mèt ak restavèk avèk majorite lidè politik, palmantè, minis, Jij ak manb sosyete sivil ke yo achte lajan cash si se pa yon machine, yon kay yo bayo pou achté konsyans yo. Men kezanp kèk restavèk ki krazé, brizé, boulé pou yo ⬇️:
Nou sonje jan senatè Simon Desras sou Scoop FM te eksplike jan 7 fanmi oligak Petyonvil kontwòle 23 sou 29 senatè nan palman an. Tandé ⬇️:
https://youtu.be/qXOAWQfpWxM?si=YvIUmEhR9vZBaqw1
Kòm ekzanp patron Antonio Cheramy alias Kato se Dimitri ak Jean Mary Vorbe. Patron Nènèl Cassy se Deeb ak Pasha Vorbe. Patron Youri Latortue se Réginald Boulos elatrye.
Se menm relasyon bòss restavèk oligak yo genyen ak lidè politik tankou André Michel, Samuel Madistin, Moïse Jean Charles, Jean Bertrand Aristide, Jocelerme Privert elatrye.

Kontwòl senatè ak dépité pèmèt oligak yo bloke vòt bidjè, lwa elektoral, ratifikasyon premye minis, akò kouran Taiwan nan palman an elatrye. Pouw komprann réyalité sa gadé videyo sa ⬇️:
Nan sistèm jidisyè a oligak yo gen kontwòl anpil Jij ak Komisè gouvènman. Menm grefye yo genyen pou fè disparèt dosye pou yo. Oligak yo sèvi ak yon fo dosye 5 milyon dola vèt kont Prezidan Jovenel Moise pou enkilpe l. Yo sèvi ak Jij Jean Roger Noëlcius pou fè manda ilegal kont li. Oligak yo sèvi ak Jij kasasyon Mecène pou fè tantativ koudeta. Oligak sèvi ak Jij Ivickel Dabrésil pou fè tantativ touye Prezidan Jovenel Moise nan abitasyon Tibwa. Oligak yo sèvi ak Jij kasasyon Wendelle Coq pou touye prezidan an 7 Jiyè 2021. Oligak la sèvi a minis jistis Bertho Dorce pou sabote ekstradisyon kriminèl ki patisipe nan krim nan epi manipile ankèt sou asasina prezidan an. Oligak la nonmen yon Jij Verite-Inite Walther Wesser Voltaire pou trafike rapò ak òdonans asasina prezidan an ke 2 avoka Boulos ekri pou li. Oligak la mete achete pòs pou premye minis defakto Fils-Aime epi mete Patrick Pelissier minis jistis pou sabote e manipile ankèt ak desizyon nan kou dapèl pòtoprens. Se menm oligak la ki mete dwayen tribinal premyè enstans pòtoprens, 6 patizan yo nan CSPJ e 8 nan kou kasasyon. Lajistis pouri Ayiti nan men oligak. Gadé ti videyo sa ⬇️:
https://youtu.be/GjkqW_nS1W4?si=5rAdLuGtbQRwC9U1
Nan mitan sosyete sivil la oligak yo kontwòle yo a travè kòb yo bay. Oligak yo gen gwo infliyans sou atis yo, sou laprès, sou legliz yo, sou oganizasyon dwa moun, sou bawo avoka. Se konsa oligak yo monte 3 enfrastrikti pou fè koudeta: Montana, CPT epi kasasyon. Nan rezo sosyete sivil sa yo ou jwen Magalie Comeau Denis, Emmanuela Douyon, Samuel Madistin, Pierre Espérance, Gédéon Jean. Oligak sèvi ak dwazimen, kèk machan mikro pou detwui tout moun kap kesyoné sistèm nan. Sou lòd Boulos ak Vorbe Pierre Esperance fè tout dosye dwa moun Privert disparèt pou li te ka prezidan pwovizwa. Dimitri Vorbe monté avèk atis e sosyété sivil ki rété avèk li kanpay kòt kòb pétrokaribé aloske 32% nan kòb pétrokaribé a pasé nan blakawout li bay. Menmjan tou yo fè montaj nan dosye lasaline pou yo te ka fè manda ilegal ki pral touyé Prezidan Jovenel Moïse. Gadé ⬇️:

Nan semènn nan oligak Boulos réyini ak G-9 branch Simon Pelé yap préparé nouvo violans nouvo atak. Dimitri Vorbe voyé 2 mesajé li, yon chantè, yon ansyen senatè al poté menm kalté mesaj bay gang G-Pèp ak Izo.
Oligak yo reprezanté yon menas, yon kansè pou péyi dayiti. Pèp la dwe mété yon pwen final a menas sa pou sekirité ak lapè ka retounen Ayiti.